Lik 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l' manje. Moun ki te la yo t'ap veye li. 2 Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi. 3 Jezi pran lapawòl, li mande dirèkte lalwa ak farizyen yo: Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? 4 Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l', epi li voye l' ale. 5 Apre sa, li di yo: Si yonn nan nou gen yon pitit gason l' osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi yon jou repo, èske li p'ap wete l' menm lè a? 6 Yo pa t' kapab reponn li anyen sou sa. 7 Jezi te wè ki jan moun yo te envite yo t'ap chwazi pi bon plas. Li rakonte parabòl sa a pou yo tout, li di: 8 Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou, 9 moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, wa wont, wa blije al chita nan plas dèyè. 10 Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè; konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo. 11 Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li. 12 Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. 13 Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. 14 Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò. 15 Lè l' tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. 16 Jezi reponn li: Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. 17 Lè pou fèt la kòmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare koulye a. 18 Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fèk achte yon tè, fòk m' al wè li. Tanpri, eskize mwen. 19 Yon lòt di li: Mwen fèk achte senk pè bèf; mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. 20 Yon lòt di: Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. 21 Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè; li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. 22 Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. 23 Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. 24 Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m' lan. 25 Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo: 26 Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l', manman l', pitit li, frè l', sè l', menm pwòp tèt pa l', li pa kapab disip mwen. 27 Moun ki pa pote kwa l' epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen non plis. 28 Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l' fè: se pou l' chita pou l' kalkile konbe sa pral koute l' pou l' wè si li gen kont lajan pou l' fin fè travay la. 29 Si l' pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l' p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l' nan betiz. 30 Y'a di: Nonm lan kòmanse bati, men li pa kapab fini. 31 Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil (10.000) òm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) òm. 32 Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l' pou mande l' fè aranjman. 33 Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen. 34 Sèl, se yon bon bagay; men si sèl la pèdi gou l', ak kisa pou n' fè l' sale ankò? 35 Lè sa a, sèl la pa bon pou mete ni nan jaden ni nan fimye, se jete pou yo voye sa jete. Si nou gen zòrèy pou n' tande, tande.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Lik 14:2
Lu 14:1-24. Healing of a Dropsical Man, and Manifold Teachings at a Sabbath Feast.
2. man before him--not one of the company, since this was apparently before the guests sat down, and probably the man came in hope of a cure, though not expressly soliciting it [De Wette].
Lik 14:3-6
Lik 14:7-11
7-11. a parable--showing that His design was not so much to inculcate mere politeness or good manners, as underneath this to teach something deeper (Lu 14:11).
chief rooms--principal seats, in the middle part of the couch on which they reclined at meals, esteemed the most honorable.
Lik 14:12-14
12-14. call not thy friends--Jesus certainly did not mean us to dispense with the duties of ordinary fellowship, but, remitting these to their proper place, inculcates what is better [Bengel].
lest ... a recompense be given thee--a fear the world is not afflicted with [Bengel]. The meaning, however, is that no exercise of principle is involved in it, as selfishness itself will suffice to prompt to it (Mt 5:46, 47).
Lik 14:15-24
15-24. when one ... heard ... he said, Blessed, &c.--As our Lord's words seemed to hold forth the future "recompense" under the idea of a great Feast, the thought passes through this man's mind, how blessed they would be who should be honored to sit down to it. Our Lord's reply is in substance this: "The great Feast is prepared already; the invitations are issued, but declined; the feast, notwithstanding, shall not want abundance of guests; but not one of its present contemners--who shall yet come to sue for admission--shall be allowed to taste of it." This shows what was lacking in the seemingly pious exclamation of this man. It was Balaam's, "Let me die the death of the righteous, and let my last end be like his" (Nu 23:10), without any anxiety about living his life; fondly wishing that all were right with him at last, while all heedless of the precious present.
Lik 14:25
Lu 14:25-35. Address to Great Multitudes Travelling with Him.
25. great multitudes with him--on His final journey to Jerusalem. The "great multitudes" were doubtless people going to the passover, who moved along in clusters (Lu 2:44), and who on this occasion falling in with our Lord had formed themselves into one mass about Him.
Lik 14:26-27
26-27. If any man, &c.--(See on Mt 10:34-36, and Mr 8:34, 35).
Lik 14:28-33
28-33. which of you, &c.--Common sense teaches men not to begin any costly work without first seeing that they have wherewithal to finish. And he who does otherwise exposes himself to general ridicule. Nor will any wise potentate enter on a war with any hostile power without first seeing to it that, despite formidable odds (two to one), he be able to stand his ground; and if he has no hope of this, he will feel that nothing remains for him but to make the best terms he can. Even so, says our Lord, "in the warfare you will each have to wage as My disciples, despise not your enemy's strength, for the odds are all against you; and you had better see to it that, despite every disadvantage, you still have wherewithal to hold out and win the day, or else not begin at all, and make the best you can in such awful circumstances." In this simple sense of the parable (Stier, Alford, &c., go wide of the mark here in making the enemy to be God, because of the "conditions of peace," Lu 14:32), two things are taught: (1) Better not begin (Re 3:15), than begin and not finish. (2) Though the contest for salvation be on our part an awfully unequal one, the human will, in the exercise of that "faith which overcometh the world" (1Jo 5:4), and nerved by power from above, which "out of weakness makes it strong" (He 11:34; 1Pe 1:5), becomes heroical and will come off "more than conqueror." But without absolute surrender of self the contest is hopeless (Lu 14:33).
Lik 14:34-35
34-35. Salt, &c.--(See on Mt 5:13-16; and Mr 9:50).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
