Ezekyèl 27
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Seyè a pale avè m', li di m' konsa: 2 -Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir! 3 W'a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k'ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k'ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an! 4 Fwontyè nou rive jouk nan mitan lanmè. Moun ki bati lavil la te bati l' tankou yon bèl batiman. 5 Yo te pran bwapen sou mòn Seni fè planch pou sèvi bòday nou yo. Yo pran yon bwa sèd peyi Liban pou fè ma pou nou. 6 Yo pran bwadchenn peyi Bazan pou fè zaviwon. Yo voye chache bwa sèd nan lil Chip pou fè pon an. Lèfini, yo plake moso ivwa sou tout pon an. 7 Vwal batiman an te fèt ak bèl twal fin blan bwode ki soti peyi Lejip. Se te drapo pa nou sa! Kabin sou pon an te kouvri ak bèl twal violèt, bèl twal wouj ki soti nan lil Elicha. 8 Se gason ki soti lavil Sidon ak lavil Avad k'ap naje zaviwon pou ou. Men, se moun lavil la menm ki te fò anpil nan lamarin ki te maren sou batiman an. 9 Se ansyen gwo bòs chapant lavil Gebal ak bon ouvriye yo ki te abò batiman an pou fè reparasyon. Maren tout batiman ki sou lanmè a vin fè trafik lakay ou. 10 Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a. 11 Sòlda ki soti lavil Avad ap veye sou tout miray ranpa ou yo. Sòlda ki soti lavil Gamad t'ap fè faksyonnè sou tout gwo fò won ou yo. Yo pandye plak fè pwotèj yo sou tout miray yo. Se moun sa yo ki te fè ou bèl kont bèl ou. 12 Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo. 13 Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo. 14 Ou fè trafik ak moun Togama. Ou vann yo machandiz pa ou. Pou peye ou, yo ba ou chwal pou travay, chwal pou fè lagè ak milèt. 15 Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa. 16 Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou. 17 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis. 18 Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki soti Elbon ak lenn ki soti Saar. 19 Moun soti depi lavil Wazal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo. 20 Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo. 21 Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit. 22 Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò. 23 Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou. 24 Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid. 25 Gwo batiman Tasis yo t'ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo. Ou te tankou yon batiman chaje kouleba, nan mitan lanmè. 26 Moun ki t'ap naje zaviwon yo te mennen ou byen lwen nan fon lanmè. Yon sèl van lès te fè ou koule byen lwen nan mitan lanmè. 27 Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule. 28 Rèl maren k'ap neye yo fè moun ki rete sou rivaj yo pran tranble. 29 Tout moun ki t'ap naje zaviwon yo desann atè, yo kite batiman yo. Tout maren yo rete atè. 30 Y'ap kriye pou ou, y'ap plenn sò ou. Y'ap voye pousyè tè sou tèt yo, y'ap woule kò yo nan sann dife, tèlman y'ap nan lapenn. 31 Yo koupe tout cheve nan tèt yo. Yo mete rad sak sou yo. Sa fè yo mal anpil pou ou. Yo dekouraje, y'ap plenn sò ou. 32 Nan lapenn yo y'ap chante sou ou. Yo pral plenn sò ou ak dlo nan je. Y'ap di: Pa te gen tankou lavil Tir ki koulye a koule nan fon lanmè! 33 Lè ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo, tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen. Avèk kantite machandiz ak danre ou yo, ou te fè anpil wa vin rich. 34 Koulye a, ou koule nan fon lanmè. Tout machandiz ou yo, tout moun ki t'ap travay pou ou yo disparèt ansanm avè ou nan lanmè. 35 Tout moun ki rete nan peyi bò gwo lanmè a sezi tande sa ki rive ou. Ata wa yo gen kè sote. Yo kagou sitèlman yo pè. 36 Moun k'ap fè kòmès nan lòt peyi yo sezi, yo pè pou sa ki rive ou la pa rive yo tou. Wi, ou fini, ou fini nèt.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Ezekyèl 27:2
Eze 27:1-36. Tyre's Former Greatness, Suggesting a Lamentation over Her Sad Downfall.
2. lamentation--a funeral dirge, eulogizing her great attributes, to make the contrast the greater between her former and her latter state.
Ezekyèl 27:3
3. situate at the entry of the sea--literally, plural, "entrances," that is, ports or havens; referring to the double port of Tyre, at which vessels entered round the north and south ends of the island, so that ships could find a ready entrance from whatever point the wind might blow (compare Eze 28:2).
merchant of ... people for many isles--that is, a mercantile emporium of the peoples of many seacoasts, both from the east and from the west (Is 23:3), "a mart of nations."
of perfect beauty--(Eze 28:12).
Ezekyèl 27:4
4. Tyre, in consonance with her seagirt position, separated by a strait of half a mile from the mainland, is described as a ship built of the best material, and manned with the best mariners and skilful pilots, but at last wrecked in tempestuous seas (Eze 27:26).
Ezekyèl 27:5
5. Senir--the Amorite name of Hermon, or the southern height of Anti-libanus (De 3:9); the Sidonian name was Sirion. "All thy ... boards"; dual in Hebrew, "double-boards," namely, placed in a double order on the two sides of which the ship consisted [Vatablus]. Or, referring to the two sides or the two ends, the prow and the stern, which every ship has [Munster].
cedars--most suited for "masts," from their height and durability.
Ezekyèl 27:6
6. Bashan--celebrated for its oaks, as Lebanon was for its cedars.
the company of ... Ashurites--the most skilful workmen summoned from Assyria. Rather, as the Hebrew orthography requires, "They have made thy (rowing) benches of ivory inlaid in the daughter of cedars" [Maurer], or, the best boxwood. Fairbairn, with Bochart, reads the Hebrew two words as one: "Thy plankwork (deck: instead of 'benches,' as the Hebrew is singular) they made ivory with boxes." English Version, with Maurer's correction, is simpler.
Chittim--Cyprus and Macedonia, from which, Pliny tells us, the best boxwood came [Grotius].
Ezekyèl 27:7
7. broidered ... sail--The ancients embroidered their sails often at great expense, especially the Egyptians, whose linen, still preserved in mummies, is of the finest texture.
Elishah--Greece; so called from Elis, a large and ancient division of Peloponnesus. Pausanias says that the best of linen was produced in it, and in no other part of Greece; called by Homer, Alisium.
that which covered thee--thy awning.
Ezekyèl 27:8
8. Arvad--a small island and city near Phoenicia, now Ruad: its inhabitants are still noted for seafaring habits.
thy wise men, O Tyrus ... thy pilots--While the men of Arvad, once thy equals (Ge 10:18), and the Sidonians, once thy superiors, were employed by thee in subordinate positions as "mariners," thou madest thine own skilled men alone to be commanders and pilots. Implying the political and mercantile superiority of Tyre.
Ezekyèl 27:9
Ezekyèl 27:10
10. Persia ... Phut--warriors from the extreme east and west.
Lud--the Lydians of Asia Minor, near the Meander, famed for archery (Is 66:19); rather than those of Ethiopia, as the Lydians of Asia Minor form a kind of intermediate step between Persia and Phut (the Libyans about Cyrene, shielded warriors, Jr 46:9, descended from Phut, son of Ham).
hanged ... shield ... comeliness--Warriors hanged their accoutrements on the walls for ornament. Divested of the metaphor, it means that it was an honor to thee to have so many nations supplying thee with hired soldiers.
Ezekyèl 27:11
11. Gammadims--rather, as the Tyrians were Syro-Phoenicians, from a Syriac root, meaning daring, "men of daring" [Ludovicus De Dieu]. It is not likely the keeping of watch "in the towers" would have been entrusted to foreigners. Others take it from a Hebrew root, "a dagger," or short sword (Jud 3:16), "short-swordsmen."
Ezekyèl 27:12
12. Tarshish--Tartessus in Spain, a country famed for various metals, which were exported to Tyre. Much of the "tin" probably was conveyed by the Phoenicians from Cornwall to Tarshish.
traded in thy fairs--"did barter with thee" [Fairbairn]; from a root, "to leave," something left in barter for something else.
Ezekyèl 27:13
13. Javan--the Ionians or Greeks: for the Ionians of Asia Minor were the first Greeks with whom the Asiatics came in contact.
Tubal ... Meshech--the Tibareni and Moschi, in the mountain region between the Black and Caspian Seas.
persons of men--that is, as slaves. So the Turkish harems are supplied with female slaves from Circassia and Georgia.
vessels--all kinds of articles. Superior weapons are still manufactured in the Caucasus region.
Ezekyèl 27:14
14. Togarmah--Armenia: descended from Gomer (Ge 10:3). Their mountainous region south of the Caucasus was celebrated for horses.
horsemen--rather, "riding-horses," as distinct from "horses" for chariots [Fairbairn].
Ezekyèl 27:15
15. Dedan--near the Persian Sea: thus an avenue to the commerce of India. Not the Dedan in Arabia (Eze 27:20), as the names in the context here prove, but the Dedan sprung from Cush [Bochart], (Ge 10:7).
merchandise of thine hand--that is, were dependent on thee for trade [Fairbairn]; came to buy the produce of thy hands [Grotius].
a present--literally, "a reward in return"; a price paid for merchandise.
horns of ivory--Ivory is so termed from its resemblance to horns. The Hebrew word for "ivory" means "tooth"; so that they cannot have mistaken ivory as if coming from the horns of certain animals, instead of from the tusks of the elephant.
Ezekyèl 27:16
16. "Syria was thy mart for the multitude," &c. For "Syria" the Septuagint reads "Edom." But the Syrians were famed as merchants.
occupied--old English for "traded"; so in Lu 19:13.
agate--Others translate, "ruby," "chalcedony," or "pearls."
Ezekyèl 27:17
17. Minnith ... Pannag--names of places in Israel famed for good wheat, wherewith Tyre was supplied (1Ki 5:9, 11; Ezr 3:7; Ac 12:20); Minnith was formerly an Ammonite city (Jud 11:33). "Pannag" is identified by Grotius with "Phenice," the Greek name for "Canaan." "They traded ... wheat," that is, they supplied thy market with wheat.
balm--or, "balsam."
Ezekyèl 27:18
18. Helbon--or Chalybon, in Syria, now Aleppo; famed for its wines; the Persian monarchs would drink no other.
Ezekyèl 27:19
19. Dan also--None of the other places enumerated commence with the copula ("also"; Hebrew, ve). Moreover, the products specified, "cassia, calamus," apply rather to places in Arabia. Therefore, Fairbairn translates, "Vedan"; perhaps the modern Aden, near the straits of Bab-el-man-deb. Grotius refers it to Dana, mentioned by Ptolemy.
Javan--not the Greeks of Europe or Asia Minor, but of a Greek settlement in Arabia.
going to and fro--rather, as Hebrew admits, "from Uzal." This is added to "Javan," to mark which Javan is meant (Ge 10:27). The metropolis of Arabia Felix, or Yemen; called also Sanaa [Bochart]. English Version gives a good sense, thus: All peoples, whether near as the Israelite "Dan," or far as the Greeks or "Javan," who were wont to "go to and fro" from their love of traffic, frequented thy marts, bringing bright iron, &c., these products not being necessarily represented as those of Dan or Javan.
bright iron--Yemen is still famed for its sword blades.
calamus--aromatic cane.
Ezekyèl 27:20
Ezekyèl 27:21
Ezekyèl 27:22
22. Sheba ... Raamah--in Arabia.
chief of ... spices--that is, best spices (De 33:15). Obtained from India and conveyed in caravans to Tyre.
Ezekyèl 27:23
23. Haran--the dwelling-place of Abraham in Mesopotamia, after he moved from Ur (Ge 11:31).
Canneh--Calneh, an Assyrian city on the Tigris; the Ctesiphon of the Greeks (Ge 10:10).
Eden--probably a region in Babylonia (see Ge 2:8).
Chilmad--a compound; the place designated by Ptolemy "Gaala of Media." The Chaldee version interprets it of Media. Henderson refers it to Carmanda, which Xenophon describes as a large city beyond the Euphrates.
Ezekyèl 27:24
24. all sorts of things--Hebrew, "perfections"; exquisite articles of finery [Grotius].
clothes--rather, "mantles" or "cloaks"; literally, "wrappings." For "blue," Henderson translates, "purple."
chests of rich apparel, bound with cords--treasures or repositories of damask stuffs, consisting of variegated threads woven together in figures [Henderson].
cedar--The "chests" were made of cedar, in order to last the longer; and it also keeps off decay and has a sweet odor.
Ezekyèl 27:25
25. sing of thee--personification; thy great merchant ships were palpable proofs of thy greatness. Others translate from a different Hebrew root, "were thy (mercantile) travellers." Fairbairn translates, "Were thy walls." But the parallelism to "thou wast glorious" favors English Version, "sing of thee."
Ezekyèl 27:26
26. In contrast to her previous greatness, her downfall is here, by a sudden transition, depicted under the image of a vessel foundering at sea.
east wind--blowing from Lebanon, the most violent wind in the Mediterranean (Psa 48:7). A Levanter, as it is called. Nebuchadnezzar is meant. The "sea" is the war with him which the "rowers," or rulers of the state vessel, had "brought" it into, to its ruin.
Ezekyèl 27:27
27. The detailed enumeration implies the utter completeness of the ruin.
and in all thy company--"even with all thy collected multitude" [Henderson].
Ezekyèl 27:28
28. The suburbs--the buildings of Tyre on the adjoining continent.
Ezekyèl 27:29
29. So on the downfall of spiritual Babylon (Re 18:17, &c.).
shall stand upon ... land--being cast out of their ships in which heretofore they prided themselves.
Ezekyèl 27:30
30. against thee--rather, "concerning thee."
Ezekyèl 27:31
31. utterly bald--literally, "bald with baldness." The Phoenician custom in mourning; which, as being connected with heathenish superstitions, was forbidden to Israel (De 14:1).
Ezekyèl 27:32
32. take up--lift up.
the destroyed--a destroyed one. Literally, (as opposed to its previous bustle of thronging merchants and mariners, Eze 27:27), "one brought to death's stillness."
in ... midst of ... sea--insular Tyre.
Ezekyèl 27:33
33. out of the seas--brought on shore out of the ships.
filledst--didst supply plentifully with wares.
enrich ... kings--with the custom dues levied on the wares.
Ezekyèl 27:34
34. In the time when ... shall ... shall--Now that thou art broken (wrecked) ... thy merchandise ... are fallen [Maurer].
Ezekyèl 27:35
35. isles--seacoasts.
Ezekyèl 27:36
36. hiss--with astonishment; as in 1Ki 9:8.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
