Resansman 4
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 2 -Fè resansman tout pitit gason moun Keyat yo, nan branch fanmi Levi a, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 3 Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. 4 Men travay pitit gason Keyat yo va fè nan Tant Randevou a, kote yo mete apa nèt pou Seyè a. 5 Lè lè a rive pou pèp la ranmase zafè yo pou yo deplase, Arawon ak pitit gason l' yo va antre nan kay Bondye a, y'a desann rido ki devan Bwat Kontra a, y'a kouvri bwat la ak li. 6 Y'a mete yon premye gwo nap an po bazann sou li, epi y'a kouvri l' ak yon dezyèm nap an twal ble. Apre sa, y'a pase manch pou pote bwat la nan gwo bag yo. 7 Y'a kouvri tab pou pen yo ofri bay Bondye a ak yon dra ble. Y'a mete asyèt, tas, kafetyè ak bòl yo sèvi nan sèvis pou mwen yo sou li. Pen yo ofri bay Seyè a va toujou rete sou li tou. 8 Y'a voye yon dra wouj sou li, y'a kouvri tout ak yon nap fèt ak po bazann, epi y'a pase manch pou pote tab la nan gwo bag yo. 9 Y'a pran yon dra tou ble, y'a kouvri gwo lanp sèt branch lan ak tout ti lanp li yo, pensèt li yo, plat li yo ak veso pou lwil yo. 10 Y'a vlope yo ansanm nan yon nap an po bazann, epi y'a mete l' sou yon branka pou pote l'. 11 Apre sa, y'a mete yon dra ble sou lotèl an lò a, y'a kouvri l' nèt ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la nan bag yo. 12 Y'a pran tout bagay yo sèvi nan kote ki apa nèt pou Seyè a, y'a mete yo nan yon dra ble, y'a vlope yo nan yon nap an po bazann, epi y'a mete yo sou yon branka pou pote yo. 13 Y'a wete sann ki sou lotèl la, epi y'a kouvri lotèl la ak yon dra wouj. 14 Y'a pran tout bagay ki mache ak lotèl la: recho, pèl, fouchèt, plat pou resevwa sann, y'a mete yo sou lotèl la. Apre sa, y'a kouvri l' ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la. 15 Lè lè a va rive pou pèp la leve lamach, lè Arawon ak pitit gason l' yo va fin kouvri tout mèb ki nan kote ki apa nèt pou Seyè a, ansanm ak tout bagay ki mache ak yo a, se lè sa a gason moun Keyat yo va vin pran mèb yo pou pote yo. Moun Keyat yo pa gen dwa manyen bagay yo mete apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. Se tout reskonsablite moun Keyat yo sa, lè y'ap deplase Tant Randevou a. 16 Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, va reskonsab kontwole lwil lanp yo, lansan santi bon an, pen yo toujou ofri bay Seyè a ak lwil pou mete moun apa a. Wi, l'a kontwole tout kay Bondye a nèt ak tou sa ki ladan l', menm kote ki apa nèt pou Seyè a ak bagay ki ladan l' yo. 17 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa: 18 -Pa kite anyen rive moun fanmi Keyat yo ki pou ta fè yo disparèt nan mitan moun Levi yo. 19 Men sa pou nou fè pou yo pa mouri, pou yo ka viv, lè y'ap pwoche bò bagay ki apa nèt pou Seyè a. Arawon ak pitit gason l' yo va antre anvan epi y'a bay chak moun travay pa yo, y'a di yo sa pou yo pote. 20 Men, moun Keyat yo pa janm gen dwa antre al gade lè y'ap vlope bagay ki apa nèt pou Seyè a. Si yo fè sa, y'ap mouri. 21 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 22 -Fè resansman tout pitit gason moun Gèchon yo tou, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 23 Pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. 24 Men travay moun Gèchon yo, men sa pou yo pote: 25 lèz twal ki sèvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvèti fèt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fèmen pòt Tant Randevou a, 26 rido galeri ki kouvri tant lan ak lotèl la nèt, rido ki fèmen galeri a, kòd yo ak tout lòt bagay ki mache ak bagay sa yo. Se yo ki pou fè tout travay ki gen rapò ak bagay sa yo. 27 Moun Gèchon yo va travay sou lòd Arawon ak pitit gason l' yo. Y'a fè tout travay yo, y'a pote tou sa yo gen pou yo pote. Y'a reskonsab tou sa y'ap pote a. 28 Sa se tout reskonsablite moun Gèchon yo nan travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit gason Arawon, prèt la, ki va kontwole tou sa y'ap fè. 29 Seyè a di Moyiz ankò: -W'a fè resansman tout pitit gason moun Merari yo, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 30 W'a pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. 31 Se yo menm k'ap reskonsab pote ankadreman, travès, poto ak sipò kay Bondye yo, 32 poto, sipò, pikèt ak kòd pou galeri ki fè wonn tant lan, avèk tout bagay ki sèvi ak yo, ansanm ak tout zouti y'ap bezwen pou fè travay yo. Y'a bay chak moun non bagay la reskonsab pou l' pote a. 33 Se tout reskonsablite moun Merari yo sa nan travay yo gen pou fè nan Tant Randevou a. Se Itama, pitit Arawon, prèt la, ki va ba yo sa pou yo fè. 34 Dapre lòd Seyè a te bay la, Moyiz, Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman gason nan fanmi Keyat yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 35 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 36 Yo jwenn demil sètsansenkant (02.750) gason antou nan 37 tout fanmi Keyat yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. 38 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Gèchon yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 39 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 40 Yo jwenn demil sisantran (02.630) gason 41 nan tout fanmi Gèchon yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. 42 Apre sa, yo fè resansman gason nan fanmi Merari yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 43 Yo pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a. 44 Yo jwenn twamil desan (03.200) gason 45 nan tout fanmi Merari yo. Se moun sa yo ki te la pou fè travay ki gen pou fèt nan Tant Randevou a. Se yo menm Moyiz ak Arawon te konte dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. 46 Se konsa Moyiz ak Arawon ak chèf pèp Izrayèl yo te fè resansman branch fanmi Levi yo, dapre fanmi yo ak dapre branch fanmi zansèt yo. 47 Yo te pran non tout gason, depi sa ki gen trantan jouk sa ki gen senkantan, tou sa ki gen laj pou fè pati gwoup moun k'ap travay nan Tant Randevou a, osinon k'ap pote l' lè y'ap deplase. 48 Yo jwenn antou witmil senksankatreven (08.580) gason. 49 Se konsa, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou pèp la, yo pran non chak gason moun Levi yo ak travay pou yo fè ak sa pou yo pote. Se Seyè a menm ki te bay Moyiz lòd fè resansman sa a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Resansman 4:1-2
Introduction
Moses is commanded to take the sum of the sons of Kohath from thirty years old and upward, Num 4:1-4. The service which they had to perform, Num 4:5-15. The office of Eleazar, Num 4:16. The family of Kohath to be continued among the Levites, Num 4:17-19. They are not to go into the holy of holies, Num 4:20. The sum of the sons of Gershon, Num 4:21-23. The service they had to perform, Num 4:24-27. They are to be under Ithamar, Num 4:28. The sum of the sons of Merari, Num 4:29, Num 4:30. The service they had to perform, Num 4:31-33. The sum of all the families of Kohath, 2,750, Num 4:34-37. The sum of the families of Gershon, 2,630, Num 4:38-41. The sum of the families of Merari, 3,200, Num 4:42-45. The sum total of the families of Gershon, Kohath, and Merari, 8,580, Num 4:46-49.
Resansman 4:3-19
Verse 3
From thirty years old - In Num 8:24, the Levites are ordered to enter on the service of the tabernacle at the age of twenty-five years; and in 1Chr 23:24, they were ordered to commence that work at twenty years of age. How can these different times be reconciled?
1. At the time of which Moses speaks here, the Levitical service was exceedingly severe, and consequently required men full grown, strong, and stout, to perform it; the age therefore of thirty years was appointed as the period for commencing this service, the weightier part of which is probably here intended.
2. In Num 8:24, Moses seems to speak of the service in a general way; the severe, which was to be performed by the full-grown Levites, and the less laborious work which younger men might assist in: hence the age of twenty-five is fixed.
3. In David's time and afterwards, in the fixed tabernacle and temple, the laboriousness of the service no longer existed, and hence twenty years was the age fixed on for all Levites to enter into the work of the sanctuary. The rabbins say that the Levites began to learn to do the service at twenty-five, and that having been instructed five years, they began the public service at thirty, and thus they reconcile the two periods referred to above. We may well suppose that the sons of the prophets continued a considerable time under instructions before they were called fully to exercise themselves in the prophetic office.
Until fifty years old - This was allowing twenty years for public severe service; a very considerate and merciful ordinance. A preacher who devotes his whole time and strength to the service of the Church of God from twenty to fifty or sixty years of age, should be then excused from his severer labor, and maintained at the charge of the sanctuary. This would not only be a great comfort to a worn-out servant of God, but also of great use to the work of the ministry, which, to be faithfully and effectually performed, requires all the powers of the body and mind of man. Old faithful ministers are to be highly respected for their work's sake, and to be supplied with all the necessaries and comforts of life; but how little can they do in the public ministry of the word, however willing to work, when their eye waxes dim and their bodily strength fails! See Num 8:25. Both for their own sakes, and for the good of the Church, they should be excused from a labor to which they must be almost every way inadequate. But notwithstanding this comparative inactivity, their counsels, advice, and experience will always be considered as a treasure to the Church of Christ
Resansman 4:20-35
Verse 20
When the holy things are covered - Literally, כבלע keballa, when they are swallowed down; which shows the promptitude with which every thing belonging to the holy of holies was put out of sight, for these mysteries must ever be treated with the deepest reverence; and indeed without this they could not have been to them the representatives of heavenly realities. See the concluding note Num 4:36 (note).
Resansman 4:36-49
Verse 36
Those that were numbered - In Num 3:27, etc., we have an account of the whole number of the Levites, and here of those only who were able to serve the Lord in the sanctuary. By comparing the two places we find the numbers to stand thus: -
LeviteFamily AbleMen UnableMen Total Kohathites 2,750 5,850 8,600 Gershonites 2,630 4,870 7,500 Merarites 3,200 3,000 6,200
Thus we find that the whole number of the Levites amounted to 22,300, of whom 3,580 were fit for service, and 13,720 unfit, being either too old or too young. What an astonishing number of men, all properly ecclesiastics; all performing some service by which God was glorified, and the congregation at large benefited! See Ainsworth.
From this and the preceding chapter we see the very severe labor which the Levites were obliged to perform while the journeyings of the Israelites lasted. When we consider that there was not less than 10 tons 13 cwt. 24 lb. 14 oz., i. e., almost ten tons and fourteen hundred pounds' weight of metal employed in the tabernacle, (see the notes on Exodus 38 (note)), besides the immense weight of the skins, hangings, cords, boards, and posts, we shall find it was no very easy matter to transport this movable temple from place to place.
The Gershonites, who were 7,500 men in the service, had to carry the tent, coverings, veils, hangings of the court, etc., etc., Num 3:25, Num 3:26.
The Kohathites, who were 8,600 men, had to carry the ark, table, candlestick, altars, and instruments of the sanctuary, Num 3:31.
The Merarites, who were 6,200 men, had to carry the boards, bars, pillars, sockets, and all matters connected with these belonging to the tabernacle, with the pillars of the court, their sockets, pins, and cords, Num 3:36, Num 3:37.
The tabernacle was an epitome of the temple: the temple and tabernacle were representatives of the Church of the living God, and of the humanity of our blessed Lord. As God dwelt in the tabernacle and temple, so his fullness dwelt in the man Christ Jesus. These again were types of the Christian Church, which is termed the body of Christ, Eph 1:23, where he dwells in the plenitude of the graces of his Spirit.
Mr. Ainsworth has a very useful note on the Num 4:20 verse of this chapter, the most edifying part of which I shall here lay before the reader. He considers the tabernacle and temple, not only as pointing out the old dispensation, the annulling of which was typified by their destruction, but he considers also the former as emblematical of the body of man. "The apostle," says he, "treating of the death of the saints, uses this similitude: 'If our earthly house of this tabernacle were dissolved, we have a building of God, a house not made with hands, eternal in the heavens. For we that are in This Tabernacle do groan, being burdened, not for that we would be unclothed, but clothed upon, that mortality might be swallowed up of life;' 2Cor 5:1-4. So Peter calls his death the putting off of his Tabernacle, 2Pet 1:14. And this similitude is very fit; for, as here, in the tabernacle of Moses,
1. The holy things were first covered and taken away, (see Num 4:20), so the soul and its powers are first withdrawn from the body by death.
2. As the curtains and coverings were taken off and folded up, so the skin and flesh of our bodies are pulled off and consumed.
3. As the boards of the tabernacle were disjointed and pulled asunder, so shall our bones and sinews: compare Job's description of the formation of man, Num 10:8-12; and Solomon's account of his dissolution, Ecc 12:3, Ecc 12:4.
4. As the disjointed and dissolved tabernacle was afterwards set up again, Num 10:21, so shall our bodies in the day of the resurrection; see 1Cor 15:51-54.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
