Jenèz 25

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Abraram te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura. 2 Ketoura fè sis pitit pou li: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. 3 Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo. 4 Men pitit Madyan yo: Se te Efa, Efe, Enòk, Abida ak Elda. Se tout moun sa yo ki te pitit ak pitit pitit Ketoura. 5 Abraram kite tout byen l' yo pou Izarak. 6 Men anvan l' mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l' lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a. 7 Abraram te viv sanswasannkenzan (0175 an). 8 Abraram te fin granmoun, li te wè kont jou l', li te pase vye jou l' yo san pwoblèm. Apre sa li mouri, li al jwenn moun li yo ki te mouri deja. 9 Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l' nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre. 10 Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. 11 Apre Abraram mouri, Bondye te beni Izarak, pitit gason l' lan, ki te rete toupre Pi moun vivan ki wè m' lan. 12 Men pitit pitit Izmayèl, pitit Abraram lan. Se Aga, moun peyi Lejip, sèvant Sara, ki te fè pitit sa a pou Abraram. 13 Men non pitit Izmayèl yo. N'ap konmanse ak pi gran an pou rive sou pi piti a. Nebajòt te premye pitit Izmayèl. Apre li vini Keda, Adbeyèl, Mibsam, 14 Michma, Douma, Masa, 15 Adad, Tema, Jetou, Nafich ak Kedma. 16 Se yo ki te pitit Izmayèl. Se konsa yo te rele yo ansanm ak tout katye kote yo te rete ak kote yo te moute tant yo. Sa te fè douz chèf, chak ak nasyon pa yo. 17 Izmayèl te gen santrannsetan (0137 an) lè l' mouri. Y al antere l' menm kote ak moun li yo ki te mouri deja. 18 Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pa t' mele ak rès fanmi yo. 19 Men istwa Izarak, pitit Abraram. 20 Abraram te papa Izarak. Izarak te gen karantan lè li marye ak Rebeka ki te pitit fi Betwèl, moun lavil Aram, ki te rete nan peyi Mezopotami an. Rebeka te sè Laban, moun lavil Aram. 21 Madanm Izarak pa t' ka fè pitit. Izarak lapriyè Seyè a pou li, Seyè a reponn li. Rebeka, madanm li, vin ansent. 22 De ti pitit yo t'ap plede goumen nan vant li. Rebeka di: -Si se konsa sa ye, mwen pa konprann anyen? li al lapriyè Seyè a. 23 Seyè a reponn li: -Ou gen de nasyon nan vant ou. W'ap fè de pèp: chak ap pran bò pa yo. Yonn p'ap vle wè lòt. Yonn ap pi gwonèg pase lòt. Pi gran an pral sou zòd pi piti a. 24 Lè jou pou Rebeka akouche a rive, li fè de marasa. 25 Premye ki te fèt la te tout wouj. Li te kouvri ak pwal sou tout kò l'. Se poutèt sa yo te rele l' Ezaou. 26 Lè dezyèm lan te fèt, men li te kenbe Ezaou nan talon pye l': se poutèt sa yo rele l' Jakòb. Izarak te gen swasantan sou tèt li lè yo te fèt. 27 Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay. 28 Izarak te pito Ezaou, paske li te renmen manje vyann jibye, men Rebeka te pito Jakòb. 29 Yon jou, Jakòb te fin kwit yon bon bouyon, Ezaou antre sot nan jaden, li te bouke anpil. 30 Li di Jakòb konsa: -M'ap mouri grangou. Tanpri, ban m' ti gout nan bouyon pwa wouj ou a. Se poutèt sa yo te bay Ezaou yon lòt ti non. Yo te rele l' Edon. 31 Men Jakòb di l': -M'ap ba ou ti gout si ou vann mwen dwa ou kòm premye pitit. 32 Ezaou reponn: -Dakò. Mwen pral mouri. Kisa dwa kòm premye pitit la ap sèvi m'? 33 Jakòb di li: -Fè m' sèman anvan. Ezaou fè sèman ba li, li vann li dwa l' kòm premye pitit. 34 Lèfini, Jakòb ba li pen ak ti gout nan bouyon pwa a. Ezaou manje, li bwè. Li leve, li pati. Konsa, Ezaou te konsidere dwa li kòm premye pitit pou anyen.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 25:1

Ge 25:1-6. Sons of Abraham.

1. Abraham took a wife--rather, "had taken"; for Keturah is called Abraham's concubine, or secondary wife (1Ch 1:32); and as, from her bearing six sons to him, it is improbable that he married after Sarah's death; and also as he sent them all out to seek their own independence, during his lifetime, it is clear that this marriage is related here out of its chronological order, merely to form a proper winding up of the patriarch's history.

Jenèz 25:5-6

5-6. Abraham gave all that he had unto Isaac ... unto the sons of the concubines ... Abraham gave gifts--While the chief part of the inheritance went to Isaac; the other sons (Ishmael included) migrated to "the East country," that is, Arabia, but received each a portion of the patrimony, perhaps in cattle and other things; and this settlement of Abraham's must have given satisfaction, since it is still the rule followed among the pastoral tribes.

Jenèz 25:7

Ge 25:7-11. Death of Abraham.

7. these are the days of ... Abraham--His death is here related, though he lived till Jacob and Esau were fifteen years, just one hundred years after coming to Canaan; "the father of the faithful," "the friend of God" [Jas 2:23], died; and even in his death, the promises were fulfilled (compare Ge 15:15). We might have wished some memorials of his deathbed experience; but the Spirit of God has withheld them--nor was it necessary; for (see Mt 7:16) from earth he passed into heaven (Lu 16:22). Though dead he yet liveth (Mt 22:32).

Jenèz 25:9-10

9-10. his sons ... buried him--Death often puts an end to strife, reconciles those who have been alienated, and brings rival relations, as in this instance, to mingle tears over a father's grave.

Jenèz 25:18

Ge 25:12-18. Descendants of Ishmael. Before passing to the line of the promised seed, the historian gives a brief notice of Ishmael, to show that the promises respecting that son of Abraham were fulfilled--first, in the greatness of his posterity (compare Ge 17:20); and, secondly, in their independence.

18. he died--rather, "it [their lot] fell" in the presence of his brethren (compare Ge 16:12).

Jenèz 25:19

Ge 25:19-34. History of Isaac.

19. these are the generations--account of the leading events in his life.

Jenèz 25:21

21. Isaac entreated the Lord for his wife--Though tried in a similar way to his father, he did not follow the same crooked policy. Twenty years he continued unblessed with offspring, whose seed was to be "as the stars" [Ge 26:4]. But in answer to their mutual prayers (1Pe 3:7), Rebekah was divinely informed that she was to be the mother of twins, who should be the progenitors of two independent nations; that the descendants of the younger should be the more powerful and subdue those of the other (Ro 9:12; 2Ch 21:8).

Jenèz 25:27

27. the boys grew--from the first, opposite to each other in character, manners, and habits.

Jenèz 25:28

28. The parents were divided in their affection; and while the grounds, at least of the father's partiality, were weak, the distinction made between the children led, as such conduct always does, to unhappy consequences.

Jenèz 25:29

29. Jacob sod pottage--made of lentils or small beans, which are common in Egypt and Syria. It is probable that it was made of Egyptian beans, which Jacob had procured as a dainty; for Esau was a stranger to it. It is very palatable; and to the weary hunter, faint with hunger, its odor must have been irresistibly tempting.

Jenèz 25:31

31. Jacob said, Sell me ... thy birthright--that is, the rights and privileges of the first-born, which were very important, the chief being that they were the family priests (Ex 4:22) and had a double portion of the inheritance (De 21:17).

Jenèz 25:32

32. Esau said ... I am at the point to die--that is, I am running daily risk of my life; and of what use will the birthright be to me: so he despised or cared little about it, in comparison with gratifying his appetite--he threw away his religious privileges for a trifle; and thence he is styled "a profane person" (He 12:16; also Job 31:7, 16; 6:13; Php 3:19). "There was never any meat, except the forbidden fruit, so dear bought, as this broth of Jacob" [Bishop Hall].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.