Resansman 6

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 2 -Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon gason osinon yon fanm fè yon ve espesyal, ve nazareyen yo, pou li viv apa nèt pou Seyè a, 3 se pou l' rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l'. Ni li p'ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p'ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p'ap ka manje. 4 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa manje anyen ki soti nan pye rezen, pa menm grenn rezen an ak po a. 5 Pandan tout tan li fè ve pou l' viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l' kenbe ve a pandan tout tan l'ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l' kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo. 6 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri, 7 pa menm kadav papa l', osinon kadav manman l', kadav frè l', osinon kadav sè li. Li pa fèt pou li pwoche bò kadav moun mouri pou li pa mete tèt li nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye, paske avèk cheve ki nan tèt l' a, sa vle di l'ap viv apa nèt pou Bondye. 8 Pandan tout tan l'ap viv apa pou Bondye a, se pou l' rete apa nèt pou Bondye. 9 Si yon moun rete konsa, li tonbe li mouri devan yon nazareyen, devan yon moun ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a san koupe cheve nan tèt li, nazareyen an ap twouve l' nan kondisyon pou l' pa ka sèvi Bondye ankò. Se pou l' tann sèt jou anvan l'a nan kondisyon pou l' ka fè sèvis Bondye ankò. Jou sa a, l'a koupe tout cheve nan tèt li. 10 Sou wityèm jou a, l'a pran de toutrèl osinon de pijon, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. 11 Prèt la va ofri yo bay Seyè a, yonn pou repare sa li te fè ki mal la, lòt la pou yo boule sou lotèl la. Se konsa l'a ofri bèt pou yo touye pou peche moun lan fè a akòz kontak li te gen avèk kadav moun mouri a. 12 Nonm lan va refè ve li te fè pou l' viv apa nèt pou Bondye a. Tou sa li te fè anvan an pa vo anyen ankò, paske ve li te fè a gate. Epi l'a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la. 13 Men sèvis yon nazareyen va fè lè tan pou l' kenbe ve l' te fè a bout. Y'a mennen l' devan pòt Tant Randevou a. 14 L'a ofri twa bèt ki san okenn enfimite bay Seyè a: yon ti belye mouton ki poko gen ennan, yon ti fenmèl mouton ki poko gen ennan ak yon gwo belye mouton. Ti belye mouton an va sèvi ofrann pou boule nèt pou Seyè a, ti fenmèl mouton va sèvi ofrann pou wete peche, ak gwo belye mouton an va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. 15 L'a ofri tou yon panyen pen san ledven: pen gwo mit fèt avèk farin frans melanje ak lwil oliv ak ti pen plat ak lwil pase sou yo, ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo. 16 Prèt la va ofri yo pou li devan lotèl Seyè a. L'a fè sèvis pou repare sa moun lan te fè ki mal la, epi l'a boule ofrann l' a nan dife. 17 L'a touye belye mouton an, l'a ofri l' pou di Bondye mèsi ansanm ak panyen pen san ledven an. Lèfini, l'a fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo a. 18 Lè sa a, nazareyen an va koupe tout cheve nan tèt li devan pòt Tant Randevou a, l'a pran cheve yo, l'a mete yo nan dife kote ofrann pou di Bondye mèsi a ap boule. 19 Apre nazareyen an fin fè sa, prèt la va pran jigo mouton yo te kwit la, yon pen gwo mit ak yon ti pen plat nan panyen an, l'a mete tou sa nan pla men nazareyen an. 20 Lèfini, prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y'a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazareyen an gen dwa bwè diven. 21 Se tout regleman yo sa pou moun ki fè ve nazareyen yo swiv. Y'a fè ofrann yo bay Seyè a dapre ve yo te fè pou yo viv apa nèt pou Seyè a. Men, si yon moun pwomèt pou li ofri lòt bagay anplis sa yo mande l' la a, se pou l' fè tou sa li te pwomèt pou l' fè a. 22 Seyè a di Moyiz konsa: 23 -Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a di yo men sa pou nou di lè n'ap beni pèp Izrayèl la: 24 Se pou Seyè a beni nou, se pou l' pran swen nou. 25 Se pou Seyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l' gen pitye pou nou. 26 Se pou Seyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l' ban nou kè poze. 27 Se konsa y'a nonmen non m', y'a lapriyè nan pye m' pou pèp Izrayèl la, epi m'a beni yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 6:2-8

Nu 6:1-22. The Law of the Nazarite in His Separation.

2-8. When either man or woman ... shall vow a vow of a Nazarite--that is, "a separated one," from a Hebrew word, "to separate." It was used to designate a class of persons who, under the impulse of extraordinary piety and with a view to higher degrees of religious improvement, voluntarily renounced the occupations and pleasures of the world to dedicate themselves unreservedly to the divine service. The vow might be taken by either sex, provided they had the disposal of themselves (Nu 30:4), and for a limited period--usually a month or a lifetime (Jud 13:5; 16:17). We do not know, perhaps, the whole extent of abstinence they practised. But they separated themselves from three things in particular--namely, from wine, and all the varieties of vinous produce; from the application of a razor to their head, allowing their hair to grow; and from pollution by a dead body. The reasons of the self-restrictions are obvious. The use of wine tended to inflame the passions, intoxicate the brain, and create a taste for luxurious indulgence. The cutting off the hair being a recognized sign of uncleanness (Le 14:8, 9), its unpolled luxuriance was a symbol of the purity he professed. Besides, its extraordinary length kept him in constant remembrance of his vow, as well as stimulated others to imitate his pious example. Moreover, contact with a dead body, disqualifying for the divine service, the Nazarite carefully avoided such a cause of unfitness, and, like the high priest, did not assist at the funeral rites of his nearest relatives, preferring his duty to God to the indulgence of his strongest natural affections.

Resansman 6:9-12

9-12. If any man die very suddenly by him, and he hath defiled the head of his consecration--Cases of sudden death might occur to make him contract pollution; and in such circumstances he was required, after shaving his head, to make the prescribed offerings necessary for the removal of ceremonial defilement (Le 15:13; Nu 19:11). But by the terms of this law an accidental defilement vitiated the whole of his previous observances, and he was required to begin the period of his Nazaritism afresh. But even this full completion did not supersede the necessity of a sin offering at the close. Sin mingles with our best and holiest performances, and the blood of sprinkling is necessary to procure acceptance to us and our services.

Resansman 6:13-20

13-20. when the days of his separation are fulfilled, &c.--On the accomplishment of a limited vow of Nazaritism, Nazarites might cut their hair wherever they happened to be (Ac 18:18); but the hair was to be carefully kept and brought to the door of the sanctuary. Then after the presentation of sin offerings and burnt offerings, it was put under the vessel in which the peace offerings were boiled; and the priest, taking the shoulder (Le 7:32), when boiled, and a cake and wafer of the meat offering, put them on the hands of the Nazarites to wave before the Lord, as a token of thanksgiving, and thus released them from their vow.

Resansman 6:23-27

Nu 6:23-27. The Form of Blessing the People.

23-27. Speak unto Aaron and unto his sons, saying, On this wise ye shall bless the congregation of Israel, &c.--This passage records the solemn benediction which God appointed for dismissing the people at the close of the daily service. The repetition of the name "Lord" or "Jehovah" three times, expresses the great mystery of the Godhead--three persons, and yet one God. The expressions in the separate clauses correspond to the respective offices of the Father, to "bless and keep us"; of the Son, to be "gracious to us"; and of the Holy Ghost, to "give us peace." And because the benediction, though pronounced by the lips of a fellow man, derived its virtue, not from the priest but from God, the encouraging assurance was added, "I the Lord will bless them."

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.