Pwovèb 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Bon konprann yon fanm fè kay li mache byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li. 2 Moun ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Seyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen. 3 Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo. 4 Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt. 5 Yon bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite. 6 Moun ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil. 7 Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen. 8 Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe. 9 Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo. 10 Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou. 11 Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope. 12 Chemen ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò. 13 Ou mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere. 14 Moun k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li. 15 Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l'. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l'. 16 Moun ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon. 17 Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kè pòpòz. 18 Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans. 19 Move moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo. 20 Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi. 21 Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere! 22 Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou. 23 Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv. 24 Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt. 25 Lè yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo. 26 Lè yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l' apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kot Bondye. 27 Gen krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje. 28 Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen. 29 Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt. 30 Lè ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo. 31 Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye. 32 Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje. 33 Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen. 34 Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon. 35 Wa a kontan lè moun k'ap travay avè l' yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 14:1
1. Every wise, &c.--literally, "The wisdoms" (compare Pr 9:1) "of women," plural, a distributive form of speech.
buildeth ... house--increases wealth, which the foolish, by mismanagement, lessen.
Pwovèb 14:2
2. uprightness--is the fruit of fearing God, as falsehood and ill-nature (Pr 2:15; 3:32) of despising Him and His law.
Pwovèb 14:3
3. rod of pride--that is, the punishment of pride, which they evince by their words. The words of the wise procure good to them.
Pwovèb 14:4
Pwovèb 14:5
Pwovèb 14:6
Pwovèb 14:7
7. Avoid the society of those who cannot teach you.
Pwovèb 14:8
8. Appearances deceive the thoughtless, but the prudent discriminate.
Pwovèb 14:9
9. Fools make a mock at sin--or, "Sin deludes fools."
righteous ... favour--that is, of God, instead of the punishment of sin.
Pwovèb 14:10
10. Each one best knows his own sorrows or joys.
Pwovèb 14:11
11. (Compare Pr 12:7). The contrast of the whole is enhanced by that of house and tabernacle, a permanent and a temporary dwelling.
Pwovèb 14:12
12. end thereof--or, "reward," what results (compare Pr 5:4).
ways of death--leading to it.
Pwovèb 14:13
13. The preceding sentiment illustrated by the disappointments of a wicked or untimely joy.
Pwovèb 14:14
14. filled ... ways--receive retribution (Pr 1:31).
a good man ... himself--literally, "is away from such," will not associate with him.
Pwovèb 14:15
15. The simple ... word--He is credulous, not from love, but heedlessness (Pr 13:16).
Pwovèb 14:16
Pwovèb 14:17
17. He ... angry--literally, "short of anger" (compare Pr 14:29, opposite idea).
man ... hated--that is, the deliberate evildoer is more hated than the rash.
Pwovèb 14:18
18. inherit--as a portion (compare Pr 3:35).
are crowned--literally, "are surrounded with it," abound in it.
Pwovèb 14:19
19. Describes the humbling of the wicked by the punishment their sins incur.
Pwovèb 14:20
20. This sad but true picture of human nature is not given approvingly, but only as a fact.
Pwovèb 14:21
21. For such contempt of the poor is contrasted as sinful with the virtuous compassion of the good.
Pwovèb 14:22
Pwovèb 14:23
23. labour--painful diligence.
talk ... penury--idle and vain promises and plans.
Pwovèb 14:24
24. (Compare Pr 3:16).
foolishness ... folly--Folly remains, or produces folly; it has no benefit.
Pwovèb 14:25
25. Life often depends on truth-telling.
a deceitful ... lies--He that breathes out lies is deceit, not to be trusted (Pr 14:5).
Pwovèb 14:26
Pwovèb 14:27
27. (Compare Pr 13:14).
fear of the Lord--or, "law of the wise," is wisdom (Psa 111:10).
Pwovèb 14:28
28. The teaching of a true political economy.
Pwovèb 14:29
Pwovèb 14:30
30. A sound heart--both literally and figuratively, a source of health; in the latter sense, opposed to the known effect of evil passions on health.
Pwovèb 14:31
Pwovèb 14:32
Pwovèb 14:33
Pwovèb 14:34
34. Righteousness--just principles and actions.
exalteth--raises to honor.
is a reproach--brings on them the ill-will of others (compare Pr 13:6).
Pwovèb 14:35
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
