Jeremi 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a di m' konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou. 2 W'a soti lavil la, w'a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w'a rive la, w'a pale byen fò pou di yo mesaj m'a ba ou a. 3 Men sa w'a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p'ap vle kwè zòrèy yo. 4 M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t' dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t' janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan. 5 Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m'. 6 Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Yo p'ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y'a rele l' Fon Masak la. 7 Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa. 8 M'ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè y'a wè dega ki fèt ladan l'. 9 Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt. 10 Lè sa a, Seyè a di m': -W'a kraze kannari a devan je mesye ki t' al avè ou yo. 11 W'a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p'ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo. 12 Se sa mwen pwomèt pou m' fè lavil sa a ansanm ak tout moun ki rete ladan l' yo. M'ap fè lavil la tounen tankou Tofèt. 13 Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye. 14 Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Seyè a te voye l' al bay mesaj li a, li al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa: 15 -Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m'ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m' di yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 19:1
Jr 19:1-15. The Desolation of the Jews for Their Sins Foretold in the Valley of Hinnom; the Symbol of Breaking a Bottle.
Referred by Maurer, &c., to the beginning of Zedekiah's reign.
1. bottle--Hebrew, bakuk, so called from the gurgling sound which it makes when being emptied.
ancients--elders. As witnesses of the symbolic action (Jr 19:10; Is 8:1, 2), that the Jews might not afterwards plead ignorance of the prophecy. The seventy-two elders, composing the Sanhedrim, or Great Council, were taken partly from "the priests," partly from the other tribes, that is, "the people," the former presiding over spiritual matters, the latter over civil; the seventy-two represented the whole people.
Jeremi 19:2
2. valley of the son of Hinnom--or Tophet, south of Jerusalem, where human victims were offered, and children made to pass through the fire, in honor of Molech.
east gate--Margin, "sun gate," sunrise being in the east. Maurer translates, the "potter's gate." Through it lay the road to the valley of Hinnom (Jos 15:8). The potters there formed vessels for the use of the temple, which was close by (compare Jr 19:10, 14; Jr 18:2; Zec 11:13). The same as "the water gate toward the east" (Ne 3:26; 12:37); so called from the brook Kedron. Calvin translates, as English Version and Margin. "It was monstrous perversity to tread the law under foot in so conspicuous a place, over which the sun daily rising reminded them of the light of God's law."
Jeremi 19:3
Jeremi 19:4
4. (Is 65:11).
estranged this place--devoted it to the worship of strange gods: alienating a portion of the sacred city from God, the rightful Lord of the temple, city, and whole land.
nor their fathers--namely, the godly among them; their ungodly fathers God makes no account of.
blood of innocents--slain in honor of Molech (Jr 7:31; Psa 106:37).
Jeremi 19:5
Jeremi 19:6
6. no more ... Tophet--from Hebrew, toph, "drum"; for in sacrificing children to Molech drums were beaten to drown their cries. Thus the name indicated the joy of the people at the fancied propitiation of the god by this sacrifice; in antithesis to its joyless name subsequently.
valley of slaughter--It should be the scene of slaughter, no longer of children, but of men; not of "innocents" (Jr 19:4), but of those who richly deserved their fate. The city could not be assailed without first occupying the valley of Hinnom, in which was the only fountain: hence arose the violent battle there.
Jeremi 19:7
7. make void the counsel--defeat their plans for repelling the enemy (2Ch 32:1-4; Is 19:3; 22:9, 11). Or their schemes of getting help by having recourse to idols [Calvin].
in this place--The valley of Hinnom was to be the place of the Chaldean encampment; the very place where they looked for help from idols was to be the scene of their own slaughter.
Jeremi 19:8
8. (See on Jr 18:16).
Jeremi 19:9
Jeremi 19:10
Jeremi 19:11
11. as one breaketh a potter's vessel--expressing God's absolute sovereignty (Jr 18:6; Psa 2:9; Is 30:14, Margin; La 4:2; Ro 9:20, 21).
cannot be made whole again--A broken potter's vessel cannot be restored, but a new one may be made of the same material. So God raised a new Jewish seed, not identical with the destroyed rebels, but by substituting another generation in their stead [Grotius].
no place to bury--(Jr 7:32).
Jeremi 19:12
12. make this city as Tophet--that is, as defiled with dead bodies as Tophet.
Jeremi 19:13
13. shall be defiled--with dead bodies (Jr 19:12; 2Ki 23:10).
because of all the houses--Rather, (explanatory of the previous "the houses ... and ... houses"), "even all the houses," &c. [Calvin].
roofs--being flat, they were used as high places for sacrifices to the sun and planets (Jr 32:29; 2Ki 23:11, 12; Zep 1:5). The Nabateans, south and east of the Dead Sea, a nation most friendly to the Jews, according to Strabo, had the same usage.
Jeremi 19:14
14. court of the Lord's house--near Tophet; the largest court, under the open air, where was the greatest crowd (2Ch 20:5).
Jeremi 19:15
15. her towns--the suburban villages and towns near Jerusalem, such as Bethany.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
