Matye 20

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men ki jan sa ye nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon mèt jaden rezen ki soti granmaten al chache moun vin travay nan jaden rezen l' lan. 2 Li antann ak yo pou l' ba yo sa yo peye pou yon jounen travay. Li voye yo al travay nan jaden rezen an. 3 Li soti ankò vè nevè nan maten, li wè kèk lòt moun ki te kanpe sou plas la san yo p'ap fè anyen. 4 Li di yo: Nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan, m'a peye nou pou sa n'a fè. 5 Epi y al travay nan jaden an. Apre sa, mèt jaden an soti ankò vè midi, ak yon lòt fwa ankò vè twazè nan apremidi, li fè menm bagay la. 6 Li te vè senkè nan apremidi lè li soti ankò. Li jwenn kèk lòt moun ki te kanpe la sou plas la, li di yo: Poukisa nou rete tout jounen an la san fè anyen konsa? 7 Yo reponn li: Se paske pesonn pa ban nou travay. Mèt la di yo: Enben, nou menm tou, nou mèt al travay nan jaden rezen m' lan. 8 Lè solèy fin kouche, mèt jaden an di jeran l' lan: Rele travayè yo, peye yo lajan yo. Kòmanse ak sa ki te vin an dènye yo pou fini ak premye yo. 9 Mesye ki te antre nan travay vè senkè nan apremidi yo vini, yo chak yo resevwa lajan yon jounen travay. 10 Lè mesye ki te la depi granmaten yo vin rive, yo te kwè yo tapral resevwa plis. Men, yo chak resevwa lajan yon jounen travay tou. 11 Lè yo resevwa lajan an, yo tonbe bougonnen sou do mèt jaden an. 12 Yo di konsa: Moun sa yo vin an dènye, yo travay yon sèl ti moman, epi ou peye yo menm lajan ak nou ki fatige kò n' travay tout jounen an anba chalè solèy la. 13 Mèt la reponn yonn nan yo: Zanmi, mwen pa fè ou okenn lenjistis. Nou te antann pou yon pri, pa vre? 14 Enben, pran lajan ou, al fè wout ou. Se mwen menm ki vle bay moun ki vin an dènye yo menm lajan avè ou. 15 Eske m' pa gen dwa fè sa m' vle ak lajan mwen? Osinon, èske sa fè ou mal si m' gen bon kè? 16 Apre sa, Jezi di yo ankò: Se konsa moun ki dèyè yo va pran devan, moun ki devan yo va rete dèyè nèt. 17 Apre sa, Jezi t'ap moute Jerizalèm. Antan li t'ap mache sou wout la, li pran douz disip li yo apa, li di yo: 18 Tande. Men n'ap moute Jerizalèm kote yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men chèf prèt yo ansanm ak dirèktè lalwa yo. Yo pral kondannen m' amò, 19 y'ap lage m' bay moun lòt nasyon yo. Etranje sa yo pral pase m' nan rizib, yo pral bat mwen ak kout fwèt, apre sa yo pral kloure m' sou yon kwa. Men, sou twa jou, m'a leve soti vivan nan lanmò. 20 Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l' yon favè. 21 Jezi di li: Kisa ou vle? Madanm lan reponn: Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa. 22 Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab. 23 Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle. 24 Lè dis lòt disip yo tande sa, yo pa t' manke fache sou de frè yo. 25 Jezi rele yo, li di yo: Nou konnen ki jan chèf nasyon yo trete pèp la tankou esklav. Grannèg yo renmen fè moun santi jan yo gen pouvwa. 26 Men, se pa konsa pou sa fèt nan mitan nou. Okontrè, si yonn nan nou ta vle vin grannèg, se pou l' sèvi nou tout. 27 Si yonn nan nou ta vle chèf, se pou l' esklav nou tout. 28 Se konsa, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pa vini pou moun rann mwen sèvis, men mwen vini pou m' rann moun sèvis. Wi, mwen vin bay lavi m' pou peye delivrans anpil moun. 29 Antan yo t'ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi. 30 Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou. 31 Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou! 32 Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou? 33 Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò. 34 Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Matye 20:1

Mt 20:1-16. Parable of the Laborers in the Vineyard.

This parable, recorded only by Matthew, is closely connected with the end of the nineteenth chapter, being spoken with reference to Peter's question as to how it should fare with those who, like himself, had left all for Christ. It is designed to show that while they would be richly rewarded, a certain equity would still be observed towards later converts and workmen in His service.

1. For the kingdom of heaven is like unto a man that is an householder, &c.--The figure of a vineyard, to represent the rearing of souls for heaven, the culture required and provided for that purpose, and the care and pains which God takes in that whole matter, is familiar to every reader of the Bible. (Psa 80:8-16; Is 5:1-7; Jr 2:21; Lu 20:9-16; Joh 15:1-8). At vintage time, as Webster and Wilkinson remark, labor was scarce, and masters were obliged to be early in the market to secure it. Perhaps the pressing nature of the work of the Gospel, and the comparative paucity of laborers, may be incidentally suggested, Mt 9:37, 38. The "laborers," as in Mt 9:38, are first, the official servants of the Church, but after them and along with them all the servants of Christ, whom He has laid under the weightiest obligation to work in His service.

Matye 20:2

2. And when he had agreed with the labourers for a penny--a usual day's hire.

he sent them into his vineyard.

Matye 20:3

3. And he went out about the third hour--about nine o'clock, or after a fourth of the working day had expired: the day of twelve hours was reckoned from six to six.

and saw others standing idle in the market place--unemployed.

Matye 20:4

4. And said unto them, Go ye also into the vineyard; and whatsoever is right--just, equitable, in proportion to their time.

I will give you. And they went their way.

Matye 20:5

5. Again he went out about the sixth and ninth hour--about noon, and about three o'clock in the afternoon.

and did likewise--hiring and sending into his vineyard fresh laborers each time.

Matye 20:6

6. And about the eleventh hour--but one hour before the close of the working day; a most unusual hour both for offering and engaging

and found others standing idle, and saith, Why stand ye here all the day idle?--Of course they had not been there, or not been disposed to offer themselves at the proper time; but as they were now willing, and the day was not over, and "yet there was room," they also are engaged, and on similar terms with all the rest.

Matye 20:8

8. So when even was come--that is, the reckoning time between masters and laborers (see De 24:15); pointing to the day of final account.

the lord of the vineyard saith unto his steward--answering to Christ Himself, represented "as a Son over His own house" (He 3:6; see Mt 11:27; Joh 3:35; 5:27).

Call the labourers and give them their hire, beginning from the last unto the first--Remarkable direction this--last hired, first paid.

Matye 20:9

9. And when they came that were hired about the eleventh hour, they received every man a penny--a full day's wages.

Matye 20:10

10. But when the first came, they supposed that they should have received more--This is that calculating, mercenary spirit which had peeped out--though perhaps very slightly--in Peter's question (Mt 19:27), and which this parable was designed once for all to put down among the servants of Christ.

Matye 20:11

11. And when they had received it, they murmured against the goodman of the house--rather, "the householder," the word being the same as in Mt 20:1.

Matye 20:12

12. Saying, These last have wrought but one hour, and thou hast made them equal unto us, which have borne the burden and heat--the burning heat.

of the day--who have wrought not only longer but during a more trying period of the day.

Matye 20:13

13. But he answered one of them--doubtless the spokesman of the complaining party.

and said, Friend, I do thee no wrong: didst not thou agree with me for a penny? &c.

Matye 20:15

15. Is it not lawful for me to do what I will with mine own? Is thine eye evil, because I am good?--that is, "You appeal to justice, and by that your mouth is shut; for the sum you agreed for is paid you. Your case being disposed of, with the terms I make with other laborers you have nothing to do; and to grudge the benevolence shown to others, when by your own admission you have been honorably dealt with, is both unworthy envy of your neighbor, and discontent with the goodness that engaged and rewarded you in his service at all."

Matye 20:16

16. So the last shall be first, and the first last--that is, "Take heed lest by indulging the spirit of these murmurers at the penny given to the last hired, ye miss your own penny, though first in the vineyard; while the consciousness of having come in so late may inspire these last with such a humble frame, and such admiration of the grace that has hired and rewarded them at all, as will put them into the foremost place in the end."

for many be called, but few chosen--This is another of our Lord's terse and pregnant sayings, more than once uttered in different connections. (See Mt 19:30; 22:14). The "calling" of which the New Testament almost invariably speaks is what divines call effectual calling, carrying with it a supernatural operation on the will to secure its consent. But that cannot be the meaning of it here; the "called" being emphatically distinguished from the "chosen." It can only mean here the "invited." And so the sense is, Many receive the invitations of the Gospel whom God has never "chosen to salvation through sanctification of the Spirit and belief of the truth" (2Th 2:13). But what, it may be asked, has this to do with the subject of our parable? Probably this--to teach us that men who have wrought in Christ's service all their days may, by the spirit which they manifest at the last, make it too evident that, as between God and their own souls, they never were chosen workmen at all.

Mt 20:17-28. Third Explicit Announcement of His Approaching Sufferings, Death, and Resurrection--The Ambitious Request of James and John, and the Reply. ( = Mr 10:32-45; Lu 18:31-34).

For the exposition, see on Mr 10:32-45.

Mt 20:29-34. Two Blind Men Healed. ( = Mr 10:46-52; Lu 18:35-43).

For the exposition, see on Lu 18:35-43.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.