Jeremi 24
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a fè m' wè de panyen plen fig frans kòtakòt devan gwo kay Seyè a. Lè sa a, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te gen tan depòte Jekonya, pitit Jojakim, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf peyi Jida yo, bòs atizan yo ak tout moun ki gen metye yo. Li te mennen yo tout ale lavil Babilòn. 2 Premye panyen an te plen bèl fig frans tankou premye fig ki mi nan sezon an. Lòt panyen an te plen vye fig frans moun pa ka manje tank yo pa bon. 3 Lèfini, Seyè a di m' konsa: -Jeremi, kisa ou wè la a? Mwen reponn, mwen di l': -Fig frans. Bon fig yo bon anpil. Vye fig yo pa bon menm. Moun pa ka manje yo tank yo pa bon. 4 Lè sa a, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 5 -Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la k'ap pale. Mwen konsidere moun peyi Jida yo depòte yo, moun mwen voye nan peyi Babilòn yo, tankou yon panyen bèl fig frans. Mwen pral aji byen ak yo. 6 M'ap toujou voye je sou yo, m'ap mennen yo tounen nan peyi sa a. M'ap fè yo grandi, mwen p'ap kraze yo. M'ap plante yo, mwen p'ap derasinen yo ankò. 7 M'ap ba yo konprann pou yo sa konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè sa a, y'a yon pèp pou mwen, mwen menm m'a Bondye yo, paske y'ap tounen vin jwenn mwen ak tout kè yo. 8 Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip. 9 Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo. 10 Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 24:1
Jr 24:1-10. The Restoration of the Captives in Babylon and the Destruction of the Refractory Party in Judea and in Egypt, Represented under the Type of a Basket of Good, and One of Bad, Figs.
1. Lord showed me--Am 7:1, 4, 7; 8:1, contains the same formula, with the addition of "thus" prefixed.
carried ... captive Jeconiah--(Jr 22:24; 2Ki 24:12, &c.; 2Ch 36:10).
carpenters, &c.--One thousand artisans were carried to Babylon, both to work for the king there, and to deprive Jerusalem of their services in the event of a future siege (2Ki 24:16).
Jeremi 24:2
2. figs ... first ripe--the "boccora," or early fig (see on Is 28:4). Baskets of figs used to be offered as first-fruits in the temple. The good figs represent Jeconiah and the exiles in Babylon; the bad, Zedekiah and the obstinate Jews in Judea. They are called good and bad respectively, not in an absolute, but a comparative sense, and in reference to the punishment of the latter. This prophecy was designed to encourage the despairing exiles, and to reprove the people at home, who prided themselves as superior to those in Babylon and abused the forbearance of God (compare Jr 52:31-34).
Jeremi 24:5
5. acknowledge--regard with favor, like as thou lookest on the good figs favorably.
for their good--Their removal to Babylon saved them from the calamities which befell the rest of the nation and led them to repentance there: so God bettered their condition (2Ki 25:27-30). Daniel and Ezekiel were among these captives.
Jeremi 24:6
Jeremi 24:7
7. (Jr 30:22; 31:33; 32:38). Their conversion from idolatry to the one true God, through the chastening effect of the Babylonish captivity, is here expressed in language which, in its fulness, applies to the more complete conversion hereafter of the Jews, "with their whole heart" (Jr 29:13), through the painful discipline of their present dispersion. The source of their conversion is here stated to be God's prevenient grace.
for they shall return--Repentance, though not the cause of pardon, is its invariable accompaniment: it is the effect of God's giving a heart to know Him.
Jeremi 24:8
8. in ... Egypt--Many Jews had fled for refuge to Egypt, which was leagued with Judea against Babylon.
Jeremi 24:9
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
