Jenèz 20
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Abraram kite Manmre, li pati, li ale Negèv, li rete ant Kadès ak Chour kote li moute kay li. Pandan tout tan li t'ap viv nan peyi Gera a, 2 li t'ap di se sè li Sara te ye. Se konsa, Abimelèk, wa peyi Gera a, fè yo mennen Sara ba li. 3 Men pandan lannwit, Abimelèk fè yon rèv, li wè Bondye parèt devan li. Bondye di l'. Gade non, monchè. Ou pral mouri tande, paske Sara se yon madan marye. 4 Men, Abimelèk pa t' gen tan kouche avè Sara. Li di. Mèt, èske w'ap kite yon pèp inonsan peri? 5 Se Abraram ki di m' se sè li Sara ye. Sara pou tèt pa l' di m' se frè li Abraram ye. Mwen fè sa m' fè a san ankenn move lide. Mwen konnen mwen pa fè anyen ki mal. 6 Bondye reponn li nan rèv la. Wi. Mwen konnen ou fè sa ou fè a san ankenn move lide dèyè tèt ou. Se poutèt sa mwen pa kite ou fè peche sa a kont mwen. Mwen pa kite ou fè madanm lan anyen. 7 Men sa pou ou fè: renmèt nonm lan madanm li. Se yon pwofèt Bondye li ye. La lapriyè pou ou pou ou pa mouri. Men, si ou pa renmèt li, mwen tout di ou nou pral mouri, ou menm ansanm ak tout fanmi ou. 8 Nan maten, bonè bonè, Abimelèk rele tout domestik li yo, li rakonte yo tout bagay. Yo tout yo te pè anpil. 9 Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè. 10 Abimelèk di Abraram ankò. Poukisa ou fè sa ou fè a? 11 Abraram reponn li. Mwen te di nan kè m' pa gen moun ki gen krentif pou Bondye bò isit la. Mwen tè kwè yo ta ka touye m' poutèt madanm mwen. 12 Men, se vre wi, se sè m' li ye. Nou menm papa, men nou pa menm manman. Epi se madanm mwen li ye tou. 13 Se konsa, lè Bondye fè m' kite lakay papa m' pou m' al nan peyi etranje yo, mwen di Sara: m'ap mande ou pou rann mwen yon sèvis? Si ou renmen m' vre, tanpri, kote ou pase, se pou di se frè ou mwen ye. 14 Lè sa a, Abimelèk renmèt Sara bay Abraram. Anmenmtan li ba li mouton, bèf ak domestik, fanm kou gason, pou sèvi l'. 15 Li di Abraram. Gade! tout peyi m' lan devan ou. Rete kote ki fè ou plezi. 16 Epi li di Sara. Mwen bay frè ou la mil (01.000) pyès lajan. Se pou sa ka fè moun ki la avè ou yo bliye sak te rive ou. Konsa, tout moun va konnen ou pa t' fè anyen ki mal. 17 - 18 Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Seyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pa t' kapab fè pitit. Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tout ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo kapab fè pitit ankò.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Jenèz 20:1
Ge 20:1-18. Abraham's Denial of His Wife.
1. Abraham journeyed from thence ... and dwelled between Kadesh and Shur--Leaving the encampment, he migrated to the southern border of Canaan. In the neighborhood of Gerar was a very rich and well-watered pasture land.
Jenèz 20:2
2. Abraham said of Sarah his wife, She is my sister--Fear of the people among whom he was, tempted him to equivocate. His conduct was highly culpable. It was deceit, deliberate and premeditated--there was no sudden pressure upon him--it was the second offense of the kind [see on Ge 12:13]--it was a distrust of God every way surprising, and it was calculated to produce injurious effects on the heathen around. Its mischievous tendency was not long in being developed.
Abimelech (father-king) ... sent and took Sarah--to be one of his wives, in the exercise of a privilege claimed by Eastern sovereigns, already explained (see on Ge 12:15).
Jenèz 20:3
3. But God came to Abimelech in a dream--In early times a dream was often made the medium of communicating important truths; and this method was adopted for the preservation of Sarah.
Jenèz 20:9
9. Then Abimelech called Abraham, and said ... What hast thou done?--In what a humiliating plight does the patriarch now appear--he, a servant of the true God, rebuked by a heathen prince. Who would not rather be in the place of Abimelech than of the honored but sadly offending patriarch! What a dignified attitude is that of the king--calmly and justly reproving the sin of the patriarch, but respecting his person and heaping coals of fire on his head by the liberal presents made to him.
Jenèz 20:11
11. And Abraham said ... I thought, Surely the fear of God is not in this place--From the horrible vices of Sodom he seems to have taken up the impression that all other cities of Canaan were equally corrupt. There might have been few or none who feared God, but what a sad thing when men of the world show a higher sense of honor and a greater abhorrence of crimes than a true worshipper!
Jenèz 20:12
12. yet indeed she is my sister--(See on Ge 11:31). What a poor defense Abraham made. The statement absolved him from the charge of direct and absolute falsehood, but he had told a moral untruth because there was an intention to deceive (compare Ge 12:11-13). "Honesty is always the best policy." Abraham's life would have been as well protected without the fraud as with it: and what shame to himself, what distrust to God, what dishonor to religion might have been prevented! "Let us speak truth every man to his neighbor" [Zec 8:16; Ep 4:25].
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
