Pwovèb 13

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Yon pitit gason ki gen bon konprann ap koute lè papa l' ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l' obsèvasyon pou korije l'. 2 Rekonpans yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste. 3 Veye pawòl ki soti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo. 4 Parese p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen. 5 Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezonè pou tèt yo. 6 Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt. 7 Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin. 8 Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'. 9 Moun k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri. 10 Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann. 11 Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit. 12 Lè ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou. 13 Lè ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo. 14 Sa moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje. 15 Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di. 16 Tout moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt. 17 Yon move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze. 18 Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo. 19 Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an. 20 Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm. 21 Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans. 22 Yon moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li. 23 Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou. 24 Si ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l'. Si ou renmen l', se pou ou korije l'. 25 Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Pwovèb 13:2

2. shall eat--that is, obtain (Pr 12:14).

transgressors--as in Pr 2:22.

violence--or, "mischief" to themselves.

Pwovèb 13:3

3. He ... mouth ... life--because evil speeches may provoke violence from others.

he that openeth wide his lips shall have destruction--On last clause, compare Pr 10:14.

Pwovèb 13:5

5. loathsome ... shame--better, causeth shame and reproach (compare Pr 19:26), by slander, &c., which the righteous hates.

Pwovèb 13:6

6. A sentiment of frequent recurrence, that piety benefits and sin injures.

Pwovèb 13:7

7. In opposite ways men act hypocritically for gain of honor or wealth.

Pwovèb 13:8

8. Riches save some from punishment, while others suffer because they will not heed the rebuke of sloth, which makes and keeps them poor.

Pwovèb 13:9

9. light ... lamp--prosperity; the first, the greater, and it

rejoiceth--burns brightly, or continues, while the other, at best small, soon fails.

Pwovèb 13:10

10. The obstinacy which attends self-conceit, produces contention, which the well-advised, thus evincing modesty, avoid.

Pwovèb 13:11

11. by vanity--or, "nothingness," that is, which is vain or useless to the public (as card playing or similar vices).

gathereth ... labour--(Compare Margin), little by little, laboriously.

Pwovèb 13:12

12. desire cometh--is realized.

a tree of life--or, "cause of happiness."

Pwovèb 13:13

13. the word--that is, of advice, or, instruction (compare Pr 10:27; 11:31).

Pwovèb 13:14

14. (Compare Pr 10:11).

fountain--or, "source of life."

to depart--(compare Pr 1:2-4), or, "for departing," &c., and so gives life.

Pwovèb 13:15

15. Right perception and action secure good will, while evil ways are difficult as a stony road. The wicked left of God find punishment of sin in sinning.

hard--or, "harsh" (compare Hebrew: De 21:4; Jr 5:15).

Pwovèb 13:16

16. dealeth--acts with foresight.

a fool ... folly--for want of caution.

Pwovèb 13:17

17. A wicked--or, "unfaithful"

messenger falleth into mischief--or, "by mischief," or "evil," and so his errand fails. Contrasted is the character of the faithful, whose faithfulness benefits others.

Pwovèb 13:19

19. Self-denial, which fools will not endure, is essential to success.

Pwovèb 13:20

20. The benefits of good and evil of bad society are contrasted.

Pwovèb 13:21

21. (Compare Pr 11:31).

good ... repaid--or, "He (God) will repay good."

Pwovèb 13:22

22. wealth ... just--While good men's estates remain in their families, God so orders that the gains of sinners enure to the just (compare Pr 28:8; Psa 37:18, 22, 26, &c.).

Pwovèb 13:23

23. The laboring poor prosper more than those who injudiciously or wickedly strive, by fraud and violence, to supersede the necessity of lawful labor.

Pwovèb 13:24

24. spareth--or, "withholds."

rod--of correction.

hateth--or, acts as if he hated him (compare Pr 3:12; 8:36).

chasteneth ... betimes--or, "diligently seeks for him all useful discipline."

Pwovèb 13:25

25. The comparative temporal prosperity of the righteous and wicked, rather than contentment and discontent, is noted.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.