Kòmanse

Ezekyèl 44

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Nonm lan mennen m' bò pòtay ki bay sou bò solèy leve a. Pòtay la te fèmen. 2 Seyè a di m' konsa: -Pòtay sa a fèt pou toujou ret fèmen. Piga yo janm louvri l'. Pa janm kite pesonn pase la. Paske se la mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen te pase. Se pou l' toujou ret fèmen. 3 Tansèlman, wa a gen dwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l' nan manje ofrann lan devan m'. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l' antre. Se la l'a soti tou. 4 Apre sa, nonm lan fè m' soti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m' gade, mwen wè Tanp Seyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Seyè a. Mwen lage kò m' atè sou fas. 5 Epi Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Pran tèt ou! Louvri je ou gade byen. Louvri zòrèy ou tande. Mwen pral ba ou lòd ak regleman pou Tanp mwen an. Gade byen ki moun ki gen dwa antre soti nan Tanp lan, ki moun ki pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan. 6 Pale ak bann moun tèt di pèp Izrayèl yo. Di yo, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo. Mwen p'ap tolere ankò tout vye bagay derespektan yo t'ap plede fè yo. 7 Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi. 8 Yo derefize pran reskonsablite fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. Yo mete moun lòt nasyon pou fè sèvis pou yo nan Tanp lan. 9 Men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen di: Ankenn moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra a nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', pa gen dwa mete pye yo nan Tanp lan, pa menm lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp Izrayèl la. 10 Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a. 11 Y'ap toujou sèvi m' nan Tanp lan. Se yo menm ki pral reskonsab veye pòtay Tanp lan, se yo ki pral fè tout kalite ti travay ki pou fèt nan Tanp lan. Se yo ki pral touye bèt pèp la va vin ofri pou boule nèt nan dife ak pou lòt kalite ofrann. Se yo ki pral la pou sèvi pèp la. 12 Tansèlman, paske yo te asepte fè sèvis pou pèp la devan zidòl yo, paske, lè yo fè sa, yo pòte pèp la tonbe pi rèd nan fè peche, mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen fè sèman, m'ap pini yo pou sa yo fè a. 13 Yo pa gen dwa pwoche kote m' pou sèvi m' prèt ankò, ni yo pa gen dwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a. 14 M'ap ba yo lòt travay pou yo fè nan tanp lan. M'ap mete yo reskonsab tout kalite travay k'ap fèt nan Tanp lan. 15 Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Prèt ki fè pati branch fanmi Levi a men ki soti nan fanmi Zadòk la te toujou fè travay yo byen san melanj nan Tanp lan, lè tout rès pèp Izrayèl la menm te vire do ban mwen. Se poutèt sa, se yo menm ase ki ka pwoche vin fè sèvis pou mwen. Se yo menm ki gen dwa kanpe devan m' pou ofri m' grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. 16 Se yo menm ase ki pou antre nan Tanp mwen an, ki pou sèvi devan lotèl mwen an, ki pou fè sèvis pou mwen nan Tanp lan. 17 Lè y'a antre nan pòtay ti lakou anndan Tanp lan, y'a mete rad fèt ak twal fin blan. Lè y'ap sèvi nan ti lakou anndan an osinon nan Tanp lan, yo pa fèt pou yo gen anyen fèt ak lenn sou yo. 18 Konsa, yo p'ap janm swe. Y'ap mare tèt yo ak gwo mouchwa fèt ak twal fin blan. Y'ap mete pantalon fèt ak twal fin blan san sentiwon. 19 Anvan yo soti nan gwo lakou a, kote pèp la ye a, se pou yo wete rad ki te sou yo lè yo te desèvis nan tanp lan. Y'a kite yo nan pyès yo mete apa pou sa a. Y'a mete lòt rad òdinè sou yo pou rad seremoni yo pa fè malè tonbe sou pèp la. 20 Prèt yo pa gen dwa kale tèt yo, ni se pa pou yo kite cheve yo vin twò long. Se pou yo toujou taye cheve yo. 21 Prèt yo pa gen dwa bwè diven jou pou yo antre nan ti lakou anndan an. 22 Prèt yo pa gen dwa marye ak yon vèv osinon yon madanm divòse. Se pou yo marye ak yon jenn fi nan ras moun Izrayèl yo. Tansèlman, y'a gen dwa marye ak vèv yon prèt parèy yo. 23 Prèt yo va moutre pèp mwen an diferans ki genyen ant sa yo mete apa pou sèvis mwen ak sa yo pa mete apa pou sèvis mwen, ant sa ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen ak sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. 24 Lè yon moun gen kont ak yon lòt, se prèt yo ki va jije yo dapre sa ki nan lalwa mwen an. Se yo ki pou òganize tout fèt mwen yo dapre lòd ak regleman mwen bay. Jou repo m' yo, yo pa gen dwa fè ankenn travay. 25 Prèt yo pa fèt pou pwoche bò kadav moun mouri pou sa pa mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen. Tansèlman, yo gen dwa pwoche bò kadav papa yo, manman yo, pitit fi yo, pitit gason yo, frè yo osinon yon sè yo depi sè a pa marye. 26 Apre l'a fin fè sèvis pou mete l' nan kondisyon ankò pou sèvi m', se pou l' tann sèt jou. 27 Apre sa, jou l'a gen pou l' pran sèvis nan Tanp lan, l'a antre nan ti lakou anndan an, l'a fè ofrann pou mande Bondye padon pou peche l' yo. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 28 Prèt yo pa gen ankenn pòsyon tè ki rele yo pa yo. Se mwen menm ki tout yo. Yo p'ap gen anyen nan peyi mwen bay pèp Izrayèl la k'ap rele yo pa yo. Se sèvis y'ap fè pou mwen an ki tout yo. 29 Se yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye. 30 Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou. 31 Prèt yo pa gen dwa manje ankenn bèt, kit se zwezo, kit se lòt bèt, ki mouri mò natirèl osinon bèt nan bwa devore.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Ezekyèl 44:1

Introduction

This chapter gives an account of the glory of God having returned to the temple, Eze 44:14. The Jews reproved for suffering idolatrous priests to pollute it with their ministrations, Eze 44:5-8. Ordinances respecting the conduct of the priests, and the maintenance due to them, vv. 9-31.

Verse 1

The outward sanctuary - In opposition to the temple itself, which was the inner sanctuary.

Ezekyèl 44:2-4

Verse 2

This gate shall be shut - It was not to be opened on ordinary occasions, nor at all on the week days: but only on the Sabbaths and the new moons. See the account of the gates (4) in the explanation of the plan.

This verse has been adduced by the Roman Catholics to prove the perpetual virginity of the mother of our Lord; and it may be allowed to be as much to the purpose as any other that has been brought to prove this very precarious point, on which no stress should ever be laid by any man. Mary was a virgin when she brought forth Jesus.

Ezekyèl 44:5-6

Verse 5

Mark well, and behold - Take notice of every thing; register all so fully that thou shalt be able to give the most minute information to the children of Israel.

Ezekyèl 44:7-9

Verse 7

The fat and the blood - These never went into common use; they were wholly offered to God. The blood was poured out; the fat consumed.

Because of all your abominations - Several MSS. of Kennicott's and De Rossi's read their abominations, referring to the strangers mentioned before.

Ezekyèl 44:10-15

Verse 10

And the Levites that are gone away far from me - This refers to the schism of Jeroboam, who, when he set up a new worship, got as many of the priests and Levites to join him in his idolatry as he could. These, on the return from the captivity, should not be permitted to perform the functions of priests in the new temple; but they might be continued as keepers of all the charge of the house - be treasurers, guards of the temple, porters, etc.; see Eze 44:11-15. The whole of these passages refer to the period of time when the second temple was built.

Ezekyèl 44:16

Verse 16

Come near to my table - To place the shew-bread there, and to burn incense on the golden altar in the holy of holies.

Ezekyèl 44:17-19

Verse 17

No wool shall come upon them - The reason is plain; wool is more apt than linen to contract dirt and breed insects; linen breeds none; besides, this is a vegetable, and the other an animal substance. It was an ancient maxim, that whatever was taken from a dead body was impure in matters of religion, and should not be permitted to enter into the temple. The Egyptian priests always wore linen on their bodies, and shoes of matting or rushes on their feet. The Mohammedans never write the Koran upon vellum or skin of any kind, as they would consider that as a defilement.

Ezekyèl 44:20-21

Verse 20

Neither shall they shave their heads - The priests of Isis shaved their heads close to the skin; the priests of Budhoo do so still, their ordinances oblige them to shave their heads every tenth day. To let the hair grow long would have been improper; therefore the Lord commands them to poll - cut the hair short, but not to shave.

Ezekyèl 44:22-24

Verse 22

Neither shall they take for their wives a widow - This was prohibited to the high priest only, by Moses, Lev 21:13, Lev 21:14.

Ezekyèl 44:25-27

Verse 25

And they shall come at no dead person to defile themselves - Touching the dead defiles a Hindoo now, as it formerly did a Jew; and they must bathe to become clean again.

Ezekyèl 44:28-31

Verse 28

I am their inheritance - Those who affect to form their ecclesiastical matters on the model of the Jewish Church have with one consent left this out of the question. They will not live on the free-will offerings of the people; but must have vast revenues, and these secured to them by law. That every minister of God should be supported by the altar I grant; but I think, instead of that method of paying the parochial clergy which I see is so much objected to, and breeds so much dissension between the pastors and their flocks, it would be better, on these accounts, to assign them a portion of land adequate to their supply, or let the state maintain them as it does its other officers. In Israel God was their inheritance and their possession; but they had the breast and shoulder of all sin-offerings and trespass-offerings, and all dedicated things were theirs; and they had a portion of all the dough that was prepared for bread. These were considered as the Lord's property, and these he gave to them; and this is always implied in the Lord's being their inheritance and their possession. They had a plentiful support.

Hitherto tithes have been thought the best mode of paying the clergy, and providing for the poor of each parish; but these matters have undergone such alterations since the time of their institution, that some emendation of the system is at present absolutely necessary.

There should be a public acknowledgment of God in every nation, and this should be provided for by the state in a way the least burdensome to the people, that all may rejoice in the benefit. Happy the nations that have a Bible so correct, and a Liturgy so pure, as those in the British empire! In such cases, a religion established by the state is an unutterable blessing to the nation; only keep it to the Bible, and to the Liturgy, and all, under God, will be well; but when the sermon is against these, all is bad.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.