Sòm 124
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si Seyè a pa t' kanpe pou nou, ki jan sa ta ye! Se pou pèp Izrayèl la rekonèt sa. 2 Wi, si Seyè a pa t' kanpe pou nou, lè moun yo te leve dèyè nou an, 3 yo ta vale nou tou vivan, lè yo te move sou nou an. 4 Dlo ta kouvri nou, lavalas ta pase sou nou. 5 Wi, lavalas ta pote nou ale. 6 Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou. 7 Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale. 8 Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Sòm 124:1-2
PSALM 124
Psa 124:1-8. The writer, for the Church, praises God for past, and expresses trust for future, deliverance from foes.
1-2. on our side--for us (Psa 56:9).
now--or, "oh! let Israel"
Sòm 124:3
Sòm 124:4-5
Sòm 124:6-7
Sòm 124:8
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
