Egzòd 1

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Men non pitit Jakòb yo ki te desann avè l' nan peyi Lejip ansanm ak tout fanmi yo: 2 Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida, 3 Isaka, Zabilon epi Benjamen, 4 Dann ak Nèftali, Gad ak Asè. 5 Sa te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la. 6 Apre sa, Jozèf mouri, tout frè l' yo mouri tou ansanm ak tout moun menm laj ak yo. 7 Men pèp Izrayèl la te fè anpil pitit, yo te peple. Yo te vin anpil. Yo te vin fò, yo te toupatou nan peyi a. 8 Te vin gen yon lòt wa nan peyi Lejip la. Wa sa a pa t' konn anyen sou Jozèf. 9 Li di pèp la konsa: -Gade. Pèp Izrayèl la vin pi plis pase nou. Yo pi fò pase nou. 10 Tande non! Fòk nou jwenn yon jan wi, pou n' bat ak moun sa yo, pou yo pa vin plis toujou. Paske, si yon lagè pete la a, yo ka mete tèt ansanm ak lènmi nou yo pou yo bat nou. Apre sa, y'a pati kite peyi a. 11 Se konsa yo mete kèk chèf sou pèp Izrayèl la pou kraze kouraj yo, pou fè yo fè kòve travo fòse san pran souf. Moun pèp Izrayèl yo bati lavil Piton ak Ranmsès pou farawon an. Se nan lavil sa yo yo te fè depo manje. 12 Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank yo t'ap fè pitit, se plis yo t'ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pèp Izrayèl yo. 13 Se konsa, yo fè pèp Izrayèl la tounen esklav. 14 Yo rann yo lavi minab, yo fè yo travay rèd ap bat mòtye, ap fè brik, ap fè tout lòt kalite kòve nan jaden. Yo bat yo, yo fòse yo fè tout kalite travay sa yo. 15 Lè sa a, te gen de fanmchay ki te konn akouche medam ebre yo. Yonn te rele Chifra, lòt la te rele Pwa. Wa Lejip la rele yo, 16 li di yo: -Lè n'ap akouche medam ebre yo, lè yo sou choukèt, louvri je nou. Si pitit la se yon gason, touye l'. Men si se yon fi, kite l' viv. 17 Men, fanmchay yo te gen krentif pou Bondye. Yo pa t' fe sa wa Lejip la te ba yo lòd fè a. Yo te kite ti gason yo viv tou. 18 Lè sa a, wa a fè rele fanmchay yo, li mande yo: -Poukisa nou fè sa? Apa nou kite ti gason yo viv tou? 19 Medam yo reponn: -Fanm ebre sa yo pa tankou fanm Lejip yo non. Yo gen kouraj sou yo wi. Anvan fanmchay la rive, yo gen tan akouche. 20 Bondye te beni fanmchay yo. Moun pèp Izrayèl yo menm t'ap vin pi plis toujou. Yo t'ap vin pi fò. 21 Paske fanmchay yo te gen krentif pou Bondye, Bondye te ba yo anpil pitit. 22 Lè sa a, farawon an bay pèp la lòd sa a: -Se pou nou jete tout ti gason ki fèt lakay moun ebre yo nan gwo larivyè a. Men, kite tout ti fi yo viv.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Egzòd 1:1

THE SECOND BOOK OF MOSES, CALLED EXODUS.

Commentary by Robert Jamieson

Ex 1:1-22. Increase of the Israelites.

1. Now these are the names--(See Ge 46:8-26).

Egzòd 1:7

7. children of Israel were fruitful--They were living in a land where, according to the testimony of an ancient author, mothers produced three and four sometimes at a birth; and a modern writer declares "the females in Egypt, as well among the human race as among animals, surpass all others in fruitfulness." To this natural circumstance must be added the fulfilment of the promise made to Abraham.

Egzòd 1:8

8. Now there arose up a new king--About sixty years after the death of Joseph a revolution took place--by which the old dynasty was overthrown, and upper and lower Egypt were united into one kingdom. Assuming that the king formerly reigned in Thebes, it is probable that he would know nothing about the Hebrews; and that, as foreigners and shepherds, the new government would, from the first, regard them with dislike and scorn.

Egzòd 1:9-10

9-10. he said ... Behold, the ... children of Israel are more and mightier than we--They had risen to great prosperity--as during the lifetime of Joseph and his royal patron, they had, probably, enjoyed a free grant of the land. Their increase and prosperity were viewed with jealousy by the new government; and as Goshen lay between Egypt and Canaan, on the border of which latter country were a number of warlike tribes, it was perfectly conformable to the suggestions of worldly policy that they should enslave and maltreat them, through apprehension of their joining in any invasion by those foreign rovers. The new king, who neither knew the name nor cared for the services of Joseph, was either Amosis, or one of his immediate successors [Osburn].

Egzòd 1:11

11. Therefore they did set over them taskmasters--Having first obliged them, it is thought, to pay a ruinous rent and involved them in difficulties, that new government, in pursuance of its oppressive policy, degraded them to the condition of serfs--employing them exactly as the laboring people are in the present day (driven in companies or bands), in rearing the public works, with taskmasters, who anciently had sticks--now whips--to punish the indolent, or spur on the too languid. All public or royal buildings, in ancient Egypt, were built by captives; and on some of them was placed an inscription that no free citizen had been engaged in this servile employment.

they built for Pharaoh treasure cities--These two store-places were in the land of Goshen; and being situated near a border liable to invasion, they were fortified cities (compare 2Ch 11:1-12:16). Pithom (Greek, Patumos), lay on the eastern Pelusiac branch of the Nile, about twelve Roman miles from Heliopolis; and Raamses, called by the Septuagint Heroopolis, lay between the same branch of the Nile and the Bitter Lakes. These two fortified cities were situated, therefore, in the same valley; and the fortifications, which Pharaoh commanded to be built around both, had probably the same common object, of obstructing the entrance into Egypt, which this valley furnished the enemy from Asia [Hengstenberg].

Egzòd 1:13-14

13-14. The Egyptians ... made their lives bitter with hard bondage, in mortar, and in brick--Ruins of great brick buildings are found in all parts of Egypt. The use of crude brick, baked in the sun, was universal in upper and lower Egypt, both for public and private buildings; all but the temples themselves were of crude brick. It is worthy of remark that more bricks bearing the name of Thothmes III, who is supposed to have been the king of Egypt at the time of the Exodus, have been discovered than of any other period [Wilkinson]. Parties of these brickmakers are seen depicted on the ancient monuments with "taskmasters," some standing, others in a sitting posture beside the laborers, with their uplifted sticks in their hands.

Egzòd 1:15

15. the king of Egypt spake to the Hebrew midwives--Two only were spoken to--either they were the heads of a large corporation [Laborde], or, by tampering with these two, the king designed to terrify the rest into secret compliance with his wishes [Calvin].

Egzòd 1:16

16. if it be a son, then ye shall kill him--Opinions are divided, however, what was the method of destruction which the king did recommend. Some think that the "stools" were low seats on which these obstetric practitioners sat by the bedside of the Hebrew women; and that, as they might easily discover the sex, so, whenever a boy appeared, they were to strangle it, unknown to its parents; while others are of opinion that the "stools" were stone troughs, by the river side--into which, when the infants were washed, they were to be, as it were, accidentally dropped.

Egzòd 1:17

17. But the midwives feared God--Their faith inspired them with such courage as to risk their lives, by disobeying the mandate of a cruel tyrant; but it was blended with weakness, which made them shrink from speaking the truth, the whole truth, and nothing but the truth.

Egzòd 1:20-21

20-21. God dealt well with the midwives--This represents God as rewarding them for telling a lie. This difficulty is wholly removed by a more correct translation. To "make" or "build up a house" in Hebrew idiom, means to have a numerous progeny. The passage then should be rendered thus: "God protected the midwives, and the people waxed very mighty; and because the midwives feared, the Hebrews grew and prospered."

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.