Pwovèb 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l' pi eksite. 2 Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans. 3 Je Seyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan. 4 Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre. 5 Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo. 6 Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo. 7 Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo. 8 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'. 9 Seyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li. 10 Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri. 11 Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun. 12 Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy. 13 Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou. 14 Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans. 15 Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou. 16 Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje. 17 Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou. 18 Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè. 19 Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'. 20 Yon pitit byen elve fè kè papa l' kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l'. 21 Moun ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat. 22 Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen. 23 Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon! 24 Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a. 25 Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo. 26 Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l' plezi pou l' tande pawòl moun ki san repwòch. 27 Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan. 28 Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl. 29 Lè mechan yo ap lapriyè, Seyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l' koute sa moun ki mache dwat yo ap di l'. 30 Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bon nouvèl. 31 Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann. 32 Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann. 33 Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Pwovèb 15:1
Introduction
The soft answer. Useful correction. Stability of the righteous. The contented mind. The slothful man. The fool. The covetous. The impious. The wicked opposed to the righteous; to the diligent; and to the man who fears the Lord.
Verse 1
A soft answer - Gentleness will often disarm the most furious, where positive derangement has not taken place; one angry word will always beget another, for the disposition of one spirit always begets its own likeness in another: thus kindness produces kindness, and rage produces rage. Universal experience confirms this proverb.
Pwovèb 15:2
Verse 2
Useth knowledge aright - This is very difficult to know: - when to speak, and when to be silent; what to speak, and what to leave unspoken; the manner that is best and most suitable to the occasion, the subject, the circumstances, and the persons. All these are difficulties, often even to the wisest men. Even wise counsel may be foolishly given.
Pwovèb 15:3
Verse 3
The eyes of the Lord are in every place - He not only sees all things, by his omnipresence, but his providence is everywhere. And if the consideration that his eye is in every place, have a tendency to appal those whose hearts are not right before him, and who seek for privacy, that they may commit iniquity; yet the other consideration, that his providence is everywhere, has a great tendency to encourage the upright, and all who may be in perilous or distressing circumstances.
Pwovèb 15:4-7
Verse 4
A wholesome tongue is a tree of life - Here again is an allusion to the paradisiacal tree, עץ חיים ets chaiyim, "the tree of lives."
Pwovèb 15:8-10
Verse 8
The sacrifice of the wicked is an abomination - Even the most sedulous attendance on the ordinances of God, and pert ormance of the ceremonies of religion, is an abomination to the Lord, if the heart be not right with him, and the observance do not flow from a principle of pure devotion. No religious acts will do in place of holiness to the Lord.
The prayer of the upright is his delight - What a motive to be upright; and what a motive to the upright to pray! But who is the upright? The man who is weary of sin, and sincerely desires the salvation of God; as well as he who has already received a measure of that salvation. Hence it is said in the next verse, "He loveth him that followeth after righteousness."
Pwovèb 15:11-12
Verse 11
Hell and destruction - שאול ואבדון sheol vaabaddon. Hades, the invisible world, the place of separate spirits till the resurrection: and Abaddon, the place of torment; are ever under the eye and control of the Lord.
Pwovèb 15:13-15
Verse 13
By sorrow of the heart the spirit is broken - Every kind of sorrow worketh death, but that which is the offspring of true repentance. This alone is healthful to the soul. The indulgence of a disposition to sighing tends to destroy life. Every deep sigh throws off a portion of the vital energy.
Pwovèb 15:16
Verse 16
Better is little with the fear of the Lord - Because where the fear of God is, there are moderation and contentment of spirit.
Pwovèb 15:17-18
Verse 17
Better is a dinner of herbs - Great numbers of indigent Hindoos subsist wholly on herbs, fried in oil, and mixed with their rice.
Pwovèb 15:19-21
Verse 19
The way of the slothful man is as a hedge of thorns - Because he is slothful, he imagines ten thousand difficulties in the way which cannot be surmounted; but they are all the creatures of his own imagination, and that imagination is formed by his sloth.
Pwovèb 15:22-23
Verse 22
But in the multitude of counsellors - See note on Pro 11:13 (note). But רב יועצים rob yoatsim might be translated, chief or master of the council, the prime minister.
Pwovèb 15:24
Verse 24
The way of life is above to the wise - There is a treble antithesis here:
1. The way of the wise, and that of the fool.
2. The one is above, the other below.
3. The one is of life, the other is of death.
Pwovèb 15:25-26
Verse 25
The house of the proud - Families of this description are seldom continued long. The Lord hates pride; and those that will not be humble he will destroy.
Pwovèb 15:27
Verse 27
He that is greedy of gain - He who will be rich; troubleth his own house - he is a torment to himself and his family by his avariciousness and penury, and a curse to those with whom he deals.
But he that hateth gifts - Whatever is given to pervert judgment.
Pwovèb 15:28
Verse 28
The heart of the righteous studieth to answer - His tongue never runs before his wit, he never speaks rashly, and never unadvisedly; because he studies - ponders, his thoughts and his words.
Pwovèb 15:29
Verse 29
The Lord is far from the wicked - He is neither near to hear, nor near to help.
Pwovèb 15:30
Verse 30
The light of the eyes rejoiceth the heart - Nature and art are continually placing before our view a multitude of the most resplendent images, each of which is calculated to give pleasure. The man who has a correct judgment, and an accurate eye, may not only amuse, but instruct himself endlessly, by the beauties of nature and art.
Pwovèb 15:31
Verse 31
The ear that heareth the reproof - That receives it gratefully and obeys it. "Advice is for them that will take it," so says one of our own old proverbs; and the meaning here is nearly the same.
Pwovèb 15:32
Verse 32
Despiseth his own soul - That is constructively; for if the instruction lead to the preservation of life and soul, he that neglects or despises it throws all as much in the way of danger as if he actually hated himself.
Pwovèb 15:33
Verse 33
The fear of the Lord - See note on Pro 1:7. Much is spoken concerning this fear;
1. It is the beginning of wisdom.
2. It is also the beginning of knowledge.
3. It is the instruction of wisdom. Wisdom derives its most important lessons from the fear of God. He who fears God much, is well taught.
And before honor is humility - That is, few persons ever arrive at honor who are not humble; and those who from low life have risen to places of trust and confidence, have been remarkable for humility. We may rest assured that the providence of God will never elevate a proud man; such God beholds afar off. He may get into places of trust and profit, but God will oust him, and the people will curse him, and curse his memory. So will it ever be with bad ministers and advisers of the crown.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
