Resansman 25

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Pèp Izrayèl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lè sa a, mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo. 2 Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo. 3 Se konsa pèp Izrayèl la pran sèvi Baal-Peyò. Sa te fè Seyè a ankòlè anpil sou moun pèp Izrayèl yo. 4 Seyè a di Moyiz konsa: -Pran tout chèf pèp la, pann yo gwo midi devan mwen. Konsa, mwen p'ap ankòlè sou yo ankò. 5 Moyiz di chèf ki te reskonsab pèp la: -Se pou nou chak nou touye tout gason nan moun nou yo ki te al sèvi Baal-Peyò. 6 Lè sa a, antan tout moun yo t'ap kriye sou devan pòt Tant Randevou a, yonn nan gason pèp Izrayèl la ale, li mennen yon fanm peyi Madyan lakay li, devan Moyiz ak tout moun pèp Izrayèl la. 7 Lè Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit Arawon, prèt la, wè sa, li leve, li kite moun yo kote yo te reyini an, li pase men l', li pran yon frenn. 8 Li swiv nonm lan ak fanm lan anba tant lan, epi li pèse tou de, ni nonm lan ni fanm lan, ak frenn lan anba ti vant yo. Lamenm, epidemi ki t'ap ravaje pèp la sispann. 9 Te gen vennkatmil (024.000) moun ki te gen tan mouri nan epidemi an. 10 Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: 11 -Se Fineas, pitit gason Eleaza a, pitit pitit gason Arawon prèt la, ki te fè m' sispann ankòlè sou pèp la. Paske nan tout moun sa yo, se li menm ki pa t' ka sipòte wè yon moun nan pèp Izrayèl la kite m' pou l' al sèvi yon lòt bondye. Se poutèt sa, atout mwen t'ap fè jalouzi a, mwen pa fin touye tout pèp la nèt. 12 Men sa pou ou di Fineas pou mwen: m'ap siyen yon kontra avè l' ki pou ba li kè poze. 13 M'ap mete li, li menm ak tout ras fanmi l' apre li, pou yo sèvi m' prèt pou tout tan. Paske li te fè m' wè jan li pa t' tolere moun sèvi lòt bondye pase mwen. Se konsa li fè m' padonnen sa pèp la te fè ki mal la. 14 Nonm pèp Izrayèl ki te mouri ansanm ak fanm peyi Madyan an te rele Zimri. Se te pitit gason Salou, chèf nan branch fanmi Simeyon an. 15 Fanm peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chèf yon branch nan fanmi moun Madyan yo. 16 Lè sa a, Seyè a pale ak Moyiz, li di l': 17 -Al atake moun Madyan yo. Bat yo byen bay. 18 Paske se yo menm ki te atake nou anvan ak malefis yo te voye sou nou nan zafè Peyò a, ak nan zafè Kozbi a, pitit fi chèf peyi Madyan an, moun menm ras ak yo a, fanm yo te touye lè epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyò a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Resansman 25:1

Nu 25:1-18. The Israelites' Whoredom and Idolatry with Moab.

1. Israel abode in Shittim--a verdant meadow, so called from a grove of acacia trees which lined the eastern side of the Jordan. (See Nu 33:49).

Resansman 25:3

3. Israel joined himself unto Baal-peor--Baal was a general name for "lord," and Peor for a "mount" in Moab. The real name of the idol was Chemosh, and his rites of worship were celebrated by the grossest obscenity. In participating in this festival, then, the Israelites committed the double offense of idolatry and licentiousness.

Resansman 25:4

4. The Lord said unto Moses, Take all the heads of the people, and hang them up--Israelite criminals, who were capitally punished, were first stoned or slain, and then gibbeted. The persons ordered here for execution were the principal delinquents in the Baal-peor outrage--the subordinate officers, rulers of tens or hundreds.

before the Lord--for vindicating the honor of the true God.

against the sun--that is, as a mark of public ignominy; but they were to be removed towards sunset (De 21:23).

Resansman 25:5

5. judges of Israel--the seventy elders, who were commanded not only to superintend the execution within their respective jurisdictions, but to inflict the punishment with their own hands. (See on 1Sa 15:33).

Resansman 25:6-7

6-7. behold, one of the children of Israel ... brought ... a Midianitish woman--This flagitious act most probably occurred about the time when the order was given and before its execution.

who were weeping before the door of the tabernacle--Some of the rulers and well-disposed persons were deploring the dreadful wickedness of the people and supplicating the mercy of God to avert impending judgments.

Resansman 25:8

8. the plague--some sudden and widespread mortality.

Resansman 25:9

9. those that died in the plague were twenty and four thousand--Only twenty-three thousand perished (1Co 10:8) from pestilence. Moses includes those who died by the execution of the judges [Nu 25:5].

Resansman 25:11-13

11-13. Phinehas ... hath turned my wrath away--This assurance was a signal mark of honor that the stain of blood, instead of defiling, confirmed him in office and that his posterity should continue as long as the national existence of Israel.

Resansman 25:14

14. Zimri, ... a prince ... among the Simeonites--The slaughter of a man of such high rank is mentioned as a proof of the undaunted zeal of Phinehas, for there might be numerous avengers of his blood.

Resansman 25:17

17. Vex the Midianites, and smite them--They seem to have been the most guilty parties. (Compare Nu 22:4; 31:8).

Resansman 25:18

18. they vex you with their wiles--Instead of open war, they plot insidious ways of accomplishing your ruin by idolatry and corruption.

their sister--their countrywoman.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.