Ezekyèl 46
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè sèl Mèt la di ankò: -Se pou yo kenbe pòtay bò solèy leve nan ti lakou anndan an fèmen pandan sis jou moun gen dwa travay la. Men, y'a louvri l' jou repo ak jou fèt lalin nouvèl lan. 2 Wa a va soti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a soti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè. 3 Chak jou repo m' yo ak chak fèt lalin nouvèl yo, se pou tout pèp la mete ajenou pou yo adore Seyè a devan pòtay la. 4 Chak jou repo m' yo se pou wa a ofri sis ti mouton ak yon belye mouton san ankenn enfimite, pou yo boule nèt pou Seyè a. 5 Avèk chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Avèk chak ti mouton, l'a bay sa l'a vle. Pou chak demi mezi grenn, l'a bay twaka yon mezi lwil oliv. 6 Pou fèt lalin nouvèl lan, l'a ofri yon jenn towo bèf, sis ti mouton ak yon belye mouton, yo tout san ankenn enfimite. 7 Pou chak towo bèf ak pou chak belye mouton, l'a ofri yon demi mezi grenn jaden. Pou chak ti mouton, l'a ofri sa li vle. Se pou l' ofri twaka yon mezi lwil oliv pou chak demi mezi grenn li ofri. 8 Lè wa a ap antre, se pou l' pase nan gwo chanm ki nan bout koridò a. Lè l'ap soti, se la pou l' pase tou. 9 Pou nenpòt fèt, lè pèp la ap vin adore Seyè a, moun ki pase nan pòtay nò a pou yo antre va pase nan pòtay sid la pou yo soti. Moun ki pase nan pòtay sid la pou yo antre va pase nan pòtay nò a pou yo soti. Pesonn p'ap gen dwa pase soti kote li te pase antre a. Se pou l' pase soti nan pòtay anfas la. 10 Wa a va kanpe avèk pèp la, l'a antre ansanm ak yo, l'a soti ansanm ak yo. 11 Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden. 12 Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la. 13 Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou. 14 Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje. 15 Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a. 16 Seyè sèl Mèt la bay lòd sa a: -Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li. 17 Men, si wa a fè yon moun k'ap sèvi l' kado yon moso nan tè li a, tè a ap tounen pou wa a ankò lè lanne rejwisans lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan. 18 Wa a pa gen dwa mete ankenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l' pou li. Se nan tè ki rele l' pa l' la pou l' pran pou l' bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pesonn deyò sou tè yo pou l' pran tè a pou li. 19 Apre sa, nonm lan mennen m' devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m' yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo. 20 Epi li di m': -Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm soti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la. 21 Apre sa, li mennen m' nan gwo lakou deyò a, li fè m' pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen. 22 Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasantwit pye longè, karantwit pye lajè. 23 Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a. 24 Nonm lan di m': -Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezekyèl 46:1-3
Introduction
Ordinances of worship prescribed for the prince and for the people, Eze 46:1-15; and the gifts he may bestow on his sons and servants, Eze 46:16-18. A description of the courts appointed for boiling or baking any part of the holy oblations, Eze 46:19-24.
Ezekyèl 46:4-6
Verse 4
The burnt-offerings that the prince shall offer - The chief magistrate was always obliged to attend the public worship of God, as well as the priest, to show that the civil and ecclesiastical states were both under the same government of the Lord; and that no one was capable of being prince or priest, who did not acknowledge God in all his ways. It is no wonder that those lands mourn, where neither the established priest nor the civil magistrate either fear or love God. Ungodly priests and profligate magistrates are a curse to any land. In no country have I found both so exemplary for uprightness, as in Britain.
Ezekyèl 46:7-8
Verse 7
According as his hand shall attain unto - According to his ability, to what the providence of God has put in his hand, i.e., his power. This proportion of offerings is different from that prescribed by the Mosaic law, Num 15:4-12.
Ezekyèl 46:9
Verse 9
He that entereth in by the way of the north, etc. - As the north and the south gates were opposite to each other, he that came in at the north must go out at the south; he that came in at the south must go out at the north. No person was to come in at the east gate, because there was no gate at the west; and the people were not permitted to turn round and go out at the same place by which they came in; for this was like turning their backs on God, and the decorum and reverence with which public worship was to be conducted would not admit of this. Besides, returning by the same way must have occasioned a great deal of confusion, where so many people must have jostled each other, in their meetings in different parts of this space.
Ezekyèl 46:10-12
Verse 10
And the prince in the midst of them - Even he shall act in the same way: he must also go straight forward, and never turn his back to go out at the same gate by which he entered. The prince and the people were to begin and end their worship at the same time.
Ezekyèl 46:13-16
Verse 13
Thou shalt prepare it every morning - The evening offering is entirely omitted, which makes an important difference between this and the old laws. See Exodus 29:31-46.
Ezekyèl 46:17-18
Verse 17
To the year of liberty - That is, to the year of jubilee, called the year of liberty, because there was then a general release. All servants had their liberty, and all alienated estates returned to their former owners.
Ezekyèl 46:19
Verse 19
He brought me thorough the entry - The prophet had entered by the north gate of the court of the priests, where he had seen, a little before, the glory of the Lord, and where he had received all those directions from Eze 44:4, Eze 44:5, to this chapter. From that gate, (see plan Q.) he entered the vestibule by a gate which was by the side of the apartments of the priests, which were along this aisle, (see S.) to the right of the vestibule towards the west. At the extremity of a row of chambers, he remarked, at the west, the place where they boiled the flesh of the sin-offerings, (see T.) They did not boil there the flesh of all sorts of victims, there were other kitchens appointed for that, (see PP): but that only which could not be eaten but in the outer court, and by the priests which were sanctified; such were the parts of the offerings for sins of commission and ignorance, and the offerings of flour with which they were accompanied.
Ezekyèl 46:20-22
Ezekyèl 46:23-24
Verse 23
It was made with boiling places - These were uncovered apartments, where they kept fires for dressing those parts of the peace-offerings, which were made in the temple by individuals through a principle of devotion. On these their families and their friends feasted; and portions were sent to the poor, the widows, and the orphans. And thus the spirit of devotion was the means of preserving the spirit of mercy, charity, and benevolence in the land. How true is that word, "Godliness is profitable for all things."
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
