Jozye 7
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men, pèp Izrayèl la te dezobeyi lòd Seyè a te bay pou yo pa t' pran anyen nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Te gen yon nonm nan branch fanmi Jida a ki te rele Akan. Se te pitit Kami. Kami sa a te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak. Akan sa a te pran kichòy nan sa yo te gen pou yo detwi nèt yo. Kifè Seyè a te move anpil sou pèp Izrayèl la. 2 Jozye te voye kèk moun soti lavil Jeriko ale bò Ayi, yon lavil ki te toupre Bèt Avenn, sou bò solèy leve lavil Betèl. Li te di yo pou y' al wè jan sa ye nan peyi a. Mesye yo ale vre, yo wè jan sa ye nan lavil Ayi. 3 Lè yo tounen vin jwenn Jozye, yo di li: -Nou pa bezwen deplase tout moun. N'a voye de twa mil moun konsa pou atake lavil Ayi a. Ou pa bezwen voye tout moun al goumen, paske pa gen anpil moun la. 4 Lè sa a, yo chwazi twamil sòlda konsa ki te moute al atake. Men, moun lavil Ayi yo te fè yo kraze rak. 5 Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan men wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pè. Yo pèdi kouraj. 6 Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn. 7 Epi Jozye di: -Ay, Seyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòt bò larivyè Jouden an? Gen lè se pou ou te lage nou nan men moun Amori yo pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòt bò larivyè Jouden an! 8 Tanpri, Mèt mwen! Kisa m' ka di koulye a lè m' wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l' yo? 9 Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou? 10 Seyè a di Jozye konsa: -Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa? 11 Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. 12 Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou. 13 Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou. 14 Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Seyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Seyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Seyè a va denonse a va fè moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. 15 Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la. 16 Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Seyè a te denonse. 17 Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Seyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Seyè a te denonse. 18 Zabdi fè tout moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Seyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a. 19 Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen. 20 Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè. 21 Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt. 22 Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt. 23 Yo pran yo, yo soti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Seyè a. 24 Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l' yo, pitit gason l' yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l' yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè. 25 Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch. 26 Yo mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè. Se konsa Seyè a te sispann move sou pèp la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jozye 7:1
Jos 7:1. Achan's Trespass.
1. the children of Israel committed a trespass in the accursed thing--There was one transgressor against the cherem, or ban, on Jericho, and his transgression brought the guilt and disgrace of sin upon the whole nation.
Achan--called afterwards "Achar" ("trouble") (1Ch 2:7).
Zabdi--or Zimri (1Ch 2:6).
Zerah--or Zarah, son of Judah and Tamar (Ge 38:30). His genealogy is given probably to show that from a parentage so infamous the descendants would not be carefully trained in the fear of God.
Jozye 7:2
Jos 7:2-26. The Israelites Smitten at Ai.
2. Joshua sent men from Jericho to Ai--After the sacking of Jericho, the next step was to penetrate into the hills above. Accordingly, spies went up the mountain pass to view the country. The precise site of Ai, or Hai, is indicated with sufficient clearness (Ge 12:8; 13:3) and has been recently discovered in an isolated tell, called by the natives Tell-el-Hajar, "the mount of stones," at two miles', or thirty-five minutes' distance, east southeast from Beth-el [Van De Velde].
Beth-aven--("house of vanity")--a name afterwards given derisively (Ho 4:15; 5:8; 10:5), on account of its idolatries, to Beth-el, "house of God," but here referred to another place, about six miles east of Beth-el and three north of Ai.
Jozye 7:3
3. Let not all the people go up, ... for they are but few--As the population of Ai amounted to twelve thousand (Jos 8:25), it was a considerable town; though in the hasty and distant reconnoitre made by the spies, it probably appeared small in comparison to Jericho; and this may have been the reason for their proposing so small a detachment to capture it.
Jozye 7:4-5
4-5. they fled before the men of Ai--An unexpected resistance, and the loss of thirty-six of their number diffused a panic, which ended in an ignominious rout.
Jozye 7:6-9
6-9. Joshua rent his clothes, and fell to the earth ... before the ark ... he and the elders--It is evident, from those tokens of humiliation and sorrow, that a solemn fast was observed on this occasion. The language of Joshua's prayer is thought by many to savor of human infirmity and to be wanting in that reverence and submission he owed to God. But, although apparently breathing a spirit of bold remonstrance and complaint, it was in reality the effusion of a deeply humbled and afflicted mind, expressing his belief that God could not, after having so miraculously brought His people over Jordan into the promised land, intend to destroy them, to expose them to the insults of their triumphant enemies, and bring reproach upon His own name for inconstancy or unkindness to His people, or inability to resist their enemies. Unable to understand the cause of the present calamity, he owned the hand of God.
Jozye 7:10-15
10-15. the Lord said unto Joshua, Get thee up--The answer of the divine oracle was to this effect: the crisis is owing not to unfaithfulness in Me, but sin in the people. The conditions of the covenant have been violated by the reservation of spoil from the doomed city; wickedness, emphatically called folly, has been committed in Israel (Psa 14:1), and dissimulation, with other aggravations of the crime, continues to be practised. The people are liable to destruction equally with the accursed nations of Canaan (De 7:26). Means must, without delay, be taken to discover and punish the perpetrator of this trespass that Israel may be released from the ban, and things be restored to their former state of prosperity.
Jozye 7:16-18
16-18. So Joshua rose up early, and brought Israel by their tribes--that is, before the tabernacle. The lot being appealed to (Pr 16:33), he proceeded in the inquiry from heads of tribes to heads of families, and from heads of households in succession to one family, and to particular persons in that family, until the criminal was found to be Achan, who, on Joshua's admonition, confessed the fact of having secreted for his own use, in the floor of his tent, spoil both in garments and money [Jos 7:19-21]. How dreadful must have been his feelings when he saw the slow but certain process of discovery! (Nu 32:23).
Jozye 7:19
19. Joshua said unto Achan, My son, give ... glory to God--a form of adjuration to tell the truth.
Jozye 7:21
21. a goodly Babylonish garment--literally, "a mantle of Shinar." The plain of Shinar was in early times celebrated for its gorgeous robes, which were of brilliant and various colors, generally arranged in figured patterns, probably resembling those of modern Turkish carpets, and the colors were either interwoven in the loom or embroidered with the needle.
two hundred shekels of silver--equivalent to £22 10s. sterling, according to the old Mosaic shekel, or the half of that sum, reckoning by the common shekel.
a wedge of gold--literally, an ingot or bar in the shape of a tongue.
Jozye 7:22-23
22-23. Joshua sent messengers, and they ran unto the tent--from impatient eagerness not only to test the truth of the story, but to clear Israel from the imputation of guilt. Having discovered the stolen articles, they laid them out before the Lord, "as a token of their belonging to Him" on account of the ban.
Jozye 7:24-26
24-26. Joshua, and all Israel with him, took Achan--He with his children and all his property, cattle as well as movables, were brought into one of the long broad ravines that open into the Ghor, and after being stoned to death (Nu 15:30-35), his corpse, with all belonging to him, was consumed to ashes by fire. "All Israel" was present, not only as spectators, but active agents, as many as possible, in inflicting the punishment--thus testifying their abhorrence of the sacrilege, and their intense solicitude to regain the divine favor. As the divine law expressly forbade the children to be put to death for their father's sins (De 24:16), the conveyance of Achan's "sons and daughters" to the place of execution might be only as spectators, that they might take warning by the parental fate; or, if they shared his punishment (Jos 22:20), they had probably been accomplices in his crime, and, indeed, he could scarcely have dug a hole within his tent without his family being aware of it.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
