Esdras 3

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè pou setyèm mwa lanne jwif yo rive, moun pèp Izrayèl yo te gen tan chita lakay yo nan lavil yo. Lè sa a, yo tout yo sanble lavil Jerizalèm. 2 Jozye, pitit gason Jeozadak la, ak tout prèt parèy li yo leve ansanm ak Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak tout fanmi l' yo, yo rebati lotèl Bondye pèp Izrayèl la pou yo te ka boule ofrann bèt sou li, dapre regleman ki ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè Bondye a. 3 Atout yo te pè lòt moun yo ki t'ap viv nan peyi a, yo rebati lotèl la menm kote li te ye anvan an. Epi yo tanmen boule bèt sou li pou Seyè a, chak maten ak chak aswè. 4 Yo fete fèt Joupa yo, dapre sa ki ekri a. Chak jou yo te ofri kantite bèt yo te dwe boule pou jou sa a. 5 Apre sa, yo ofri bèt pou yo boule chak jou a, bèt pou yo boule chak fèt lalin nouvèl yo, ak bèt pou tout lòt jou y'ap fè fèt pou Seyè a, ansanm ak tout lòt ofrann moun yo vle fè pou Seyè a san se pa li ki mande yo fè l'. 6 Pèp la pa t' ankò mete men nan tanp lan, men depi premye jou setyèm mwa a yo te konmanse ap boule bèt nèt pou Seyè a. 7 Pèp la bay lajan pou peye bòs ki t'ap taye wòch yo ak bòs chapant yo. Yo bay pwovizyon, bwason ak lwil pou yo voye lavil Tir ak lavil Sidon pou bwa sèd y'ap achte nan men moun la yo. Bwa yo te soti peyi Liban, yo pase sou lanmè, yo debake Jope. Yo fè tou sa dapre otorizasyon Siris, wa peyi Pès la, te ba yo. 8 Te gen ennan yon mwa depi yo te rive lavil Jerizalèm sou anplasman tanp Seyè a, lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, te mete men nan travay la ansanm ak rès moun pèp la, prèt yo ak moun Levi yo, avèk tout moun ki te tounen lavil Jerizalèm. Yo pran tout moun Levi ki te gen ventan osinon plis, yo mete yo anchaj pou dirije tout travay ki t'ap fèt nan tanp Seyè a. 9 Se konsa Jozye, pitit gason l' yo ak lòt fanmi li yo, ansanm ak Kadmyèl ak pitit gason l' yo, moun fanmi Jida, mete tèt yo ansanm, yo pran reskonsablite travay ki t'ap fèt nan tanp Bondye a. 10 Lè bòs mason yo te konmanse ak premye fondasyon tanp Seyè a, prèt yo avèk gwo rad yo sou yo, twonpèt yo nan men yo, vin pran plas yo ansanm ak moun Levi branch fanmi Asaf yo ak tanbouren yo nan men yo. Yo te fè lwanj Seyè a dapre regleman David, wa peyi Izrayèl la, te bay depi lontan. 11 Yo t'ap fè lwanj Seyè a, yo t'ap di l' mèsi, yo t'ap chante yonn apre lòt: Ala bon Seyè a bon! Li p'ap janm sispann renmen pèp Izrayèl la Tout pèp la t'ap rele byen fò. Yo t'ap fè lwanj Seyè a, paske yo t'ap mete men nan travay fondasyon tanp Seyè a. 12 Te gen anpil prèt, anpil moun Levi ak anpil chèf fanmi ki te fin vye granmoun. Yo te konnen ansyen tanp lan anvan li te kraze. Lè yo wè fondasyon tanp lan t'ap moute ankò devan je yo, genyen ki t'ap kriye ak dlo nan je. Men, anpil lòt t'ap rele sitèlman yo te kontan. 13 Men, pesonn pa t' ka di kilès ki t'ap rele ak kè kontan, kilès ki t'ap plede kriye ak dlo nan je, paske tout pèp la t'ap rele ansanm byen fò. Moun te ka tande yo byen lwen.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Esdras 3:1

Ezr 3:1-13. The Altar Set Up.

1. when the seventh month was come--The departure of the returning exiles from Babylon took place in the spring. For some time after their arrival they were occupied in the necessary work of rearing habitations to themselves amid the ruins of Jerusalem and its neighborhood. This preliminary work being completed, they addressed themselves to rebuild the altar of burnt offering. As the seventh month of the sacred year was at hand--corresponding to the latter end of our September--when the feast of tabernacles (Le 23:34) fell to be observed, they resolved to celebrate that religious festival, just as if the temple had been fully restored.

Esdras 3:2

2. Jeshua--the grandson of Seraiah, the high priest, put to death by Nebuchadnezzar at Riblah (2Ki 25:18-21). His father, Josedech, had been carried captive to Babylon, and died there, some time before this.

Zerubbabel--was, according to the order of nature, son of Pedaiah (1Ch 3:17-19); but having been brought up by Salathiel, he was called his son.

builded the altar of the God of Israel, to offer burnt offerings thereon--This was of urgent and immediate necessity, in order, first, to make atonement for their sins; secondly, to obtain the divine blessing on their preparations for the temple, as well as animate their feelings of piety and patriotism for the prosecution of that national work.

Esdras 3:3

3. they set the altar upon his bases--They reared it upon its old foundation, so that it occupied as nearly as possible the site on which it had formerly stood.

they offered burnt offerings ... morning and evening--Deeming it their duty to perform the public rites of religion, they did not wait till the temple should be rebuilt and dedicated; but, at the outset, they resumed the daily service prescribed by the law (Ex 29:38, 39; Le 6:9, 11), as well as observed the annual seasons of solemn observance.

Esdras 3:4-6

Ezr 3:4-7. Offerings Renewed.

4-6. They kept also the feast of tabernacles ... From the first day of the seventh month--They revived at that time the daily oblation, and it was on the fifteenth day of that month the feast of tabernacles was held.

Esdras 3:7

7. They gave ... meat ... drink, and oil, unto them of Zidon--They opened negotiations with the Tyrians for workmen, as well as for timber, on the same terms and with the same views as Solomon had done (1Ki 5:11; 2Ch 2:15, 16).

Esdras 3:8

Ezr 3:8-13. The Foundation of the Temple Laid.

8. appointed the Levites ... to set forward the work--that is, to act as overseers of the workmen, and to direct and animate the laborers in the various departments.

Esdras 3:9

9. Jeshua with his sons--not the high priest, but a Levite (Ezr 2:40). To these, as probably distinguished for their mechanical skill and taste, the duty of acting as overseers was particularly committed.

Esdras 3:12

12. But many of the priests and Levites and chief of the fathers ... wept with a loud voice--Those painful emotions were excited by the sad contrast between the prosperous circumstances in which the foundations of the first temple had been laid and the desolate, reduced state of the country and city when the second was begun; between the inferior size and less costliness of the stones used in the foundations of the second (1Ki 7:9, 10), and the much smaller extent of the foundation itself, including all the appurtenances of the building (Hag 2:3); between the comparative smallness of their present means and the immense resources of David and Solomon. Perhaps, however, the chief cause of grief was that the second temple would be destitute of those things which formed the great and distinguishing glory of the first; namely, the ark, the shekinah, the Urim and Thummim, &c. Not that this second temple was not a very grand and beautiful structure. But no matter how great its material splendor was, it was inferior in this respect to that of Solomon. Yet the glory of the second far outshone that of the first temple in another and more important point of view, namely, the receiving within its walls the incarnate Saviour (Hag 2:9).

Esdras 3:13

13. the people could not discern the shout of joy from the noise of the weeping of the people--Among Eastern people, expressions of sorrow are always very loud and vehement. It is indicated by wailing, the howl of which is sometimes not easily distinguishable from joyful acclamations.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.