Jenèz 11

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. 2 Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. 3 Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. 4 Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. 5 Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. 6 Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. 7 Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. 8 Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. 9 Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè. 10 Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (0100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. 11 Apre sa, li viv senksanzan (0500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 12 Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. 13 Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 14 Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. 15 Apre sa, li viv katsantwazan (0403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 16 Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. 17 Apre sa, li viv katsantrantan (0430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 18 Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou. 19 Apre sa, li viv desannevan (0209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 20 Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. 21 Apre sa, li viv desansetan (0207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi. 22 Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. 23 Apre sa, li viv desanzan (0200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 24 Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 25 Apre sa, li viv sandiznevan (0119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi. 26 Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran. 27 Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 28 Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. 29 Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 30 Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit. 31 Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 32 Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (0205 an).

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Jenèz 11:1

Ge 11:1-32. Confusion of Tongues.

1. the whole earth was of one language. The descendants of Noah, united by the strong bond of a common language, had not separated, and notwithstanding the divine command to replenish the earth, were unwilling to separate. The more pious and well-disposed would of course obey the divine will; but a numerous body, seemingly the aggressive horde mentioned (Ge 10:10), determined to please themselves by occupying the fairest region they came to.

Jenèz 11:2

2. land of Shinar--The fertile valley watered by the Euphrates and Tigris was chosen as the center of their union and the seat of their power.

Jenèz 11:3

3. brick--There being no stone in that quarter, brick is, and was, the only material used for building, as appears in the mass of ruins which at the Birs Nimroud may have been the very town formed by those ancient rebels. Some of these are sun-dried--others burnt in the kiln and of different colors.

slime--bitumen, a mineral pitch, which, when hardened, forms a strong cement, commonly used in Assyria to this day, and forming the mortar found on the burnt brick remains of antiquity.

Jenèz 11:4

4. a tower whose top may reach unto heaven--a common figurative expression for great height (De 1:28; 9:1-6).

lest we be scattered--To build a city and a town was no crime; but to do this to defeat the counsels of heaven by attempting to prevent emigration was foolish, wicked, and justly offensive to God.

Jenèz 11:6

6. and now nothing will be restrained from them--an apparent admission that the design was practicable, and would have been executed but for the divine interposition.

Jenèz 11:7

7. confound their language--literally, "their lip"; it was a failure in utterance, occasioning a difference in dialect which was intelligible only to those of the same tribe. Thus easily by God their purpose was defeated, and they were compelled to the dispersion they had combined to prevent. It is only from the Scriptures we learn the true origin of the different nations and languages of the world. By one miracle of tongues men were dispersed and gradually fell from true religion. By another, national barriers were broken down--that all men might be brought back to the family of God.

Jenèz 11:28

28. Ur--now Orfa; that is, "light," or "fire." Its name probably derived from its being devoted to the rites of fire-worship. Terah and his family were equally infected with that idolatry as the rest of the inhabitants (Jos 24:15).

Jenèz 11:31

31. Sarai his daughter-in-law--the same as Iscah [Ge 11:29], granddaughter of Terah, probably by a second wife, and by early usages considered marriageable to her uncle, Abraham.

they came unto Haran--two days' journey south-southeast from Ur, on the direct road to the ford of the Euphrates at Rakka, the nearest and most convenient route to Palestine.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.