Jenèz 24

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Abraram te fin vye. Li te antre nan granmoun. Seyè a te beni Abraram nan tout bagay. 2 Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman. 3 Mwen vle pou ou fè sèman sou Seyè a, Bondye syèl la ak Bondye latè a, pou ou pa chwazi yon madanm pou pitit gason m' lan nan medam k'ap viv nan peyi Kanaran kote m' rete a. 4 Men, se nan peyi pa m' pou ou ale, pou ou chwazi pami moun menm ras ak mwen yo yon madanm pou Izarak, pitit gason m' lan. 5 Domestik la mande l': -Kisa pou m' fè si fi a pa vle kite peyi l' pou l' vin avè m' nan peyi sa a? Eske se pou m' mennen pitit gason ou lan ale nan peyi kote ou te soti a? 6 Abraram reponn li: -Non, non, non! Pa janm mennen pitit mwen an laba a! 7 Seyè a, Bondye syèl la, te pran m' fè m' soti lakay papa m' ak nan peyi fanmi mwen. Li pale avè m'. Li fè m' sèman l'ap bay pitit pitit mwen yo peyi sa a. Enben, se li menm ki va fè zanj li pran devan ou, pou ou chwazi yon madanm nan moun laba yo pou pitit gason m' lan. 8 Si madanm lan pa vle vin avè ou, w'a konnen ou kit ak sèman ou te fè m' lan. Sèlman, nenpòt jan, pa mennen pitit gason m' lan laba a. 9 Domestik la mete men l' nan fant janm Abraram, mèt li, epi li sèmante pou l' fè sa l' mande l' fè a. 10 Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami. 11 Lè aswè rive, li fè chamo yo kouche bò pi ki lòt bò pòtay lavil la. Se te lè ti medam yo tè konn vin tire dlo. 12 Li lapriyè, li di: -Seyè, ou menm ki Bondye Abraram, mèt mwen, tanpri, fè m' jwenn jòdi a sa m'ap chache a. Moutre jan ou bon pou Abraram, mèt mwen. 13 Men mwen kanpe bò pi a, kote medam yo ap vin chache dlo. 14 Mwen mande ou pou jenn fi ki va reponn mwen l'ap ban m' bwè lèfini l'ap bay chamo m' yo bwè tou, lè m'a di l': Tanpri, bese krich ou a ban m' ti gout dlo pou m' bwè, fè se li menm ou chwazi pou Izarak, sèvitè ou la. Lè sa a, m'a konnen jan ou bon pou mèt mwen vre. 15 Li t'ap pale toujou lè Rebeka parèt avèk yon krich sou zepòl li. Rebeka te pitit Betwèl. Betwèl sa a te pitit gason Milka ki te marye ak Nakò, frè Abraram lan. 16 Se te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute soti deyò. 17 Domestik la kouri al jwenn li, li di l' konsa: -Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a non. 18 Rebeka reponn li: -Wi. Bwè non, msye. Li desann krich la soti sou zepòl li, li kenbe l' nan men l' pou fè nonm lan bwè. 19 Lè nonm lan fin bwè, jenn fi a di l': -Mwen pral pran dlo pou chamo ou yo, pou yo ka bwè kont yo tou. 20 Li prese vide rès dlo krich la nan yon ti basen pou chamo yo bwè, epi li kouri desann nan sous la al chache dlo jouk tout chamo yo fin bwè kont yo. 21 Nonm lan menm te sezi. Li t'ap gade fi a san l' pa di anyen, li t'ap tann pou l' wè si Seyè a pa t' fè l' vwayaje pou gremesi. 22 Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li. 23 Epi li mande l': -Pitit ki moun ou ye? Tanpri, di m' non. Eske gen kote lakay papa ou pou m' pase nwit la avèk chamo m' yo? 24 Jenn fi a reponn: -Mwen se pitit fi Betwèl, yonn nan pitit gason Milka ak Nakò. 25 Li di l' anko: -Lakay nou, nou gen kont pay zèb pou chamo ou yo. Wa jwenn kote pou ou pase nwit la tou. 26 Lè sa a, nonm lan tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a. 27 Li di: -Lwanj pou Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an. Li gen pitye pou li, li kenbe pwomès li te fè l' la. Li mennen m' tout dwat lakay fanmi mèt mwen an. 28 Jenn fi a kouri lakay manman l'. Li rakonte tout sa ki te rive. 29 Rebeka te gen yon frè yo rele Laban. Laban kouri deyò al jwenn nonm lan bò sous la. 30 Li te wè zanno a nan nen sè li ak braslè yo nan bra l', li te tande l' ap rakonte sa nonm lan te di l'. Lamenm li al jwenn nonm lan ki te kanpe bò sous la ansanm ak chamo l' yo. 31 Laban di l': -Antre non. Ou se yon nonm Seyè a beni. Poukisa ou rete deyò a konsa? Mwen pare yon kote pou ou nan kay la. Gen plas pou chamo ou yo tou. 32 Nonm lan antre nan kay la. Laban desele chamo yo. Li fè ba yo pay ak zèb. Yo pare dlo pou nonm lan lave pye l', ansanm ak moun ki te avè l' yo. 33 Lèfini, yo sèvi yo manje. Men nonm lan di: -Anvan m' manje, se pou m' di sa m' gen pou m' di a. Laban di l': -Bon. Pale non. 34 Msye pran lapawòl, li di: -Mwen se domestik Abraram. 35 Seyè a voye anpil benediksyon sou mèt mwen. Li fè l' vin grannèg. Li ba li mouton, bèf, lajan, lò, domestik, sèvant, chamo, bourik. 36 Sara, madanm mèt mwen, te fin vye granmoun lè li te resi fè yon pitit gason pou li. Mèt mwen bay pitit sa a tout sa li genyen. 37 Mèt mwen fè m' fè sèman, li di m' piga m' chwazi yon madanm pou pitit gason l' lan nan medam moun peyi Kanaran kote l' rete a. 38 Men se pou m ale lakay papa l' pou mwen chwazi yon madanm nan ras li pou pitit gason l' lan. 39 Lè sa a, mwen di mèt mwen: Bon, si fi a pa vle vini avè m', kisa pou m' fè? 40 Li reponn mwen: Seyè a ki wè jan mwen toujou obeyi l' va voye zanj li avè ou. Li p'ap fè ou vwayaje pou gremesi. Ou va chwazi yon madanm nan fanmi papa m' pou gason m' lan. 41 Si ou fè sa, w'a kit ak sèman ou te fè m' lan. Konsa tou, si ou rive kay fanmi m', si yo menm yo refize, w'a kit ak sèman ou te fè m' lan tou. 42 Jòdi a, lè m' rive bò sous dlo a, mwen di: Seyè, Bondye Abraram, mèt mwen an, si sa fè ou plezi, fè m' pa vwayaje pou gremesi. 43 Gade, m'ap rete kanpe bò sous dlo a. Lè m'a wè yon jenn fi k'ap vin chache dlo nan pi a, m'a va di l': Tanpri, ban m' ti gout dlo nan krich ou a pou m' bwè. Si li reponn mwen: 44 Ou mèt bwè! Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou, tanpri fè se li menm ou chwazi pou madanm pitit mèt mwen an. 45 Mwen pa t' menm fin di pawòl sa yo nan kè m', lè m' wè Rebeka rive ak krich li sou zepòl li. Li desann nan sous la, li pran dlo epi mwen di l': Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè. 46 Lamenm, li desann krich la soti sou zepòl li, li di m': Bwè non. Apre sa, m'a bay chamo ou yo bwè tou. Mwen bwè, epi li bay chamo m' yo bwè tou. 47 Mwen mande l': Pitit ki moun ou ye? Li reponn mwen: Mwen se pitit fi Betwèl, pitit gason Milka ak Nakò. Lè sa a, mwen mete zanno a nan nen l', mwen mete braslè sa yo nan bra l'. 48 Mwen tonbe ajenou, mwen bese tèt mwen jouk atè devan Seyè a, mwen fè lwanj Seyè a, Bondye Abraram, mèt mwen an, paske li mennen m' tout dwat lakay frè mèt mwen an, kote mwen jwenn yon madanm pou pitit gason l' lan. 49 Alèkile, si nou vle aji byen avè l', si nou vle fè l' konfyans, fè m' konnen. Si nou pa dakò, fè m' konnen tou, pou m' ka konnen sa pou m' fè. 50 Laban ak Betwèl reponn: -Bagay sa a se travay Seyè a, Bondye a. Nou pa gen anyen pou n' di nan sa. 51 Men Rebeka devan ou, pran li, mennen l' ale pou l' vin madanm pitit gason mèt ou a, jan Bondye te di l' la. 52 Lè domestik Abraram lan tande sa, li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè devan Seyè a. 53 Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou. 54 Apre sa, domestik Abraram lan manje ansanm ak moun ki te avè l' yo, yo bwè, yo dòmi. Nan maten, lè yo leve, domestik la di: -Kite m' tounen al jwenn mèt mwen. 55 Men, frè a avèk manman an di konsa: -Kite fi a pase dis jou ankò avèk nou non. Apre sa, n'a pati. 56 Li reponn yo: -Pa ban m' reta. Seyè a pa fè m' vwayaje pou gremesi. Tanpri, kite m' al jwenn mèt mwen. 57 Yo di l': -Bon. Ann rele fi a. Ann mande l' sa l' di nan sa. 58 Yo rele Rebeka, yo mande l': -Eske ou vle ale ak nonm sa a? Li reponn: -Wi, mwen vle ale. 59 Se konsa yo kite Rebeka, sè yo a, ansanm ak bòn ki te nouris li a pati avèk domestik Abraram lan, ansanm ak moun ki te vin avè l' yo. 60 Yo beni Rebeka, yo di l': -Rebeka, sè nou, nou mande Bondye pou ou fè anpil anpil pitit. Se pou pitit pitit ou yo bat tout lènmi yo. 61 Apre sa, Rebeka avèk tout sèvant li yo leve, yo moute chamo yo, yo pati avèk nonm lan. Domestik la pran l', li pati ak li. 62 Lè sa a, Izarak te vini nan dezè a, bò kote Pi moun vivan ki wè m' lan. Li te rete nan peyi Negèv. 63 Yon jou swa, Izarak t'ap pwonmennen deyò nan jaden li, li t'ap kalkile. Li leve je l', li gade, li wè kèk chamo ki t'ap vini. 64 Menm lè a tou, Rebeka leve je l', li wè Izarak. Li desann chamo a. 65 Li mande domestik la: -Ki msye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an? Domestik la reponn li: -Se mèt mwen an wi. Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l'. 66 Domestik la rakonte Izarak tout sa li te fè. 67 Izarak mennen Rebeka lakay li, kay ki te pou Sara, manman l' lan. Li pran l' pou madanm li. Izarak te renmen Rebeka. Se konsa li te jwenn konsolasyon, apre li te fin pèdi manman l' lan.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 24:1

Ge 24:1-9. A Marriage Commission.

1. And Abraham was old ... take a wife--His anxiety to see his son married was natural to his position as a pastoral chief interested in preserving the honor of his tribe, and still more as a patriarch who had regard to the divine promise of a numerous posterity.

Jenèz 24:2

2. said unto his eldest servant--Abraham being too old, and as the heir of the promise not being at liberty to make even a temporary visit to his native land, was obliged to intrust this delicate mission to Eliezer, whom, although putting entire confidence in him, he on this occasion bound by a solemn oath. A pastoral chief in the present day would follow the same course if he could not go himself.

Jenèz 24:3

3. thou shalt not take a wife, &c.--Among pastoral tribes the matrimonial arrangements are made by the parents, and a youth must marry, not among strangers, but in his own tribe--custom giving him a claim, which is seldom or never resisted, to the hand of his first cousin. But Abraham had a far higher motive--a fear lest, if his son married into a Canaanitish family, he might be gradually led away from the true God.

Jenèz 24:10

Ge 24:10-67. The Journey.

10. the servant took ten camels, &c.--So great an equipage was to give the embassy an appearance worthy of the rank and wealth of Abraham; to carry provisions; to bear the marriage presents, which as usual would be distributed over several beasts; besides one or two spare camels in case of emergency.

went to Mesopotamia, &c.--A stranger in those regions, who wishes to obtain information, stations himself at one of the wells in the neighborhood of a town, and he is sure to learn all the news of the place from the women who frequent them every morning and evening. Eliezer followed this course, and letting his camels rest, he waited till the evening time of water drawing.

Jenèz 24:12

12. And he said, O Lord God of my master--The servant appears worthy of the master he served. He resolves to follow the leading of Providence; and while he shows good sense in the tokens he fixes upon of ascertaining the temper and character of the future bride, he never doubts but that in such a case God will direct him.

Jenèz 24:15-21

15-21. before he had done speaking ... behold, Rebekah came out--As he anticipated, a young woman unveiled, as in pastoral regions, appeared with her pitcher on her shoulder. Her comely appearance, her affable manners, her obliging courtesy in going down the steps to fetch water not only to him but to pour it into the trough for his camels, afforded him the most agreeable surprise. She was the very person his imagination had pictured, and he proceeded to reward her civility.

Jenèz 24:22

22. the man took a golden earring, &c.--The ring was not for the ear, but the nose; the armlets, such as young women in Syria and Arabia still appear daily at wells decked in. They are worn from the elbow to the wrist, commonly made of silver, copper, brass, or horn.

Jenèz 24:23-27

23-27. And said, Whose daughter art thou?--After telling her name and family, the kind-hearted damsel hastened home to give notice of a stranger's arrival.

Jenèz 24:28

28. and told them of her mother's house these things--the female apartments. This family was in an advanced stage of pastoral life, dwelling in a settled place and a fixed habitation.

Jenèz 24:29-31

29-31. Rebekah had a brother ... Laban ran out--From what we know of his character, there is reason to believe that the sight of the dazzling presents increased both his haste and his invitation.

Jenèz 24:32-49

32-49. the man came into the house, &c.--What a beautiful picture of piety, fidelity, and disinterestedness in a servant! He declined all attention to his own comforts till he had told his name and his errand.

Jenèz 24:50

50. Then Laban and Bethuel answered--The brothers conduct all the marriage negotiations, their father being probably dead, and without consulting their sister. Their language seems to indicate they were worshippers of the true God.

Jenèz 24:53

53. And the servant brought forth jewels of silver, and ... gold--These are the usual articles, with money, that form a woman's dowry among the pastoral tribes. Rebekah was betrothed and accompanied the servant to Canaan.

Jenèz 24:64

64. she lighted off the camel--If Isaac were walking, it would have been most unmannerly for her to have continued seated; an inferior, if riding, always alights in presence of a person of rank, no exception being made for women.

Jenèz 24:65

65. she took a veil, and covered herself--The veil is an essential part of female dress. In country places it is often thrown aside, but on the appearance of a stranger, it is drawn over the face, as to conceal all but the eyes. In a bride it was a token of her reverence and subjection to her husband.

Jenèz 24:67

67. And Isaac brought her into his mother's ... tent--thus establishing her at once in the rights and honors of a wife before he had seen her features. Disappointments often take place, but when Isaac saw his wife, "he loved her."

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.