Jan 2

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jez te la, 2 yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou. 3 Rive yon lè pa t' gen diven ankò. Manman Jezi di l' konsa: Yo pa gen diven ankò non. 4 Men Jezi reponn li: Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m' lan poko rive. 5 Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Fè tou sa l' di nou fè. 6 Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe vin trant galon konsa. 7 Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. 8 Lè yo fini, Jezi di yo: Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. 9 Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t' konnen ki bò diven sa a te soti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, 10 li di li konsa: Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se koulye a w'ap sèvi l'. 11 Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li. 12 Apre sa, li ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l', frè l' yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la. 13 Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute Jerizalèm. 14 Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. 15 Li pran kèk kòd, li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. 16 Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès. 17 Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. 18 Jwif yo mande li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a? 19 Jezi reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou. 20 Jwif yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li? 21 Men Jezi li menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li. 22 Lè Jezi leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo. 23 Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Delivrans lan anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè. 24 Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen. 25 Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jan 2:1

Joh 2:1-12. First Miracle, Water Made Wine--Brief Visit to Capernaum.

1. third day--He would take two days to reach Galilee, and this was the third.

mother there--it being probably some relative's marriage. John never names her [Bengel].

Jan 2:3

3. no wine--evidently expecting some display of His glory, and hinting that now was His time.

Jan 2:4-5

4-5. Woman--no term of disrespect in the language of that day (Joh 19:26).

what ... to do with thee--that is, "In my Father's business I have to do with Him only." It was a gentle rebuke for officious interference, entering a region from which all creatures were excluded (compare Ac 4:19, 20).

mine hour, &c.--hinting that He would do something, but at His own time; and so she understood it (Joh 2:5).

Jan 2:6

6. firkins--about seven and a half gallons in Jewish, or nine in Attic measure; each of these huge water jars, therefore, holding some twenty or more gallons, for washings at such feasts (Mr 7:4).

Jan 2:7-8

7-8. Fill ... draw ... bear--directing all, but Himself touching nothing, to prevent all appearance of collusion.

Jan 2:9-10

9-10. well drunk--"drunk abundantly" (as So 5:1), speaking of the general practice.

Jan 2:11

11. manifested forth his glory--Nothing in the least like this is said of the miracles of prophet or apostle, nor could without manifest blasphemy be said of any mere creature. Observe, (1) At a marriage Christ made His first public appearance in any company, and at a marriage He wrought His first miracle--the noblest sanction that could be given to that God-given institution. (2) As the miracle did not make bad good, but good better, so Christianity only redeems, sanctifies, and ennobles the beneficent but abused institution of marriage; and Christ's whole work only turns the water of earth into the wine of heaven. Thus "this beginning of miracles" exhibited the character and "manifested forth the glory" of His entire Mission. (3) As Christ countenanced our seasons of festivity, so also that greater fulness which befits such; so far was He from encouraging that asceticism which has since been so often put for all religion. (4) The character and authority ascribed by Romanists to the Virgin is directly in the teeth of this and other scriptures.

Jan 2:12

12. Capernaum--on the Sea of Galilee. (See on Mt 9:1).

his mother and his brethren--(See on Lu 2:51, and Mt 13:54-56).

Jan 2:14-17

Joh 2:13-25. Christ's First Passover--First Cleansing of the Temple.

14-17. in the temple--not the temple itself, as Joh 2:19-21, but the temple-court.

sold oxen, &c.--for the convenience of those who had to offer them in sacrifice.

changers of money--of Roman into Jewish money, in which the temple dues (see on Mt 17:24) had to be paid.

Jan 2:18-22

18-22. What sign showest thou unto us, seeing that thou doest these things?--Though the act and the words of Christ, taken together, were sign enough, they were unconvinced: yet they were awed, and though at His very next appearance at Jerusalem they "sought to kill Him" for speaking of "His Father" just as He did now (Joh 5:18), they, at this early stage, only ask a sign.

Jan 2:23-25

23-25. in the feast day--the foregoing things occurring probably before the feast began.

many believed--superficially, struck merely by "the miracles He did." Of these we have no record.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.