Resansman 30
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Moyiz pale ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo. Li di yo konsa: -Men lòd Seyè a bay. 2 Lè yon moun fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò lè yon moun pwomèt li p'ap fè yon bagay, li pa fèt pou l' pa kenbe pawòl. Se pou l' fè tou sa li te pwomèt l'ap fè a. 3 Si yon jenn fi ki lakay papa l' toujou fè yon ve l'ap bay Seyè a kichòy ou ankò li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, 4 lè papa a vin konn sa, si li pa di l' anyen, jenn fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an, osinon pwomès li te fè a. 5 Men, si lè papa a vin konn sa, li fè opozisyon, ni ve jenn fi a te pran yo ni pwomès li te fè yo pa kenbe ankò: yo pa vo anyen. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen, paske se pa fòt li. Se papa l' ki derefize kite l' kenbe pawòl li. 6 Si yon jenn fi te anba obligasyon pou l' te kenbe yon ve li te pran osinon yon pwomès li te fè, menm si li te pran yo an jwèt, si li rive marye, 7 epi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, fi a gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. 8 Men, si jou mari a vin konn sa li fè opozisyon, lamenm li wete fanm lan anba obligasyon li te genyen pou l' te kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a. Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen. 9 Men lè yon fanm ki vèv osinon ki divòse fè yon ve pou l' bay Seyè a kichòy, osinon li pwomèt pou l' pa fè yon bagay, se pou l' kenbe pawòl li. 10 Si yon madanm marye, antan li lakay mari l', pran yon ve pou fè kichòy osinon pwomèt pou l' pa fè yon bagay, 11 epi si lè mari l' vin konn sa, li pa di l' anyen, li pa fè okenn opozisyon, fanm lan gen obligasyon pou l' kenbe ve li te pran an osinon pwomès li te fè a, nenpòt kisa yo te ye. 12 Men, si mari a vin konn sa, epi menm jou li vin konn sa a, li di li pa dakò, fanm lan p'ap nan obligasyon pou l' kenbe pawòl ni pou ve li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. Se mari a ki te derefize kite l' kenbe pawòl li. Konsa, Seyè a p'ap gade sou sa, li p'ap fè l' anyen. 13 Yon mari gen dwa dakò, konsa tou li gen dwa refize dakò kite madanm li kenbe pawòl li, ni pou ve madanm li te pran an, ni pou pwomès li te fè a. 14 Men, si apre mari a vin konn sa li kite yon jou pase, li pa di l' anyen ankò, sa vle di li dakò ak ve madanm li te pran an osinon ak pwomès madanm lan te fè a. Depi mari a pa di l' anyen lè li vin konn sa, sa vle di se dakò li dakò. 15 Men si, apre mari a vin konn angajman madanm lan te pran an, mari a kite kèk jou pase anvan li di li pa dakò, se li menm k'ap sibi chatiman ki pou ta tonbe sou madanm lan pou pawòl li pa kenbe a. 16 Men tout regleman Seyè a te bay Moyiz pou yon fanm ki fè ve osinon ki pran yon angajman. Si li marye, men tout jan mari a ka boule avè l' nan ka sa a. Si li poko marye, li lakay papa l' toujou, men tout jan papa a ka pran sa.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 30:1
Nu 30:1-16. Vows Are Not to Be Broken.
1. This is the thing which the Lord hath commanded--The subject of this chapter relates to vowing, which seems to have been an ancient usage, allowed by the law to remain, and by which some people declared their intention of offering some gift on the altar or abstaining from particular articles of meat or drink, of observing a private fast, or doing something to the honor or in the service of God, over and above what was authoritatively required. In Nu 29:39, mention was made of "vows and freewill offerings," and it is probable, from the explanatory nature of the rules laid down in this chapter, that these were given for the removal of doubts and difficulties which conscientious persons had felt about their obligation to perform their vows in certain circumstances that had arisen.
Resansman 30:2
2. If a man vow a vow unto the Lord--A mere secret purpose of the mind was not enough to constitute a vow; it had to be actually expressed in words; and though a purely voluntary act, yet when once the vow was made, the performance of it, like that of every other promise, became an indispensable duty--all the more because, referring to a sacred thing, it could not be neglected without the guilt of prevarication and unfaithfulness to God.
he shall not break his word--literally, "profane his word"--render it vain and contemptible (Psa 55:20; 89:34). But as it would frequently happen that parties would vow to do things which were neither good in themselves nor in their power to perform, the law ordained that their natural superiors should have the right of judging as to the propriety of those vows, with discretionary power to sanction or interdict their fulfilment. Parents were to determine in the case of their children, and husbands in that of their wives--being, however, allowed only a day for deliberation after the matter became known to them; and their judgment, if unfavorable, released the devotee from all obligation [Nu 30:3-8].
Resansman 30:3
3. If a woman also vow a vow unto the Lord, and bind herself by a bond, being in her father's house in her youth--Girls only are specified; but minors of the other sex, who resided under the parental roof, were included, according to Jewish writers, who also consider the name "father" as comprehending all guardians of youth. We are also told that the age at which young people were deemed capable of vowing was thirteen for boys and twelve for girls. The judgment of a father or guardian on the vow of any under his charge might be given either by an expressed approval or by silence, which was to be construed as approval. But in the case of a husband who, after silence from day to day, should ultimately disapprove or hinder his wife's vow, the sin of non-performance was to be imputed to him and not to her [Nu 30:15].
Resansman 30:9
9. every vow of a widow--In the case of a married woman, who, in the event of a separation from her husband, or of his death, returned, as was not uncommon, to her father's house, a doubt might have been entertained whether she was not, as before, subject to paternal jurisdiction and obliged to act with the paternal consent. The law ordained that the vow was binding if it had been made in her husband's lifetime, and he, on being made aware of it, had not interposed his veto [Nu 30:10, 11]; as, for instance, she might have vowed, when not a widow, that she would assign a portion of her income to pious and charitable uses, of which she might repent when actually a widow; but by this statute she was required to fulfil the obligation, provided her circumstances enabled her to redeem the pledge. The rules laid down must have been exceedingly useful for the prevention or cancelling of rash vows, as well as for giving a proper sanction to such as were legitimate in their nature, and made in a devout, reflecting spirit.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
