Jan 4

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Farizyen yo tande Jezi t'ap fè plis patizan pase Jan, li t'ap batize plis moun pase l' tou. 2 (Men, pou di vre, Jezi pa t' janm batize pesonn. Se disip li yo ki t'ap batize.) 3 Lè Jezi vin konn sa, li kite peyi Jide, li tounen nan peyi Galile. 4 Sou wout la, fòk li te pase nan mitan peyi Samari. 5 Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l' lan. 6 Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa. 7 Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè. 8 (Disip li yo te ale lavil la achte manje.) 9 Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m' dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapò ak moun Samari.) 10 Jezi reponn li: Si ou te konnen sa Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo pou bwè a, se ou menm ki ta mande l' ba ou ti gout dlo bwè. Lè sa a, li ta ka ba ou nan dlo ki bay lavi a. 11 Fanm lan di li: Msye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a? 12 Se Jakòb, zansèt nou, ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo ansanm ak tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Koulye a, ou prèt pou di m' ou pi gran pase Jakòb? 13 Jezi reponn li: Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l' swaf dlo ankò. 14 Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an. 15 Fanm lan di l': Tanpri, msye, ban m' ti gout nan dlo sa a non pou m' bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo. 16 Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la. 17 Fanmi lan reponn: Mwen pa gen mari. Jezi di l' konsa: Ou gen rezon di ou pa gen mari. 18 Paske, ou pase senk mari deja. Epi nonm k'ap viv avè ou koulye a, se pa mari ou li ye. Ou pa ban m' manti. 19 Lè sa a, fanm lan di l': Gen lè ou se yon pwofèt, msye? 20 Zansèt nou yo nan peyi Samari te sèvi Bondye sou mòn sa a. Men nou menm jwif, nou di: Sèl kote pou moun sèvi Bondye, se lavil Jerizalèm. 21 Jezi reponn li: Madanm, ou mèt kwè mwen. Lè a pral rive, se pa ni sou mòn sa a, ni lavil Jerizalèm pou n' sèvi Papa a. 22 Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti. 23 Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k'ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. 24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k'ap sèvi l', se pou yo sèvi l' nan lespri yo jan sa dwe fèt la. 25 Fanm lan di li: Mwen konnen Mesi a, moun yo rele Kris la, gen pou l' vini tou. Lè la vini, la esplike nou tout bagay sa yo. 26 Jezi reponn li: Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen se Kris la. 27 Lè sa a, disip Jezi yo vin rive. Yo te sezi wè l' ap pale ak yon fanm. Men, yo yonn pa mande l': Kisa ou gen avèk li? Osinon: Poukisa w'ap pale avè li? 28 Fanm lan menm kite krich dlo a la, li tounen li al lavil la. Li di moun yo: 29 Vini wè yon nonm ki di m' tou sa m' fè. Eske nou pa kwè se Kris la? 30 Moun yo soti lavil la, yo vin jwenn Jezi. 31 Disip yo menm, bò pa yo, t'ap mande Jezi pou l' manje. Yo t'ap di l': Tanpri, Mèt, manje kichòy non! 32 Men, li reponn yo: Mwen gen pou m' manje yon manje nou pa konnen. 33 Lè sa a, disip yo yonn pran mande lòt: Gen lè yon moun pote manje ba li. 34 Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a. 35 Nou menm, nou di: Nan kat mwa ankò nou pral fè rekòt. Mwen menm, mwen di nou: Gade jaden yo byen. Grenn yo fin mi, yo tou bon pou ranmase. 36 Yo gen tan peye moun k'ap ranmase rekòt la, l'ap anpile grenn yo pou lavi ki p'ap janm fini an. Se konsa, moun k'ap simen an kontan; moun k'ap ranmase a kontan tou ansanm avèk li. 37 Sa pawòl la di a, se vre wi: Moun ki simen an, se pa li ki ranmase. 38 Mwen voye nou ranmase nan yon jaden nou pa t' travay. Se lòt moun ki te travay li. Men, se nou menm k'ap pwofite travay yo. 39 Anpil moun Samari ki te rete nan Sika te kwè nan Jezi poutèt sa madanm lan te di yo: Li di m' tou sa m' fè. 40 Se konsa, lè yo rive bò kote li, yo mande l' pou l' rete avèk yo. Jezi pase de jou nan lavil la. 41 Te gen anpil lòt moun ankò ki te kwè nan li, poutèt sa Jezi menm t'ap di yo. 42 Yo di fanm lan konsa: Koulye a nou kwè, se pa sèlman poutèt sa ou rakonte nou an, men tou paske nou tande l' nou menm ak de zòrèy nou. Nou konnen se li menm vre ki vin delivre moun sou latè. 43 Lè Jezi fin pase de jou sa yo la, li pati, li ale nan peyi Galile. 44 Paske, se Jezi menm ki te di: Yo pa janm respekte yon pwofèt nan peyi kote l' soti. 45 Lè li rive nan Galile, moun Galile yo te byen resevwa l', paske yo menm tou yo te al lavil Jerizalèm pou fèt Delivrans lan, yo te wè tou sa li te fè lè sa a. 46 Apre sa, Jezi tounen vin Kana nan Galile, kote li te fè dlo tounen diven an. Nan lavil la te gen yon gwo fonksyonè leta ki te gen yon pitit gason l' ki te malad nan yon lòt lavil yo rele Kapènawòm. 47 Lè li vin konnen Jezi te soti peyi Jide vin nan peyi Galile, li al jwenn li, li mande l' pou li al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri. 48 Jezi di l' konsa: Si nou pa wè mirak ak bèl bagay, nou p'ap janm kwè. 49 Fonksyonè a reponn li: Mèt, vin avè m' non, anvan pitit mwen an gen tan mouri. 50 Jezi di li: Ou mèt al lakay ou. Pitit ou a p'ap mouri. Nonm lan kwè sa Jezi te di l' la, li ale. 51 Li te sou wout lakay li toujou lè domestik li yo vin jwenn li avèk nouvèl sa a: Pitit ou a pa mouri. 52 Li mande yo: Kilè ti gason an refè? Yo reponn li: Yè apremidi, bò enè konsa, lafyèb la tonbe. 53 Papa a vin rekonèt se te lè sa a menm Jezi te di l': Pitit gason ou lan p'ap mouri. Se konsa li menm ansanm ak tout moun lakay li yo kwè nan Jezi. 54 Sa te fè dezyèm mirak Jezi te fè lè l' tounen soti Jide vini nan peyi Galile.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jan 4:1-4

Joh 4:1-42. Christ and the Woman of Samaria--The Samaritans of Sychar.

1-4. the Lord knew--not by report, but in the sense of Joh 2:25, for which reason He is here styled "the Lord."

Jan 4:5

5. cometh ... to--that is, as far as: for He remained at some distance from it.

Sychar--the "Shechem" of the Old Testament, about thirty-four miles from Jerusalem, afterwards called "Neapolis," and now "Nablous."

Jan 4:6-8

6-8. wearied ... sat thus--that is, "as you might fancy a weary man would"; an instance of the graphic style of St. John [Webster and Wilkinson]. In fact, this is perhaps the most human of all the scenes of our Lord's earthly history. We seem to be beside Him, overhearing all that is here recorded, nor could any painting of the scene on canvas, however perfect, do other than lower the conception which this exquisite narrative conveys to the devout and intelligent reader. But with all that is human, how much also of the divine have we here, both blended in one glorious manifestation of the majesty, grace, pity, patience with which "the Lord" imparts light and life to this unlikeliest of strangers, standing midway between Jews and heathens.

the sixth hour--noonday, reckoning from six A.M. From So 1:7 we know, as from other sources, that the very flocks "rested at noon." But Jesus, whose maxim was, "I must work the works of Him that sent Me while it is day" (Joh 9:4), seems to have denied Himself that repose, at least on this occasion, probably that He might reach this well when He knew the woman would be there. Once there, however, He accepts ... the grateful ease of a seat on the patriarchal stone. But what music is that which I hear from His lips, "Come unto Me, all ye that labor and are heavy laden, and I will give you rest" (Mt 11:28).

Jan 4:9-12

9-12. How is it that thou--not altogether refusing, yet wondering at so unusual a request from a Jew, as His dress and dialect would at once discover Him to be, to a Samaritan.

for, &c.--It is this national antipathy that gives point to the parable of the good Samaritan (Lu 10:30-37), and the thankfulness of the Samaritan leper (Lu 17:16, 18).

Jan 4:13-14

13-14. thirst again ... never thirst, &c.--The contrast here is fundamental and all comprehensive. "This water" plainly means "this natural water and all satisfactions of a like earthly and perishable nature." Coming to us from without, and reaching only the superficial parts of our nature, they are soon spent, and need to be anew supplied as much as if we had never experienced them before, while the deeper wants of our being are not reached by them at all; whereas the "water" that Christ gives--spiritual life--is struck out of the very depths of our being, making the soul not a cistern, for holding water poured into it from without, but a fountain (the word had been better so rendered, to distinguish it from the word rendered "well" in Joh 4:11), springing, gushing, bubbling up and flowing forth within us, ever fresh, ever living. The indwelling of the Holy Ghost as the Spirit of Christ is the secret of this life with all its enduring energies and satisfactions, as is expressly said (Joh 7:37-39). "Never thirsting," then, means simply that such souls have the supplies at home.

into everlasting life--carrying the thoughts up from the eternal freshness and vitality of these waters to the great ocean in which they have their confluence. "Thither may I arrive!" [Bengel].

Jan 4:15-18

15-18. give me this water, &c.--This is not obtuseness--that is giving way--it expresses a wondering desire after she scarce knew what from this mysterious Stranger.

Jan 4:19-20

19-20. Sir, I perceive, &c.--Seeing herself all revealed, does she now break down and ask what hopes there might be for one so guilty? Nay, her convictions have not reached that point yet. She ingeniously shifts the subject from a personal to a public question. It is not, "Alas, what a wicked life am I leading!" but "Lo, what a wonderful prophet I got into conversation with! He will be able to settle that interminable dispute between us and the Jews. Sir, you must know all about such matters--our fathers hold to this mountain here," pointing to Gerizim in Samaria, "as the divinely consecrated place of worship, but ye Jews say that Jerusalem is the proper place--which of us is right?" How slowly does the human heart submit to thorough humiliation! (Compare the prodigal; see on Lu 15:15). Doubtless our Lord saw through the fetch; but does He say, "That question is not the point just now, but have you been living in the way described, yea or nay? Till this is disposed of I cannot be drawn into theological controversies." The Prince of preachers takes another method: He humors the poor woman, letting her take her own way, allowing her to lead while He follows--but thus only the more effectually gaining His object. He answers her question, pours light into her mind on the spirituality of all true worship, as of its glorious Object, and so brings her insensibly to the point at which He could disclose to her wondering mind whom she was all the while speaking to.

Jan 4:21-24

21-24. Woman, &c.--Here are three weighty pieces of information: (1) The point raised will very soon cease to be of any moment, for a total change of dispensation is about to come over the Church. (2) The Samaritans are wrong, not only as to the place, but the whole grounds and nature of their worship, while in all these respects the truth lies with the Jews. (3) As God is a Spirit, so He both invites and demands a spiritual worship, and already all is in preparation for a spiritual economy, more in harmony with the true nature of acceptable service than the ceremonial worship by consecrated persons, place, and times, which God for a time has seen meet to keep up till fulness of the time should come.

neither in this mountain nor yet at Jerusalem--that is, exclusively (Mal 1:11; 1Ti 2:8).

worship the Father--She had talked simply of "worship"; our Lord brings up before her the great Object of all acceptable worship--"THE Father."

Jan 4:25-26

25-26. I know Messias cometh ... when He is come, &c.--If we take our Lord's immediate disclosure of Himself, in answer to this, as the proper key to its meaning to His ear, we can hardly doubt that the woman was already all but prepared for even this startling announcement, which indeed she seems (from Joh 4:29) to have already begun to suspect by His revealing her to herself. Thus quickly, under so matchless a Teacher, was she brought up from her sunken condition to a frame of mind and heart capable of the noblest revelations.

tell us all things--an expectation founded probably on De 18:15.

Jan 4:27

27. marvelled that he talked with the woman--It never probably occurred to them to marvel that He talked with themselves; yet in His eye, as the sequel shows, He was quite as nobly employed. How poor, if not false, are many of our most plausible estimates!

no man said ... What? ... Why?--awed by the spectacle, and thinking there must be something under it.

Jan 4:28-30

28-30. left her water-pot--How exquisitely natural! The presence of strangers made her feel that it was time for her to withdraw, and He who knew what was in her heart, and what she was going to the city to do, let her go without exchanging a word with her in the hearing of others. Their interview was too sacred, and the effect on the woman too overpowering (not to speak of His own deep emotion) to allow of its being continued. But this one artless touch--that she "left her water-pot"--speaks volumes. The living water was already beginning to spring up within her; she found that man doth not live by bread nor by water only, and that there was a water of wondrous virtue that raised people above meat and drink, and the vessels that held them, and all human things. In short, she was transported, forgot everything but One, and her heart running over with the tale she had to tell, she hastens home and pours it out.

Jan 4:31-38

31-38. meantime--that is, while the woman was away.

Master, eat--Fatigue and thirst we saw He felt; here is revealed another of our common infirmities to which the Lord was subject--hunger.

Jan 4:39-42

39-42. many ... believed, &c.--The truth of Joh 4:35 begins to appear. These Samaritans were the foundation of the Church afterwards built up there. No miracle appears to have been wrought there (but unparalleled supernatural knowledge displayed): "we have heard Him ourselves" (Joh 4:42) sufficed to raise their faith to a point never attained by the Jews, and hardly as yet by the disciples--that He was "the Saviour of the world" [Alford]. "This incident is further remarkable as a rare instance of the Lord's ministry producing an awakening on a large scale" [Olshausen].

Jan 4:43-44

Joh 4:43-54. Second Galilean Miracle--Healing of the Courtier's Son.

43-44. after two days--literally, the two days of His stay at Sychar.

Jan 4:45

45. received--welcomed Him.

having seen ... at the feast--proud, perhaps, of their Countryman's wonderful works at Jerusalem, and possibly won by this circumstance to regard His claims as at least worthy of respectful investigation. Even this our Lord did not despise, for saving conversion often begins in less than this (so Zaccheus, Lu 19:3-10).

for they also went--that is, it was their practice to go up to the feast.

Jan 4:46-47

46-47. nobleman--courtier, king's servant, or one connected with a royal household; such as Chuza (Lu 8:3), or Manaen (Ac 13:1).

heard that Jesus was come out of Judea--"where he had doubtless seen or heard what things Jesus had done at Jerusalem" (Joh 4:45), [Bengel].

come down--for Capernaum was down on the northwest shore of the Sea of Galilee.

Jan 4:48-54

48-54. Except ye see signs, &c.--He did believe, both as his coming and his urgent entreaty show; but how imperfectly we shall see; and our Lord would deepen his faith by such a blunt and seemingly rough answer as He made to Nicodemus.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.