Pwovèb 17

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Pito ou manje yon grenn bannann chèch ak kè poze pase pou ou fè gwo fèt nan mitan dezagreman. 2 Yon esklav ki gen konprann va chèf sou yon pitit ki fè papa l' wont. L'a jwenn pa l' nan eritaj papa a tankou tout pitit. 3 Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun. 4 Mechan yo toujou prèt pou koute moun k'ap di move pawòl. Zòrèy mantò yo toujou louvri pou koute moun k'ap bay manti. 5 Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'. 6 Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit. 7 Yon moun sòt pa ka di anyen ki bon. Konsa tou, yon moun serye pa nan bay manti. 8 Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè. 9 Si ou vle moun renmen ou, padonnen lè yo fè ou mal. Si w'ap mache repete bagay moun fè ki mal, w'ap mete zanmi dozado. 10 Lè ou fè yon moun ki gen konprann repwòch, sa touche kè l'. Men, ata san kout baton p'ap chanje yon moun sòt. 11 Mechan toujou ap fè rebelyon, men y'a voye yon sanmanman regle avè l'. 12 Pito ou kontre ak yon manman lous k'ap chache pitit li pase pou ou tonbe sou yon moun fou foli moute. 13 Si ou aji mal avèk moun ki fè ou byen, malè ap toujou rive lakay ou. 14 Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou. 15 Se de kalite moun Seyè a pa ka sipòte: moun k'ap kondannen inonsan ak moun k'ap pran pou mechan yo. 16 Yon moun sòt te mèt gen kont lajan nan men l', li p'ap janm ka gen konesans. Li pa gen konprann. 17 Yon bon zanmi p'ap janm trayi. Jou malè l'ap tankou yon frè pou ou. 18 Fòk yon moun pèdi tèt li nèt pou l' garanti dèt yon lòt moun. 19 Moun ki renmen chache kont renmen fè sa ki mal. Moun k'ap pale avèk awogans, se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo. 20 Yon moun ki pa gen bon lide nan tèt li p'ap janm gen kè kontan. Moun ki gen move lang ap toujou nan traka. 21 Se lapenn pou yon papa ki fè yon pitit ki san konprann. Papa yon pitit sòt p'ap janm gen kè kontan. 22 Kè kontan bay lasante. Men, lè ou kagou, w'ap deperi sou pye. 23 Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt. 24 Yon moun ki gen bon konprann toujou ap chache konesans. Men, moun sòt pa konn sa li vle. 25 Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l', se gwo lapenn pou manman l' ki fè l'. 26 Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal. 27 Moun ki gen konesans pa nan pale anpil. Moun ki rete dousman se moun ki gen konprann. 28 Moun ki gen lespri pa janm cho pou pale. Men moun sòt, lè yo rete ak bouch yo fèmen, yo pase pou moun ki gen konprann.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Pwovèb 17:1

Pr 17:1-28.

1. sacrifices--or, "feasts" made with part of them (compare Pr 7:14; Le 2:3; 7:31).

with--literally, "of."

strife--its product, or attendant.

Pwovèb 17:2

2. (Compare Pr 14:35).

causeth shame--(Pr 10:5).

shall ... inheritance--that is, share a brother's part (compare Nu 27:4, 7).

Pwovèb 17:3

3. God only knows, as He tries (Psa 12:6; 66:10) the heart.

Pwovèb 17:4

4. Wicked doers and speakers alike delight in calumny.

Pwovèb 17:5

5. (Compare Pr 14:31).

glad at calamities--rejoicing in others' evil. Such are rightly punished by God, who knows their hearts.

Pwovèb 17:6

6. Prolonged posterity is a blessing, its cutting off a curse (Pr 13:22; Psa 109:13-15), hence children may glory in virtuous ancestry.

Pwovèb 17:7

7. Excellent speech--(Compare Margin). Such language as ill suits a fool, as lying (ought to suit) a prince (Pr 16:12, 13).

Pwovèb 17:8

8. One so corrupt as to take a bribe evinces his high estimate of it by subjection to its influence (Pr 18:16; 19:6).

Pwovèb 17:9

9. seeketh love--(Compare Margin). The contrast is between the peace-maker and tale-bearer.

Pwovèb 17:10

10. Reproof more affects the wise than severe scourging, fools.

Pwovèb 17:11

11. Such meet just retribution (1Ki 2:25).

a cruel messenger--one to inflict it.

Pwovèb 17:12

12. They are less rational in anger than wild beasts.

Pwovèb 17:14

14. letteth ... water--as a breach in a dam.

before ... meddled with--before strife has become sharp, or, by an explanation better suiting the figure, before it rolls on, or increases.

Pwovèb 17:15

15. abomination ... Lord--as reversing His method of acting (Pr 3:32; 12:2).

Pwovèb 17:16

16. Though wealth cannot buy wisdom for those who do not love it, yet wisdom procures wealth (Pr 3:16; 14:24).

Pwovèb 17:17

17. To the second of these parallel clauses, there is an accession of meaning, that is, that a brother's love is specially seen in adversity.

Pwovèb 17:18

18. (Compare Pr 6:1-5; 11:15).

in the presence, &c.--that is, he either fails to consult his friend, or to follow his advice.

Pwovèb 17:19

19. strife--contention is, and leads to, sin.

he that exalteth his gate--gratifies a vain love of costly building.

seeketh--or, "findeth," as if he sought (compare "loveth death," Pr 8:36).

Pwovèb 17:20

20. The second clause advances on the first. The ill-natured fail of good, and the cavilling and fault-finding incur evil.

Pwovèb 17:21

21. (Compare Pr 23:24). Different words are rendered by "fool," both denoting stupidity and impiety.

Pwovèb 17:22

22. (Compare Pr 14:30; 15:13). The effect of the mind on the body is well known.

medicine--or, "body," which better corresponds with "bone."

drieth--as if the marrow were exhausted.

Pwovèb 17:23

23. a gift ... bosom--Money and other valuables were borne in a fold of the garment, called the bosom.

to pervert--that is, by bribery.

Pwovèb 17:24

24. Wisdom ... him--ever an object of regard, while a fool's affections are unsettled.

Pwovèb 17:25

25. a grief--or cross, vexation (compare Pr 17:21; 10:1).

Pwovèb 17:26

26. Also--that is, Equally to be avoided are other sins: punishing good subjects, or resisting good rulers.

Pwovèb 17:27-28

27-28. Prudence of speech is commended as is an excellent or calm spirit, not excited to vain conversation.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.