Jeremi 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale ak Jeremi sou zafè chechrès la, li di l': 2 -Peyi Jida nan gwo lapenn, lavil li yo ap depafini. Tout moun kouche atè ap plenn. Nan lavil Jerizalèm moun ap rele anmwe! 3 Grannèg yo voye domestik yo al chache dlo. Lè yo rive nan sitèn yo, yo pa jwenn yon gout dlo. Yo tounen ak veso yo vid. Yo wont, yo pa konn sa pou yo di. Yo bouche figi yo. 4 Tè a fann fann. Pa gen yon gout lapli. Abitan pa konn sa pou yo fè. Se men nan tèt. 5 Nan jaden, kabrit yo met ba, lèfini, yo sove kite ti kabrit yo, paske pa gen zèb pou yo manje. 6 Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y'ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje. 7 Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: -Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Seyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou. 8 Ou se tout espwa pèp Izrayèl la! Se ou ki delivre nou lè malè te pandye sou tèt nou. Poukisa ou aji tankou yon etranje, tankou yon vwayajè k'ap pase yon nwit ase nan peyi nou an? 9 Poukisa w'ap fè tankou yon moun ki dekontwole, tankou yon sòlda ki pa gen kouraj pou fè anyen pou pesonn? Seyè, nou sèten ou la nan mitan nou. Se pèp ou nou ye. Tanpri, pa lage nou! 10 Men sa Seyè a di pèp la: -Wi! Yo renmen al fè vakabon, yo pa ka ret an plas. M' pa kontan ak yo. M'ap chonje tout mal yo fè, m'ap pini yo pou tout peche yo fè. 11 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a. 12 Yo te mèt fè jèn, mwen p'ap tande rèl yo. Yo te mèt ofri bèt pou boule pou mwen ansanm ak grenn jaden, se pa sa k'ap fè m' kontan ak yo. Okontrè, mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi. 13 Lè sa a mwen di: -Bondye ki gen tout pouvwa a, ou konnen jan pwofèt yo ap plede di pèp la yo pa bezwen pè, p'ap gen lagè, grangou p'ap tonbe sou yo, paske ou te pwomèt y'ap toujou viv ak kè poze nan peyi a. 14 Men, Seyè a reponn, li di m' konsa: -Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m' pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo ankenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l'. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di. 15 Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri! 16 Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo. 17 Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri. 18 Lè m' soti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m' antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè. 19 Seyè, gen lè ou voye pèp Jida a jete nèt? Eske ou rayi moun mòn Siyon yo? Poukisa ou frape nou konsa jouk nou pa ka geri a? Nou t'ap tann ou vin delivre nou, anyen pa rive. Nou t'ap tann ou vin geri nou, ou fè nou pè pi rèd. 20 Seyè, nou rekonèt nou antò. Nou rekonèt zansèt nou yo te fè sa ki mal. Wi, nou tout nou antò devan ou. 21 Chonje ki moun ou ye, pa meprize nou! Jerizalèm, se la fotèy pouvwa ou la chita. Pa avili l'. Pa bliye pwomès ou yo. Pa kase kontra ou te fè ak nou an. 22 Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jeremi 14:1
Jr 14:1-22. Prophecies on the Occasion of a Drought Sent in Judgment on Judea.
1. Literally, "That which was the word of Jehovah to Jeremiah concerning the dearth"
drought--literally, the "withholdings," namely, of rain (De 11:17; 2Ch 7:13). This word should be used especially of the withholding of rain because rain is in those regions of all things the one chiefly needed (Jr 17:8, Margin).
Jeremi 14:2
Jeremi 14:3
3. little ones--rather, "their inferiors," that is, domestics.
pits--cisterns for collecting rain water, often met with in the East where there are no springs.
covered ... heads--(2Sa 15:30). A sign of humiliation and mourning.
Jeremi 14:5
5. The brute creation is reduced to the utmost extremity for the want of food. The "hind," famed for her affection to her young, abandons them.
Jeremi 14:6
6. wild asses--They repair to "the high places" most exposed to the winds, which they "snuff in" to relieve their thirst.
dragons--jackals [Henderson].
eyes--which are usually most keen in detecting grass or water from the "heights," so much so that the traveller guesses from their presence that there must be herbage and water near; but now "their eyes fail." Rather the reference is to the great boas and python serpents which raise a large portion of their body up in a vertical column ten or twelve feet high, to survey the neighborhood above the surrounding bushes, while with open jaws they drink in the air. These giant serpents originated the widely spread notions which typified the deluge and all destructive agents under the form of a dragon or monster serpent; hence, the dragon temples always near water, in Asia, Africa, and Britain; for example, at Abury, in Wiltshire; a symbol of the ark is often associated with the dragon as the preserver from the waters [Kitto, Biblical Cyclopædia].
Jeremi 14:7
7. do thou it--what we beg of Thee; interpose to remove the drought. Jeremiah pleads in the name of his nation (Psa 109:21). So "work for us," absolutely used (1Sa 14:6).
for thy name's sake--"for our backslidings are so many" that we cannot urge Thee for the sake of our doings, but for the glory of Thy name; lest, if Thou give us not aid, it should be said it was owing to Thy want of power (Jos 7:9; Psa 79:9; 106:8; Is 48:9; Eze 20:44). The same appeal to God's mercy, "for His name's sake," as our only hope, since our sin precludes trust in ourselves, occurs in Psa 25:11.
Jeremi 14:8
8. The reference is, not to the faith of Israel which had almost ceased, but to the promise and everlasting covenant of God. None but the true Israel make God their "hope." (Jr 17:13).
turneth aside to tarry--The traveller cares little for the land he tarries but a night in; but Thou hast promised to dwell always in the midst of Thy people (2Ch 33:7, 8). Maurer translates, "spreadeth," namely, his tent.
Jeremi 14:9
Jeremi 14:10
10. Jehovah's reply to the prayer (Jr 14:7-9; Jr 2:23-25).
Thus--So greatly.
loved--(Jr 5:31).
not refrained ... feet--They did not obey God's command; "withhold thy foot" (Jr 2:25), namely, from following after idols.
remember ... iniquity--(Ho 8:13; 9:9). Their sin is so great, God must punish them.
Jeremi 14:11
Jeremi 14:12
Jeremi 14:13
13. Jeremiah urges that much of the guilt of the people is due to the false prophets' influence.
assured peace--solid and lasting peace. Literally, "peace of truth" (Is 39:8).
Jeremi 14:14
14. (Jr 23:21).
Jeremi 14:15
Jeremi 14:16
Jeremi 14:17
Jeremi 14:18
18. go about--that is, shall have to migrate into a land of exile. Horsley translates, "go trafficking about the land (see Jr 5:31, Margin; 2Co 4:2; 2Pe 2:3), and take no knowledge" (that is, pay no regard to the miseries before their eyes) (Is 1:3; 58:3). If the literal sense of the Hebrew verb be retained, I would with English Version understand the words as referring to the exile to Babylon; thus, "the prophet and the priest shall have to go to a strange land to practise their religious traffic (Is 56:11; Eze 34:2, 3; Mi 3:11).
Jeremi 14:19
Jeremi 14:20
20. (Da 9:8).
Jeremi 14:21
21. us--"the throne of Thy glory" may be the object of "abhor not" ("reject not"); or "Zion" (Jr 14:19).
throne of thy glory--Jerusalem, or, the temple, called God's "footstool" and "habitation" (1Ch 28:2; Psa 132:5).
thy covenant--(Psa 106:45; Da 9:19).
Jeremi 14:22
22. vanities--idols (De 32:21).
heavens--namely, of themselves without God (Mt 5:45; Ac 14:17); they are not the First Cause, and ought not to be deified, as they were by the heathen. The disjunctive "or" favors Calvin's explanation: "Not even the heavens themselves can give rain, much less can the idol vanities."
art not thou he--namely, who canst give rain?
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
