Resansman 3

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè nou remoute nan tan Seyè a te pale ak Moyiz sou mòn Sinayi a, men moun ki te nan fanmi Arawon ak Moyiz. 2 Men non pitit Arawon yo: se te Nadab, pi gran an. Apre li vin Abiyou, Eleaza ak Itama. 3 Se yo menm Bondye te chwazi, li te ba yo pouvwa pou yo te sèvi l' prèt. 4 Men, Nabad ak Abiyou te mouri nan dezè Sinayi a, lè yo te ofri bay Seyè a yon dife yo pa t' gen dwa ofri ba li. Yo pa te gen pitit. Konsa, se Eleaza ak Itama ki te sèvi prèt ansanm ak Arawon, papa yo. 5 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 6 -Fè moun fanmi Levi yo pwoche. Mete yo ansanm ak Arawon, prèt la, pou yo ka ede l' nan travay l'ap fè a. 7 Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a. 8 Yo va reskonsab tout bagay ki anndan Tant Randevou a. Y'a fè tout travay moun Izrayèl yo ta gen pou yo fè nan Tant Randevou a. 9 W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l' yo. Wi, nan tout moun pèp Izrayèl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prèt yo pou toutan. 10 Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l'. 11 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò: 12 -Gade non! Nan tout moun pèp Izrayèl yo, mwen chwazi moun fanmi Levi yo. Mwen pran yo nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Se pou mwen yo ye. 13 Paske, tout premye pitit gason yo se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, mwen te mete tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo apa pou mwen, ansanm ak tout premye ti mal bèt yo fè. Se pou mwen menm yo tout ye. Se mwen menm ki Seyè a. 14 Seyè a pale ak Moyiz nan dezè Sinayi a, li di l' konsa: 15 -Ou pral fè resansman tout moun Levi yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. W'a konte tout gason depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo. 16 Moyiz fè resansman an dapre lòd Seyè a te ba l' a. Li konte yo jan Seyè a te di l' fè l' la. 17 Men non twa pitit gason Levi yo: Se te Gèchon, Keyat ak Merari. 18 Men non pitit Gèchon yo ak tout fanmi yo: Se te Libni ak Chimèyi. 19 Men non pitit Keyat yo ak tout fanmi yo: Se te Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyèl. 20 Men non pitit gason Merari yo ak tout fanmi yo: Se te Makli ak Mouchi. Men non fanmi moun Levi yo, dapre non zansèt yo. 21 Te gen de fanmi nan branch Gèchon an: Se te pitit Libni yo ak pitit Chimeyi yo. Se tout fanmi Gèchon yo sa. 22 Lè yo konte gason yo, depi sa ki te gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn sètmil senksan (07.500) gason. 23 Fanmi sa yo te rete dèyè kay Bondye a, sou bò solèy kouche. 24 Se Elyasaf, pitit gason Layèl la, ki te chèf fanmi Gèchon yo. 25 Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l' yo, rido ki nan pòt devan Tant Randevou a, 26 rido pou galeri ki fè wonn Tant Randevou a ak lotèl la, rido ki nan pòt devan galeri a ak tout kòd yo bezwen pou sèvi nan kay Bondye a. 27 Te gen kat fanmi nan branch Keyat la: Se te pitit Amram yo, pitit Jizeya yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyèl yo. Se tout fanmi Keyat yo sa. 28 Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn witmil sisan (08.600) gason. Se yo ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a nan kay Bondye a. 29 Fanmi sa yo te moute kan yo sou bò sid kay Bondye a. 30 Se Elizafan, pitit gason Ouzyèl la, ki te chèf fanmi Keyat yo. 31 Se yo ki te reskonsab Bwat Kontra a, tab la, gwo lanp sèt branch lan, lotèl yo ak tout bagay ki sèvi nan kote ki apa nèt pou Bondye a, rido yo ansanm ak tout bagay ki mache avèk rido yo. 32 Se Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, ki te chèf tout chèf fanmi Levi yo. Se li ki te kontwole travay moun ki te reskonsab kote ki apa nèt pou Seyè a. 33 Te gen de fanmi nan branch fanmi Merari a: se te pitit Makli yo ak pitit Mouchi yo. Se tout fanmi Merari yo sa. 34 Lè yo konte tout gason yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo, yo jwenn simil desan (06.200) gason. 35 Se Zouryèl, pitit gason Abikayil la, ki te chèf fanmi Merari yo. Yo te moute kan yo sou bò nò kay Bondye a. 36 Se yo ki te reskonsab ankadreman pou soutni kay Bondye a, travès yo, poto yo, sipò yo ak tout rido yo ansanm ak tout bagay ki sèvi ak yo. 37 Yo te reskonsab poto, sipò, pikèt ak kòd pou soutni galeri yo tou. 38 Moyiz, Arawon ak pitit gason l' yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo. 39 Lè Moyiz ak Arawon te fè resansman moun fanmi Levi yo, chak fanmi apa, dapre lòd Seyè a te bay yo a, yo jwenn antou venndemil (022.000) gason, depi sa ki te gen yon mwa depi yo te fèt jouk sa ki pi gran yo. 40 Seyè a di Moyiz konsa: -Pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, depi sa ki gen yon mwa depi yo fèt jouk sa ki pi gran yo. W'a konte konbe ki genyen. 41 Se mwen menm ki Seyè a. W'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Konsa tou, w'a pran tout bèt ki pou moun fanmi Levi yo, w'a mete yo apa pou mwen nan plas premye ti mal bèt moun Izrayèl yo va fè. 42 Moyiz pran non tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo, dapre lòd Seyè a te ba l' a. 43 Li konte tout premye pitit gason yo, depi sa ki te gen yon mwa jouk sa ki pi gran yo. Li jwenn venndemil desanswasanntrèz (022.273). 44 Apre sa, Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 45 -Pran moun fanmi Levi yo, mete yo apa pou mwen nan plas premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo. Epi w'a mete bèt moun Levi yo apa pou mwen tou nan plas premye ti mal bèt moun pèp Izrayèl yo va fè. Konsa, tout moun Levi yo va pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a. 46 Ou te jwenn te gen plis premye pitit gason nan pèp Izrayèl la pase te gen moun Levi. Te gen desanswasanntrèz (0273) an plis. Men sa pou yo peye pou sove lavi desansousanntrèz premye pitit gason sa yo. 47 Pou yo chak, y'a bay senk pyès ajan, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kay Bondye a: vin gara pou yon pyès ajan. 48 W'a pran lajan yo peye pou sove lavi sa ki an plis yo, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo. 49 Se konsa, Moyiz pran lajan yo te peye pou sove lavi premye pitit gason ki te an plis sou kantite moun Levi yo. 50 Li pran mil twasanswasannsenk (01.365) pyès lajan nan men premye pitit moun Izrayèl yo, dapre sistèm lajan yo sèvi nan kote ki apa pou Bondye a. 51 Apre sa, Moyiz pran tout lajan yo te peye pou sove lavi rès premye pitit gason yo, dapre lòd Seyè a te bay la, li bay Arawon ak pitit gason l' yo, jan Seyè a te ba li lòd la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 3:1

Nu 3:1-51. The Levites' Service.

1. These ... are the generations of Aaron and Moses, &c.--This chapter contains an account of their families; and although that of Moses is not detailed like his brother's, his children are included under the general designation of the Amramites (Nu 3:27), a term which comprehends all the descendants of their common father Amram. The reason why the family of Moses was so undistinguished in this record is that they were in the private ranks of the Levites, the dignity of the priesthood being conferred exclusively on the posterity of Aaron; and hence, as the sacerdotal order is the subject of this chapter, Aaron, contrary to the usual style of the sacred history, is mentioned before Moses.

in the day that the Lord spake with Moses in mount Sinai--This is added, because at the date of the following record the family of Aaron was unbroken.

Resansman 3:2-4

2-4. And these are the names of the sons of Aaron--All the sons of Aaron, four in number, were consecrated to minister in the priest's office. The two oldest enjoyed but a brief term of office (Le 10:1, 2; Nu 3:4; 26:61); but Eleazar and Ithamar, the other two, were dutiful, and performed the sacred service during the lifetime of their father, as his assistants, and under his superintendence.

Resansman 3:5-10

5-10. Bring the tribe of Levi near--The Hebrew word "bring near" is a sacrificial term, denoting the presentation of an offering to God; and the use of the word, therefore, in connection with the Levites, signifies that they were devoted as an offering to the sanctuary, no longer to be employed in any common offices. They were subordinate to the priests, who alone enjoyed the privilege of entering the holy place; but they were employed in discharging many of the humbler duties which belonged to the sanctuary, as well as in various offices of great utility and importance to the religion and morals of the people.

Resansman 3:11-13

11-13. I have taken the Levites, &c.--The consecration of this tribe did not originate in the legislative wisdom of Moses, but in the special appointment of God, who chose them as substitutes for the first-born. By an appointment made in memory of the last solemn judgment on Egypt (from which the Israelitish households were miraculously exempt) all the first-born were consecrated to God (Ex 13:12; 22:29), who thus, under peculiar circumstances, seemed to adopt the patriarchal usage of appointing the oldest to act as the priest of the family. But the privilege of redemption that was allowed the first-born opened the way for a change; and accordingly, on the full organization of the Mosaic economy, the administration of sacred things formerly committed to the first-born was transferred from them to the Levites, who received that honor partly as a tribute to Moses and Aaron, partly because this tribe had distinguished themselves by their zeal in the affair of the golden calf (Ex 32:29), and also because, being the smallest of the tribes, they could ill find suitable employment and support in the work. (See on De 33:8). The designation of a special class for the sacred offices of religion was a wise arrangement; for, on their settlement in Canaan, the people would be so occupied that they might not be at leisure to wait on the service of the sanctuary, and sacred things might, from various causes, fall into neglect. But the appointment of an entire tribe to the divine service ensured the regular performance of the rites of religion. The subsequent portion of the chapter relates to the formal substitution of this tribe.

I am the Lord--that is, I decree it to be so; and being possessed of sovereign authority, I expect full obedience.

Resansman 3:14-31

14-31. Number the children of Levi--They were numbered as well as the other tribes; but the enumeration was made on a different principle--for while in the other tribes the number of males was calculated from twenty years and upward [Nu 1:3], in that of Levi they were counted "from a month old and upward." The reason for the distinction is obvious. In the other tribes the survey was made for purposes of war [Nu 1:3], from which the Levites were totally exempt. But the Levites were appointed to a work on which they entered as soon as they were capable of instruction. They are mentioned under the names of Gershon, Kohath, and Merari, sons of Levi, and chiefs or ancestral heads of three subdivisions into which this tribe was distributed. Their duties were to assist in the conveyance of the tabernacle when the people were removing the various encampments, and to form its guard while stationary--the Gershonites being stationed on the west, the Kohathites on the south, and the families of Merari on the north. The Kohathites had the principal place about the tabernacle, and charge of the most precious and sacred things--a distinction with which they were honored, probably, because the Aaronic family belonged to this division of the Levitical tribe. The Gershonites, being the oldest, had the next honorable post assigned them, while the burden of the drudgery was thrown on the division of Merari.

Resansman 3:32

32. chief--rather, "chiefs" of the Levites. Three persons are mentioned as chiefs of these respective divisions [Nu 3:24, 30, 35]. And Eleazar presided over them; whence he is called "the second priest" (2Ki 25:18); and in the case of the high priest's absence from illness or other necessary occasions, he performed the duties (1Ki 4:4).

Resansman 3:38

38. those that encamp, &c.--That being the entrance side, it was the post of honor, and consequently reserved to Moses and the priestly family. But the sons of Moses had no station here.

Resansman 3:39

39. twenty and two thousand--The result of this census, though made on conditions most advantageous to Levi, proved it to be by far the smallest in Israel. The separate numbers stated in Nu 3:22, 28, 34, when added together, amount to twenty-two thousand three hundred. The omission of the three hundred is variously accounted for--by some, because they might be first-born who were already devoted to God and could not be counted as substitutes; and by others, because in Scripture style, the sum is reckoned in round numbers. The most probable conjecture is, that as Hebrew letters are employed for figures, one letter was, in the course of transcription, taken for another of like form but smaller value.

Resansman 3:40-51

40-51. Number all the first-born of the males of the children of Israel, &c.--The principle on which the enumeration of the Levites had been made was now to be applied to the other tribes. The number of their male children, from a month old and upward, was to be reckoned, in order that a comparison might be instituted with that of the Levites, for the formal adoption of the latter as substitutes for the first-born. The Levites, amounting to twenty-two thousand, were given in exchange for an equal number of the first-born from the other tribes, leaving an excess of two hundred seventy-three; and as there were no substitutes for these, they were redeemed at the rate of five shekels for each (Nu 18:15, 16). Every Israelite would naturally wish that his son might be redeemed by a Levite without the payment of this tax, and yet some would have to incur the expense, for there were not Levites enough to make an equal exchange. Jewish writers say the matter was determined by lot, in this manner: Moses put into an urn twenty-two thousand pieces of parchment, on each of which he wrote "a son of Levi," and two hundred seventy-three more, containing the words, "five shekels." These being shaken, he ordered each of the first-born to put in his hand and take out a slip. If it contained the first inscription, the boy was redeemed by a Levite; if the latter, the parent had to pay. The ransom-money, which, reckoning the shekel at half a crown, would amount to 12s. 6d. each, was appropriated to the use of the sanctuary. The excess of the general over the Levitical first-born is so small, that the only way of accounting for it is, by supposing those first-born only were counted as were males remaining in their parents' household, or that those first-born only were numbered which had been born since the departure from Egypt, when God claimed all the first-born as his special property.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.