Jan 20

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Nan dimanch maten, byen bonè, li pa t' ankò fin jou, Mari, moun Magdala a, al nan kavo a. Li wè yo te wete wòch ki te fèmen bouch kavo a. 2 Li kouri, li al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyè a kote l' te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li. 3 Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y' al nan kavo a. 4 Yo t'ap kouri ansanm, men lòt disip la t'ap kouri pi vit pase Pyè. Li rive bò kavo a anvan li. 5 Li bese pou l' gade anndan an. Li wè bann twal fin yo te fè yon pil atè a. Men, li pa antre. 6 Lè Simon Pyè rive dèyè l', li antre nan kavo a. Li wè bann twal fin yo anpile atè a 7 ansanm ak moso twal ki te mare tèt Jezi a. Men, moso twal sa a pa t' menm kote ak bann twal fin yo. Li te vlope apa yon lòt kote. 8 Se lè sa a, lòt disip ki te rive bò kavo a anvan an antre tou. Li wè, li kwè. 9 (Disip yo pa t' ankò konprann sa ki te ekri nan Liv la kote yo te di Jezi te gen pou l' te leve soti vivan pami mò yo.) 10 Apre sa, tou de disip yo tounen lakay yo. 11 Mari menm te rete deyò toupre kavo a. Li t'ap kriye. Antan l' t'ap kriye konsa, li bese tèt li pou l' gade anndan kavo a. 12 Li wè de zanj Bondye abiye tout an blan, chita kote yo te mete kò Jezi a, yonn nan plas tèt la, lòt la nan plas pye yo. 13 Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li. 14 Lè l' fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t' rekonèt si se te Jezi. 15 Jezi mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: Mèt, si se ou menm ki wete l', di m' ki bò ou mete li. M'a v al pran li. 16 Jezi di li: Mari! Mari vire bò kot Jezi, li di l' an lang ebre: Rabouni (sa vle di: Mèt). 17 Jezi di li: Pa manyen m'! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Men, ale jwenn frè m' yo, di yo m'ap moute bò kot Papa m' ki papa nou tou, m'ap moute bò kot Bondye m' ki Bondye nou tou. 18 Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: Mwen wè Seyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li. 19 Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout! 20 Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l' ak bò kòt li. Disip yo pa t' manke kontan lè yo wè Seyè a. 21 Jezi di yo ankò: benediksyon Bondye sou nou tout! Menm jan Papa a te voye m' lan, se konsa m'ap voye nou tou. 22 Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: Resevwa Sentespri. 23 Moun n'a padone peche yo, y'a resevwa padon vre. Moun n'a refize padone, yo p'ap resevwa padon. 24 Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pa t' la avèk yo lè Jezi te vini an. 25 Lòt disip yo di li: Nou wè Seyè a. Men, Toma reponn yo: Si m' pa wè mak klou yo nan pla men l', si m' pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m' pa mete men m' nan bò kòt li, mwen p'ap kwè. 26 Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout. 27 Apre sa li di Toma: Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m' yo. Lonje men ou, mete l' la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. 28 Toma reponn li: Seyè mwen, Bondye mwen! 29 Jezi di li: Koulye a, se paske ou wè m' kifè ou kwè? benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen! 30 Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a. 31 Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jan 20:1-2

Joh 20:1-18. Mary's Visit to the Sepulchre, and Return to It with Peter and John--Her Risen Lord Appears to Her.

1-2. The first day ... cometh Mary Magdalene early, &c.--(See on Mr 16:1-4; and Mt 28:1, 2).

she runneth and cometh to Simon Peter, and to the other disciple whom Jesus loved, and saith unto them, They have taken away the Lord out of the sepulchre--Dear disciple! thy dead Lord is to thee "the Lord" still.

Jan 20:3-10

3-10. Peter therefore went forth, and that other disciple, and came first to the sepulchre--These particulars have a singular air of artless truth about them. Mary, in her grief, runs to the two apostles who were soon to be so closely associated in proclaiming the Saviour's resurrection, and they, followed by Mary, hasten to see with their own eyes. The younger disciple outruns the older; love haply supplying swifter wings. He stoops, he gazes in, but enters not the open sepulchre, held back probably by a reverential fear. The bolder Peter, coming up, goes in at once, and is rewarded with bright evidence of what had happened.

Jan 20:11-15

11-15. But Mary stood without at the sepulchre weeping, &c.--Brief was the stay of those two men. But Mary, arriving perhaps by another direction after they left, lingers at the spot, weeping for her missing Lord. As she gazes through her tears on the open tomb, she also ventures to stoop down and look into it, when lo! "two angels in white" (as from the world of light, and see on Mt 28:3) appear to her in a "sitting" posture, "as having finished some business, and awaiting some one to impart tidings to" [Bengel].

Jan 20:16-17

16-17. Jesus saith unto her, Mary--It is not now the distant, though respectful, "Woman." It is the oft-repeated name, uttered, no doubt, with all the wonted manner, and bringing a rush of unutterable and overpowering associations with it.

She turned herself, and saith to him, Rabboni!--But that single word of transported recognition was not enough for woman's full heart. Not knowing the change which had passed upon Him, she hastens to express by her action what words failed to clothe; but she is checked.

Jan 20:18

18. Mary Magdalene came and told the disciples that she had seen the Lord, and that he had spoken these things unto her--To a woman was this honor given to be the first that saw the risen R edeemer, and that woman was not His mother. (See on Mr 16:9).

Jan 20:19-23

Joh 20:19-23. Jesus Appears to the Assembled Disciples.

19-23. the same day at evening, the first day of the week, the doors being shut where the disciples were assembled for fear of the Jews, came Jesus--plainly not by the ordinary way of entrance.

and saith unto them Peace be unto you--not the mere wish that even His own exalted peace might be theirs (Joh 14:27), but conveying it into their hearts, even as He "opened their understandings to understand the scriptures" (Lu 24:45).

Jan 20:24-25

Joh 20:24-29. Jesus Again Appears to the Assembled Disciples.

24-25. But Thomas--(See on Joh 11:16).

was not with them when Jesus came--why, we know not, though we are loath to think (with Stier, Alford and Luthardt) it was intentional, from sullen despondency. The fact merely is here stated, as a loving apology for his slowness of belief.

Jan 20:26-29

26-29. And after eight days--that is, on the eighth, or first day of the preceding week. They probably met every day during the preceding week, but their Lord designedly reserved His second appearance among them till the recurrence of His resurrection day, that He might thus inaugurate the delightful sanctities of THE Lord's Day (Re 1:10).

disciples were within, and Thomas with them ... Jesus ... stood in the midst, and said, Peace be unto you.

Jan 20:30

30. many other signs--miracles.

Jan 20:31

31. But these are written--as sufficient specimens.

the Christ, the Son of God--the one His official, the other His personal, title.

believing ... may have life--(See on Joh 6:51-54).

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.