Jòb 15
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa: 2 -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè. 3 Li p'ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen. 4 Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye. 5 Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay. 6 Se bouch ou menm k'ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k'ap fini avè ou. 7 Manyè di m' non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo? 8 Eske ou te la lè Bondye t'ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun? 9 Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann? 10 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou. 11 Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N'ap pale byen dousman avè ou la a. 12 Men, gade jan ou move! W'ap louvri je ou sou nou! 13 W'ap pase kòlè ou sou Bondye. W'ap plede joure l'. 14 Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye? 15 Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l'. 16 Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo! 17 Koulye a, Jòb, koute m'. Kite m' esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè. 18 Moun ki gen bon konprann moutre m' anpil verite. Yo pa t' kache m' anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l'. 19 Granmoun sa yo t'ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t' mele ak yo. 20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan. 21 Rèl moun k'ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo. 22 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo. 23 Y'ap kouri adwat agoch, y'ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y'ap pran yo. 24 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay. 25 Men sa k'ap tann moun k'ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye. 26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye. 27 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès! 28 Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi. 29 Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt. 30 Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale. 31 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p'ap sèvi yo anyen. 32 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p'ap pouse fèy ankò. 33 Y'ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l'. 34 Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè. 35 Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l'ap twonpe.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jòb 15:2
SECOND SERIES.
Job 15:1-35. Second Speech of Eliphaz.
2. a wise man--which Job claims to be.
vain knowledge--Hebrew, "windy knowledge"; literally, "of wind" (Job 8:2). In Ec 1:14, Hebrew, "to catch wind," expresses to strive for what is vain.
east wind--stronger than the previous "wind," for in that region the east wind is the most destructive of winds (Is 27:8). Thus here,--empty violence.
belly--the inward parts, the breast (Pr 18:8).
Jòb 15:4
4. fear--reverence for God (Job 4:6; Psa 2:11).
prayer--meditation, in Psa 104:34; so devotion. If thy views were right, reasons Eliphaz, that God disregards the afflictions of the righteous and makes the wicked to prosper, all devotion would be at an end.
Jòb 15:5
5. The sophistry of thine own speeches proves thy guilt.
Jòb 15:6
6. No pious man would utter such sentiments.
Jòb 15:7
Jòb 15:8
8. secret--rather, "Wast thou a listener in the secret council of God?" The Hebrew means properly the cushions of a divan on which counsellors in the East usually sit. God's servants are admitted to God's secrets (Psa 25:14; Ge 18:17; Joh 15:15).
restrain--Rather, didst thou take away, or borrow, thence (namely, from the divine secret council) thy wisdom? Eliphaz in this (Job 15:8, 9) retorts Job's words upon himself (Job 12:2, 3; 13:2).
Jòb 15:9
9. in us--or, "with us," Hebraism for "we are aware of."
Jòb 15:10
10. On our side, thinking with us are the aged. Job had admitted that wisdom is with them (Job 12:12). Eliphaz seems to have been himself older than Job; perhaps the other two were also (Job 32:6). Job, in Job 30:1, does not refer to his three friends; it therefore forms no objection. The Arabs are proud of fulness of years.
Jòb 15:11
11. consolations--namely, the revelation which Eliphaz had stated as a consolatory reproof to Job, and which he repeats in Job 15:14.
secret--Hast thou some secret wisdom and source of consolation, which makes thee disregard those suggested by me? (Job 15:8). Rather, from a different Hebrew root, Is the word of kindness or gentleness addressed by me treated by thee as valueless? [Umbreit].
Jòb 15:12
Jòb 15:13
13. That is, frettest against God and lettest fall rash words.
Jòb 15:14
Jòb 15:15
Jòb 15:16
Jòb 15:17
17. In direct contradiction of Job's position (Job 12:6, &c.), that the lot of the wicked was the most prosperous here, Eliphaz appeals (1) to his own experience, (2) to the wisdom of the ancients.
Jòb 15:18
18. Rather, "and which as handed down from their fathers, they have not concealed."
Jòb 15:19
19. Eliphaz speaks like a genuine Arab when he boasts that his ancestors had ever possessed the land unmixed with foreigners [Umbreit]. His words are intended to oppose Job's (Job 9:24); "the earth" in their case was not "given into the hand of the wicked." He refers to the division of the earth by divine appointment (Ge 10:5; 25:32). Also he may insinuate that Job's sentiments had been corrupted from original purity by his vicinity to the Sabeans and Chaldeans [Rosenmuller].
Jòb 15:20
20. travaileth--rather, "trembleth of himself," though there is no real danger [Umbreit].
and the number of his years, &c.--This gives the reason why the wicked man trembles continually; namely, because he knows not the moment when his life must end.
Jòb 15:21
Jòb 15:22
22. darkness--namely, danger or calamity. Glancing at Job, who despaired of restoration: in contrast to good men when in darkness (Mi 7:8, 9).
waited for of--that is, He is destined for the sword [Gesenius]. Rather (in the night of danger), "he looks anxiously towards the sword," as if every sword was drawn against him [Umbreit].
Jòb 15:23
23. Wandereth in anxious search for bread. Famine in Old Testament depicts sore need (Is 5:13). Contrast the pious man's lot (Job 5:20-22).
knoweth--has the firm conviction. Contrast the same word applied to the pious (Job 5:24, 25).
ready at his hand--an Arabic phrase to denote a thing's complete readiness and full presence, as if in the hand.
Jòb 15:24
24. prevail--break upon him suddenly and terribly, as a king, &c. (Pr 6:11).
Jòb 15:25
Jòb 15:26
26. on his neck--rather, "with outstretched neck," namely, that of the rebel [Umbreit] (Psa 75:5).
upon ... bucklers--rather, "with--his (the rebel's, not God's) bucklers." The rebel and his fellows are depicted as joining shields together, to form a compact covering over their heads against the weapons hurled on them from a fortress [Umbreit and Gesenius].
Jòb 15:27
Jòb 15:28
Jòb 15:29
29. Rather, he shall not increase his riches; he has reached his highest point; his prosperity shall not continue.
perfection--rather, "His acquired wealth--what he possesses--shall not be extended," &c.
Jòb 15:30
Jòb 15:31
Jòb 15:32
32. Literally, "it (the tree to which he is compared, Job 15:30, or else his life) shall not be filled up in its time"; that is, "he shall be ended before his time."
shall not be green--image from a withered tree; the childless extinction of the wicked.
Jòb 15:33
Jòb 15:34
34. Rather, The binding together of the hypocrites (wicked) shall be fruitless [Umbreit].
tabernacles of bribery--namely, dwellings of unjust judges, often reprobated in the Old Testament (Is 1:23). The "fire of God" that consumed Job's possessions (Job 1:16) Eliphaz insinuates may have been on account of Job's bribery as an Arab sheik or emir.
Jòb 15:35
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
