Ezayi 2
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, nan vizyon li te fè sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm: 2 Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li. 3 Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a. 4 L'ap regle tout kont nasyon yo gen yonn ak lòt. L'ap jije tout gwo peyi yo. Y'a pran mato, y'a fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'a fè nepe yo tounen kouto digo. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò. 5 Koulye a, nou menm moun fanmi Jakòb yo, annou mache nan limyè Seyè a ban nou an. 6 Bondye, ou te lage pèp ou a, moun fanmi Jakòb yo. Peyi yo a plen moun k'ap fè divinò, plen moun k'ap li nan zetwal. Peyi a tounen tankou peyi moun Filisti yo. Tout moun nan peyi a ap swiv vye mès moun lòt nasyon yo. 7 Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen. 8 Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo. 9 Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Seyè! 10 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Seyè a. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li va parèt aklè. 11 Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf. 12 Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo. 13 L'ap detwi tout gwo pye sèd ki byen wo nan peyi Liban an, tout gwo pye bwadchenn ki byen wo nan peyi Bazan an. 14 L'ap kraze tèt gwo mòn kou ti mòn. L'ap fè yo tout vin menm wotè. 15 L'ap kraze tout fò yo ak tout miray ranpa yo. 16 L'ap koule tout gwo batiman peyi Tasis yo, y'ap fè fon ak tout bèl bagay yo. 17 P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf. 18 Tout zidòl pral disparèt nèt ale. 19 Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble. 20 Jou sa a, moun va pran tout zidòl yo te fè an ajan ak an lò pou fè sèvis pou yo, y'a voye yo jete bay rat ak chovsourit. 21 Lè Seyè a va vini pou l' fè tè a tranble, yo pral kache kò yo nan twou wòch, yo pral fouye twou anba tè. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè. 22 Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezayi 2:1
Ezayi 2:2
2. Same as Mi 4:1. As Micah prophesied in Jotham's reign, and Isaiah in Uzziah's, Micah rests on Isaiah, whom he confirms: not vice versa. Hengstenberg on slight grounds makes Mi 4:1 the original.
last days--that is, Messiah's: especially the days yet to come, to which all prophecy hastens, when "the house of the God of Jacob," namely, at Jerusalem, shall be the center to which the converted nations shall flock together (Mt 13:32; Lu 2:31, 32; Ac 1:6, 7); where "the kingdom" of Israel is regarded as certain and the time alone uncertain (Psa 68:15, 16; 72:8, 11).
mountain of the Lord's house ... in the top, &c.--the temple on Mount Moriah: type of the Gospel, beginning at Jerusalem, and, like an object set on the highest hill, made so conspicuous that all nations are attracted to it.
flow--as a broad stream (Is 66:12).
Ezayi 2:3
3. If the curse foretold against Israel has been literally fulfilled, so shall the promised blessing be literal. We Gentiles must not, while giving them the curse, deny them their peculiar blessing by spiritualizing it. The Holy Ghost shall be poured out for a general conversion then (Jr 50:5; Zec 8:21, 23; Joe 2:28).
from Jerusalem--(Lu 24:47) an earnest of the future relations of Jerusalem to Christendom (Ro 11:12, 15).
Ezayi 2:4
Ezayi 2:5
Ezayi 2:6
6. Therefore--rather, "For": reasons why there is the more need of the exhortation in Is 2:5.
thou--transition to Jehovah: such rapid transitions are natural, when the mind is full of a subject.
replenished--rather, filled, namely, with the superstitions of the East, Syria, and Chaldea.
soothsayers--forbidden (De 18:10-14).
Philistines--southwest of Palestine: antithesis to "the east."
please themselves--rather, join hands with, that is, enter into alliances, matrimonial and national: forbidden (Ex 23:32; Ne 13:23, &c.).
Ezayi 2:7
7. gold--forbidden to be heaped together (De 17:17). Solomon disobeyed (1Ki 10:21, 27).
horses ... chariots--forbidden (De 17:16). But Solomon disobeyed (1Ki 20:26). Horses could be used effectively for war in the plains of Egypt; not so in the hilly Judea. God designed there should be as wide as possible a distinction between Israel and the Egyptians. He would have His people wholly dependent on Him, rather than on the ordinary means of warfare (Psa 20:7). Also horses were connected with idolatry (2Ki 23:11); hence His objection: so the transition to "idols" (Is 2:8) is natural.
Ezayi 2:8
Ezayi 2:9
9. mean--in rank: not morally base: opposed to "the great man." The former is in Hebrew, Adam, the latter, ish.
boweth--namely, to idols. All ranks were idolaters.
forgive ... not--a threat expressed by an imperative. Isaiah so identifies himself with God's will, that he prays for that which he knows God purposes. So Re 18:6.
Ezayi 2:10
Ezayi 2:11
Ezayi 2:12
Ezayi 2:13
13. cedars ... oaks--image for haughty nobles and princes (Am 2:9; Zec 11:1, 2; compare Re 19:18-21).
Bashan--east of Jordan, north of the river Jabbok, famous for fine oaks, pasture, and cattle. Perhaps in "oaks" there is reference to their idolatry (Is 1:29).
Ezayi 2:14
14. high ... hills--referring to the "high places" on which sacrifices were unlawfully offered, even in Uzziah's (equivalent to Azariah) reign (2Ki 15:4). Also, places of strength, fastnesses in which they trusted, rather than in God; so
Ezayi 2:15
15. tower ... wall--Towers were often made on the walls of cities.
fenced--strongly fortified.
Ezayi 2:16
16. Tarshish--Tartessus in southwest Spain, at the mouth of the Guadalquivir, near Gibraltar. It includes the adjoining region: a Phoenician colony; hence its connection with Palestine and the Bible (2Ch 9:21). The name was also used in a wide sense for the farthest west, as our West Indies (Is 66:19; Psa 48:7; 72:10). "Ships of Tarshish" became a phrase for richly laden and far-voyaging vessels. The judgment shall be on all that minister to man's luxury (compare Re 18:17-19).
pictures--ordered to be destroyed (Nu 33:52). Still to be seen on the walls of Nineveh's palaces. It is remarkable that whereas all other ancient civilized nations, Egypt, Assyria, Greece, Rome, have left monuments in the fine arts, Judea, while rising immeasurably above them in the possession of "the living oracles," has left none of the former. The fine arts, as in modern Rome, were so often associated with polytheism, that God required His people in this, as in other respects, to be separate from the nations (De 4:15-18). But Vulgate translation is perhaps better, "All that is beautiful to the sight"; not only paintings, but all luxurious ornaments. One comprehensive word for all that goes before (compare Re 18:12, 14, 16).
Ezayi 2:17
17. Repeated from Is 2:11, for emphatic confirmation.
Ezayi 2:18
Ezayi 2:19
Ezayi 2:20
Ezayi 2:22
22. The high ones (Is 2:11, 13) on whom the people trust, shall be "brought low" (Is 3:2); therefore "cease from" depending on them, instead of on the Lord (Psa 146:3-5).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
