Jeremi 29
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Pwofèt Jeremi rete lavil Jerizalèm li voye yon lèt bay tout moun Nèbikadneza te depòte soti lavil Jerizalèm ale lavil Babilòn, ki vle di bay chèf fanmi, prèt, pwofèt ak tout rès pèp lavil Jerizalèm wa a te fè depòte. 2 Se te apre yo te fin pran wa Jekonya, manman li, gwo zotobre nan palè a, chèf peyi Jida ak chèf lavil Jerizalèm yo, atizan yo, bòs fòjon yo pou depòte yo. 3 Jeremi renmèt lèt la nan men de moun Sedesyas, wa peyi Jida a, t'ap voye bò kote Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se te Elasa, pitit Chafan ak Gemarya, pitit Ilkija. Jeremi voye di yo nan lèt la: 4 -Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye pou tout moun li te fè yo pran lavil Jerizalèm pou depòte jouk lavil Babilòn. 5 Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou manje. 6 Marye, fè pitit. Marye pitit gason nou yo, marye pitit fi nou yo pou yo ka fè pitit. Kote nou ye laba a, peple. Pa kite nou fin mouri. 7 Travay pou fè peyi kote Seyè a fè yo depòte nou an wè zafè l' mache byen. Lapriyè Seyè a pou yo. Paske, si sa bon pou yo la bon pou nou tou. 8 Wi, men avètisman Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ban nou: Pa kite pwofèt ki nan mitan nou yo ak divinò yo ban nou manti! Pa koute moun k'ap rakonte rèv yo fè. 9 Se pou yo ka twonpe nou pi byen kifè yo pran non m' mete devan. Se pa mwen ki voye yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 10 Seyè a di ankò: Lè lavil Babilòn lan va rive sou swasanndizan depi li kanpe a, m'a vin vizite nou, m'a fè kichòy pou nou. M'a kenbe bèl pwomès mwen te fè nou an, m'a fè nou tounen lakay nou ankò. 11 Se mwen ki konnen sa m' gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle denmen nou jwenn sa n'ap tann lan. 12 Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. 13 N'a chache m', n'a jwenn mwen paske n'a chache m' ak tout kè nou. 14 Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 15 Seyè a voye di nou sa paske nou pretann di li voye pwofèt ban nou lavil Babilòn. 16 Enben, men sa Seyè a di sou wa ki chita sou fotèy wa David la, sou pèp lavil Jerizalèm la, ki vle di rès fanmi yo pa t' depòte ansanm ak nou yo. 17 Wi. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje. 18 M'ap rete la dèyè yo ak lagè, grangou, move maladi. Tout nasyon sou latè pral sezi lè y'a wè sa ki rive yo. Nan tout peyi kote mwen pral gaye yo, moun pral fè sezisman, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè yo. Y'a pran non yo pou sèvi jouman, pou bay moun madichon. 19 Tou sa va rive yo paske yo pa t' vle koute sa m' t'ap di yo. Se Seyè a menm ki di sa. Malgre mwen pa t' sispann voye pwofèt yo, sèvitè m' yo, ba yo, yo pa janm vle koute. 20 Men, nou menm Seyè a te pran lavil Jerizalèm pou l' depòte lavil Babilòn, manyè koute sa Seyè a ap di nou! 21 Men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay sou Akab, pitit Kolaja, ansanm ak Sedesyas, pitit Maseja, ki t'ap pran non Seyè a pou bay manti. Mwen pral lage yo nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki pral fè touye yo la devan nou tout. 22 Apre sa, lè moun peyi Jida yo te depòte lavil Babilòn yo va bezwen bay moun madichon y'a sèvi ak non mesye sa yo. Y'a di: Se pou Seyè a fè ou sa l' te fè Sedesyas ansanm ak Akab wa Babilòn lan te fè boule tou vivan. 23 Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesaj mwen pa t' mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m'. Se Seyè a menm ki di sa. 24 Seyè a te bay pwofèt Jeremi yon mesaj pou Chemaja, moun Nekelam, 25 paske Chemaja te pran reskonsablite voye yon lèt bay yon prèt yo te rele Sefanya, pitit Maseja, pou tout lòt prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo. Chemaja te voye di yo: 26 -Seyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo. 27 Poukisa ou pa fè anyen ak Jeremi, nonm Anatòt la, k'ap pran pòz pwofèt li nan mitan pèp la? 28 Men koulye a li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitiyasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje. 29 Sefanya, prèt la, te li lèt la bay pwofèt Jeremi. 30 Lè sa a, Seyè a bay Jeremi lòd sa a: 31 -Voye mesaj sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Seyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l'. Li fè nou bwè yon bann manti. 32 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen pral pini Chemaya ansanm ak tout kòt fanmi li. Mwen p'ap kite yon moun nan fanmi li vivan nan mitan nou pou wè bèl bagay mwen pral fè pou pèp mwen an, paske li te moute tèt pèp la kont Bondye, Seyè a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 29:1
Jr 29:1-32. Letter of Jeremiah to the Captives in Babylon, to Counteract the Assurances Given by the False Prophets of a Speedy Restoration.
1. residue of the elders--those still surviving from the time when they were carried to Babylon with Jeconiah; the other elders of the captives had died by either a natural or a violent death.
Jeremi 29:2
2. queen--Nehushta, the queen mother, daughter of Elnathan (2Ki 24:8, 15). (Elnathan, her father, is perhaps the same as the one mentioned in Jr 26:22). She reigned jointly with her son.
princes--All the men of authority were taken away lest they should organize a rebellion. Jeremiah wrote his letter while the calamity was still recent, to console the captives under it.
Jeremi 29:3
3. Zedekiah ... sent unto Babylon--In Jr 51:59, Zedekiah himself goes to Babylon; here he sends ambassadors. Whatever was the object of the embassy, it shows that Zedekiah only reigned at the pleasure of the king of Babylon, who might have restored Jeconiah, had he pleased. Hence, Zedekiah permitted Jeremiah's letter to be sent, not only as being led by Hananiah's death to attach greater credit to the prophet's words, but also as the letter accorded with his own wish that the Jews should remain in Chaldea till Jeconiah's death.
Hilkiah--the high priest who found the book of the law in the house of the Lord, and showed it to "Shaphan" the scribe (the same Shaphan probably as here), who showed it to King Josiah (2Ki 22:8, &c.). The sons of Hilkiah and Shaphan inherited from their fathers some respect for sacred things. So in Jr 36:25, "Gemariah" interceded with King Jehoiakim that the prophet's roll should not be burned.
Jeremi 29:5
5. Build ... houses--In opposition to the false prophets' suggestions, who told the captives that their captivity would soon cease, Jeremiah tells them that it will be of long duration, and that therefore they should build houses, as Babylon is to be for long their home.
Jeremi 29:6
6. that ye ... be ... not diminished--It was God's will that the seed of Abraham should not fail; thus consolation is given them, and the hope, though not of an immediate, yet of an ultimate, return.
Jeremi 29:7
7. (Ezr 6:10; Ro 13:1; 1Ti 2:2). Not only bear the Babylonian yoke patiently, but pray for your masters, that is, while the captivity lasts. God's good time was to come when they were to pray for Babylon's downfall (Jr 51:35; Psa 137:8). They were not to forestall that time. True religion teaches patient submission, not sedition, even though the prince be an unbeliever. In all states of life let us not throw away the comfort we may have, because we have not all we would have. There is here a foretaste of gospel love towards enemies (Mt 5:44).
Jeremi 29:8
8. your dreams which ye caused to be dreamed--The Latin adage says, "The people wish to be deceived, so let them be deceived." Not mere credulity misleads men, but their own perverse "love of darkness rather than light." It was not priests who originated priestcraft, but the people's own morbid appetite to be deceived; for example, Aaron and the golden calf (Ex 32:1-4). So the Jews caused or made the prophets to tell them encouraging dreams (Jr 23:25, 26; Ec 5:7; Zec 10:2; Joh 3:19-21).
Jeremi 29:10
Jeremi 29:11
11. I know--I alone; not the false prophets who know nothing of My purposes, though they pretend to know.
thoughts ... I think--(Is 55:9). Glancing at the Jews who had no "thoughts of peace," but only of "evil" (misfortune), because they could not conceive how deliverance could come to them. The moral malady of man is twofold--at one time vain confidence; then, when that is disappointed, despair. So the Jews first laughed at God's threats, confident that they should speedily return; then, when cast down from that confidence, they sank in inconsolable despondency.
expected end--literally, "end and expectation," that is, an end, and that such an end as you wish for. Two nouns joined by "and," standing for a noun and adjective. So in Jr 36:27, "the roll and the words," that is, the roll of words; Ge 3:16, "sorrow and conception," that is, sorrow in conception. Compare Pr 23:18, where, as here "end" means "a happy issue."
Jeremi 29:12
12. Fulfilled (Da 9:3, &c.). When God designs mercy, He puts it into the hearts of His people to pray for the mercy designed. When such a spirit of prayer is poured out, it is a sure sign of coming mercy.
go--to the temple and other places of prayer: contrasted with their previous sloth as to going to seek God.
Jeremi 29:13
13. (Le 26:40-42, 44, 45).
Jeremi 29:14
Jeremi 29:15
15. Because--referring not to the preceding words, but to Jr 29:10, 11, "Jehovah saith this to you" (that is, the prophecy of the continuance of the captivity seventy years), "because ye have said, The Lord hath raised us up prophets in Babylon," namely, foretelling our speedy deliverance (this their prophecy is supposed, not expressed; accordingly, Jr 29:16-19 contradict this false hope again, Jr 29:8, 9, 21). He, in this fifteenth verse, turns his address from the godly (Jr 29:12-14) to the ungodly listeners, to false prophets.
Jeremi 29:16
16. people ... in this city ... not gone forth--So far from your returning to Jerusalem soon, even your brethren still left dwelling there shall themselves also be cast into exile. He mentions "the throne of David," lest they should think that, because David's kingdom was to be perpetual, no severe, though temporary, chastisements could interpose (Psa 89:29-36).
Jeremi 29:17
Jeremi 29:18
Jeremi 29:21
Jeremi 29:22
Jeremi 29:23
23. villainy--literally, "sinful folly" (Is 32:6).
Jeremi 29:24-32
24-32. A second communication which Jeremiah sent to Babylon, after the messenger who carried his first letter had brought a letter from the false prophet Shemaiah to Zephaniah, &c., condemning Jeremiah and reproving the authorities for not having apprehended him.
Nehelamite--a name derived either from his father or from a place: alluding at the same time to the Hebrew meaning, "a dreamer" (compare Jr 29:8).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
