Jenèz 23
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Sara viv sanvennsetan (0127 an). 2 Li mouri yon kote yo rele Kiriyat Aba osinon Ebwon nan peyi Kanaran. Abraram pran lapenn pou lanmò Sara, li plenn sò li. 3 Abraram leve bò kote kadav la, li ale pale ak moun Et yo. Li di yo konsa: 4 -Se etranje mwen ye, se depasaj mwen ye nan mitan nou. Vann mwen yon anplasman pou m' ka antere madanm mwen, konsa m'a wete kadav la devan je m'. 5 Moun Et yo reponn Abraram, yo di l' konsa: 6 -Mèt, koute sa n'ap di ou. Ou se yon gwonèg Bondye voye nan mitan nou. Chwazi yonn nan pi bon kavo nou yo pou antere madanm ou. Pa gen yonn nan nou ki pou ta refize ba ou kavo li pou antere madanm ou. 7 Abraram kanpe. Pa respè pou moun Et yo, li bese tèt li byen ba devan yo. 8 Li di yo: -Si nou dakò pou m' antere madanm mwen isit la, pou m' wete kadav li devan je m', koute sa m'ap di nou. Nou konnen Efwon, pitit gason Zoka a? Pale avè l' pou mwen. 9 Mande l' pou l' vann mwen twou wòch Makpela a ki pou li nan bout jaden l' lan. Mande l' pou l' vann mwen li pou pri li vo, pou sa ka sèvi m' simityè isit la. 10 Efwon te chita la avèk lòt moun Et yo, bò pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an. Devan moun Et yo, devan tout moun ki t'ap pase bò pòtay la, Efwon reponn Abraram. Li di li: 11 -Non, mèt! Koute sa m'ap di ou: Mwen fè ou kado jaden an ak tout twou wòch ki ladan l' lan. Mwen fè ou kado l' devan tout moun peyi m' yo. M'ap ba ou l' pou ou ka antere madanm ou. 12 Men, Abraram bese tèt li byen ba devan moun Et yo. 13 Li pale ak Efwon pou tout moun ka tande. Li di l': -Koute sa m'ap di ou: M'ap achte tout jaden an nan men ou pou pri li vo. Tanpri, asepte lajan m'ap ba ou pou li a. Se lè sa a m'a antere madanm mwen ladan l'. 14 Efwon reponn Abraram: -Mèt, tanpri koute sa m'ap di ou: 15 Yon moso tè ki vo katsan (0400) pyès lò, pa gen rezon pou n'ap diskite pou sa. Antere madanm ou sou li non! 16 Abraram dakò ak sa Efwon di l' la. Li peze lajan an, li bay Efwon li devan tout moun Et yo. Wi, li ba li katsan (0400) pyès lò dapre jan kòmèsan yo te sèvi nan peyi a. 17 Se konsa, moso tè Efwon te gen Makpela a, anfas peyi Manmre a, ansanm ak tout twou wòch la ak tout pyebwa ki nan jaden an, jouk sou lizyè li, 18 yo vin pou Abraram, devan tout moun Et yo, devan tout moun ki te bò pòtay la. 19 Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre yo rele Ebwon an, nan peyi Kanaran. 20 Se konsa, Abraram achte jaden an ak tout twou wòch ki te ladan l' lan, nan men moun Et yo, li fè l' sèvi simityè pou li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 23:1
Ge 23:1, 2. Age and Death of Sarah.
1. Sarah was an hundred and seven and twenty years old, &c.--Sarah is the only woman in Scripture whose age, death, and burial are mentioned, probably to do honor to the venerable mother of the Hebrew people.
Jenèz 23:2
2. Abraham came to mourn for Sarah, &c.--He came from his own tent to take his station at the door of Sarah's. The "mourning" describes his conformity to the customary usage of sitting on the ground for a time; while the "weeping" indicates the natural outburst of his sorrow.
Jenèz 23:3
Ge 23:3-20. Purchase of a Burying-Place.
3. Abraham stood up, &c.--Eastern people are always provided with family burying-places; but Abraham's life of faith--his pilgrim state--had prevented him acquiring even so small a possession (Ac 7:5).
spake unto the sons of Heth--He bespoke their kind offices to aid him in obtaining possession of a cave that belonged to Ephron--a wealthy neighbor.
Jenèz 23:9
9. Machpelah--the "double cave."
Jenèz 23:10
10. Ephron dwelt--literally, was "sitting" among the children of Heth in the gate of the city where all business was transacted. But, though a chief man among them, he was probably unknown to Abraham.
Jenèz 23:11-15
11-15. Ephron answered, Nay, my lord, &c.--Here is a great show of generosity, but it was only a show; for while Abraham wanted only the cave, he joins "the field and the cave"; and though he offered them both as free gifts, he, of course, expected some costly presents in return, without which, he would not have been satisfied. The patriarch, knowing this, wished to make a purchase and asked the terms.
Jenèz 23:16
16. Abraham weighed ... the silver--The money, amounting to £50 was paid in presence of the assembled witnesses; and it was weighed. The practice of weighing money, which is often in lumps or rings, each stamped with their weight, is still common in many parts of the East; and every merchant at the gates or the bazaar has his scales at his girdle.
Jenèz 23:19
19. Abraham buried Sarah--Thus he got possession of Machpelah and deposited the remains of his lamented partner in a family vault which was the only spot of ground he owned.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
