Jeremi 44
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesaj pou tout moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs. 2 -Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk koulye a, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo. 3 Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m' fache anpil sou yo. Yo t' al ofri lansan bay lòt bondye, yo t' al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pa t' janm konnen. 4 Mwen pa t' janm sispann voye sèvitè m' yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m'. 5 Men yo pa t' koute m'. Pawòl la antre nan yon zòrèy li soti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo. 6 Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a. 7 Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape? 8 Nou deyò pou nou fè m' fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon? 9 Gen lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm? 10 Jouk jòdi a nou yonn pa règrèt sa nou te fè. Pesonn pa gen krentif pou mwen, pesonn pa soti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo. 11 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a. 12 M'ap pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz. 13 M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo. 14 Nan ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al viv nan peyi Jida a ankò, jan yo ta vle l' la, yo pa ladan l'. Yo yonn pa t' tounen, an wetan de twa ki va kouri chape kò yo. 15 Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medam ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi: 16 -Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a. 17 N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm. 18 Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou. 19 Medam yo menm poutèt pa yo di: -Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè. 20 Lè sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l' repons sa yo, li di yo konsa: 21 -Wi, nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Seyè a pa t' konn sa, osinon li bliye sa. 22 Non. Seyè a pa t' ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pesonn ladan l'. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l' jòdi a. 23 Se paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Seyè a, se paske nou pa t' koute sa li t'ap di nou, se paske nou pa t' mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a. 24 Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: -Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesaj Seyè a. 25 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la. 26 Men koulye a, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Seyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pesonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Seyè a, Bondye vivan an! 27 M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye ankenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò. 28 Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm. 29 Se mwen menm Seyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre. 30 Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki soti pou touye l' yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te soti pou touye l' la tou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 44:1
Introduction
Jeremiah reproves the Jews in Egypt for continuing in idolatry after the exemplary judgments indicted by God on their nation for that sin, Jer 44:1-14; and, upon their refusing to reform, denounces destruction to them, and to that kingdom wherein they sought protection, vv. 15-30.
Verse 1
The word that came to Jeremiah concerning all the Jews - Dahler supposes this discourse to have been delivered in the seventeenth or eighteenth year after the taking of Jerusalem.
Which dwell at Migdol - A city of Lower Egypt, not far from Pelusium.
Tahpanhes - Daphne Pelusiaca, the place to which the emigrant Jews first went.
Noph - מפס Maphes, Targum. Memphis. a celebrated city of Middle Egypt, and the capital of its district.
The country of Pathros - A district of Upper Egypt, known by the name of the Thebais. See Bochart, Lib. Phaleg, lib. iv., c. 22. Thus we find that the Jews were scattered over the principal parts of Egypt.
Jeremi 44:2-3
Verse 2
No man dwelleth therein - The desolation of the land of Judea must have been exceedingly great when this, in almost any sense, could be spoken of it.
Jeremi 44:4
Verse 4
O, do not this abominable thing - A strong specimen of affectionate entreaty. One of the finest figures of poetry, when judiciously managed, the anthropopathia, the ascribing human passions to God, is often used by this prophet: so God is said to grieve, to mourn, to have his bowels moved with compassion, to repent, to be angry, etc. Here he is represented as tenderly expostulating: O, do not; or, I entreat you, do not that abominable thing which I hate.
1. Do it not: your God commands.
2. O, do it not: your Father entreats.
3. It is an abominable thing, and should not be done.
4. I hate it, and on that account ye should abstain from it.
Jeremi 44:5-6
Verse 5
But they hearkened not -
1. They disregarded the authority of their God.
2. They were not moved by the entreaties of their most affectionate Father.
3. In abominations they delighted. And,
4. They loved that which God hated; and, apparently, because he hated it.
Jeremi 44:7-8
Verse 7
This great evil against your souls - Will not self-interest weigh with you? See what ruin your conduct has brought upon your country. Your fathers sinned as you are doing; and where are they now? Either destroyed, or in captivity. And you are now taking the same way to your own destruction.
Jeremi 44:9-14
Verse 9
Have ye forgotten the wickedness of your fathers - It seems that the women were principal agents in idolatrous practices; for the queens - the wives, of rulers and of common people, burnt incense to the queen of heaven, (the moon), Jer 44:17, and poured out drink-offerings to her.
Jeremi 44:15-18
Verse 15
Then all the men - and all the women - We have not seen the women in determined rebellion before. Here they make a common cause with their idolatrous husbands.
Jeremi 44:19-21
Verse 19
And when we burned incense to the queen of heaven - The Moon seems to have been called מלכת melecheth, as the sun was called מלך molech. The Hindoos pour out water to the sun thrice a day; and to the moon whenever they worship her.
The idolatrous worship of these people was a sort of imitation of the worship of the true God; only sacrifice was not common in it. The factious women here tell us in what it consisted.
1. They burnt incense to the moon, and perhaps to the sun and the planets.
2. They poured out libations to her.
3. They made and consecrated cakes to her.
All these were prescribed in the worship of the true God. See, among others, Exo 29:23, etc.; Lev 2:4; Lev 23:16; and Num 6:15. And the women vindicate their conduct by asserting that they did all this by the consent of their husbands: "Did we worship her without our men?"
Jeremi 44:22-29
Verse 22
Therefore is your land a desolation - I grant that ye and your husbands have joined together in these abominations; and what is the consequence? "The Lord could no longer bear because of your evil doings; and therefore is your land a desolation, and an astonishment, and a curse, without an inhabitant, this day."
Jeremi 44:30
Verse 30
Behold I will give Pharaoh-hophra - That is, Pharaoh Apries. How this and the prophecies in the preceding chapter were fulfilled, we learn from ancient historians. The sum of such information is this: the subjects of Pharaoh Apries rebelling, he sent Amasis, one of his generals, to reduce them to their duty. But no sooner had Amasis begun to make his speech, than they fixed a helmet on his head, and proclaimed him king. Amasis accepted the title, and confirmed the Egyptians in their revolt; and the greater part of the nation declaring for him, Apries was obliged to retire into Upper Egypt; and the country being thus weakened by intestine war, was attacked and easily overcome by Nebuchadnezzar, who on quitting it left Amasis his viceroy. After Nebuchadnezzar's departure, Apries marched against Amasis; but, being defeated at Memphis, was taken prisoner, carried to Sais, and was strangled in his own palace, thus verifying this prophecy. See Herodotus in Euterpe.
Thus Nebuchadnezzar made an easy conquest of the land. He conquered it as easily as "a shepherd puts on his cloak: he went thence in peace," having clothed himself with its spoils; and left all quiet under a viceroy of his own choosing. The rebellion of Pharaoh's subjects was the "fire that God kindled in Egypt," Jer 43:12. And thus was he "delivered into the hands of his enemies," his revolted people; and "into the hand of him who sought his life," i.e., Amasis his general. And thus the whole prophecy was literally fulfilled.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
