Kòmanse

Ezekyèl 45

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a. 2 Sou pòsyon tè sa a va gen yon anplasman kare kare pou Tanp lan. L'a gen witsankarant (0840) pye chak bò, ak yon espas katrevenkat pye lajè k'ap rete vid san anyen sou li toutotou anplasman an. 3 N'a separe pòsyon tè Seyè a an de moso menm gwosè, chak moso va gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè. Se nan premye mwatye a n'a chwazi anplasman pou bati Tanp lan, kay yo mete apa nèt pou Seyè a. 4 Se pòsyon sa a n'a kite apa nèt pou Seyè a. Se li ki va pou prèt yo k'ap sèvi kote ki apa pou Bondye a epi k'ap fè sèvis pou Seyè a nan Tanp lan. Se sou li y'a bati kay yo. Se la y'a chwazi anplasman pou Tanp lan. 5 Lòt mwatye a ki gen douz kilomèt edmi longè sou senk kilomèt lajè tou va rete pou moun Levi yo k'ap travay nan Tanp lan. Se la y'a bati kay pou yo rete. 6 Tou kole ak pòsyon tè Bondye a, n'a wete yon lòt pòsyon ki va gen douz kilomèt edmi longè, de kilomèt edmi lajè. Se la n'a bay pou bati kay kote nenpòt moun nan pèp Izrayèl la ka rete. 7 Y'a wete yon pòsyon tè pou wa a tou. L'ap an de moso, yonn sou bò solèy kouche adwat pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon lanmè ki sèvi fwontyè sou bò solèy kouche a, yon lòt sou bò solèy leve agoch pòsyon tè Seyè a ak pòsyon pou lavil la, ale nan direksyon fwontyè ki sou bò solèy leve a. Antou, l'ap menm gwosè ak pòsyon tè yo bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 8 Se pòsyon tè sa a y'a bay wa a nan peyi Izrayèl la pou rele l' pa l'. Konsa, li p'ap bezwen peze pèp mwen an ankò. L'a kite rès peyi a pou branch fanmi pèp Izrayèl la. 9 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa. 10 Se pou tout moun sèvi ak bon pwa, ak bon mezi san madou. 11 Mezi efa ki sèvi pou grenn yo fèt pou gen menm valè ak mezi bat ki sèvi pou likid yo. Gwo mezi a se omè a. Sa ban nou yon omè egal dis efa, egal dis bat. 12 Pou pwa yo, n'a gen vin gera egal yon chekèl, swasant chekèl egal yon mina. 13 Men ki jan n'a mezire ofrann nou yo. Pou ble a, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. Pou lòj la, n'a bay yon mezi pou chak swasant mezi nou rekòlte. 14 Pou lwil oliv la, n'a bay yon mezi pou chak san mezi lwil pye oliv yo bay. N'a mezire lwil la ak mezi bat la: dis bat pou yon omè, osinon pou yon kò. 15 Pou mouton yo, n'a bay yonn pou chak desan (0200) mouton yon fanmi genyen. Se pou nou fè ofrann grenn jaden yo, ofrann bèt pou yo boule nèt, ak ofrann bèt pou yo touye pou di mèsi, pou Bondye ka padonnen peche nou yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki bay lòd sa a. 16 Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la. 17 Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m' yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la. 18 Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Chak premye jou nan premye mwa lanne a, se pou nou touye yon towo bèf san ankenn enfimite bay Bondye, pou mete Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 19 Prèt la va pran ti gout nan san bèt yo ofri pou mande Bondye padon an, l'a mete sou de poto ki bò pòtay Tanp lan, sou kat kwen lotèl la, sou tout poto pòtay ki mennen nan ti lakou anndan an. 20 Sou setyèm jou mwa a, se pou nou fè menm bagay la ankò pou tout moun ki fè peche san yo pa konnen, osinon san yo pa fè espre. Se konsa n'a kenbe Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a. 21 Sou katòzyèm jou premye mwa a, n'a konmanse ak seremoni pou fèt Delivrans lan. Pandan sèt jou, se pou tout moun manje pen san ledven. 22 Sou premye jou fèt la, wa a gen pou l' ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l' yo ak pou peche tout pèp la. 23 Chak jou, pandan sèt jou fèt la, se pou l' ofri sèt towo bèf ak sèt belye mouton san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Chak jou, l'a bay yon bouk kabrit pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche yo. 24 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton yo gen pou yo touye, se pou yo ofri yon demi mezi grenn jaden ak twaka yon mezi lwil oliv. 25 Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ezekyèl 45:1

Introduction

The several portions of land appointed for the sanctuary, Eze 45:1-5, the city, 6, and the prince, Eze 45:7, Eze 45:8. Regulations concerning the weights and measures, Eze 45:9-12; with ordinances respecting the provisions for the ordinary and extraordinary sacrifices, Eze 45:13-25.

Verse 1

When ye shall divide by lot - That is, when on your repossessing your land, every family settles according to the allotment which they formerly had; for it is certain that the land was not divided afresh by lot after the Babylonish captivity. The allotment mentioned and described here was merely for the service of the temple, the use of the priests, and the prince or governor of the people. A division of the whole land is not intended.

Ezekyèl 45:2

Verse 2

Of this there shall be for the sanctuary - See the plan, A.

Ezekyèl 45:3

Verse 3

And of this measure - See the plan, A, B, C, D, E.

Ezekyèl 45:4

Verse 4

The holy portion - See the plan, A.

Ezekyèl 45:5

Verse 5

And the five and twenty thousand - See the plan, B.

Ezekyèl 45:6

Verse 6

Ye shall appoint - See the plan, FF.

Ezekyèl 45:7

Verse 7

A portion shall be for the prince - נשיא nasi, he who had the authority of chief magistrate; for there was neither king nor prince among the Jews after the Babylonish captivity. For these allotments and divisions, see the plan, EE, FF, GG.

Ezekyèl 45:8

Verse 8

My princes shall no more oppress my people - By exorbitant taxes to maintain profligate courts, or subsidize other powers to help to keep up a system of tyranny in the earth. The former princes even robbed the temple of God to give subsidies to other states.

Ezekyèl 45:9

Verse 9

Take away your exactions from my people - This is the voice of God to all the rulers of the earth.

Take away your exactions; do not oppress the people; they are mine. Abolish all oppressive taxes.

Ezekyèl 45:10-15

Verse 10

Ye shall have just balances - This appreciation of weights, measures, and money was intended to show them that they must not introduce those to which they had been accustomed in the captivity, but those which God had prescribed to their forefathers. See the notes on the parallel places.

Ezekyèl 45:16-17

Verse 16

All - this oblation for the prince - A present or offering to the prince.

Ezekyèl 45:18-19

Verse 18

Thou shalt take a young bullock - and cleanse the sanctuary - There is nothing of this in the Mosaic law; it seems to have been a new ceremony. An annual purification of the sanctuary may be intended.

Ezekyèl 45:20-24

Verse 20

For him that is simple - That wants understanding to conduct himself properly.

Ezekyèl 45:25

Verse 25

In the seventh month - He shall do at the feast of tabernacles the same things that he was desired to do on the passover. The prince should offer the same number of victims, of the same quality, and with the same ceremonies, as during the above seven days. The offerings were, sin-offerings, burnt-offerings, and peace-offerings.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.