Deteronòm 23
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè yon nonm gen grenn li yo kraze, osinon pati li koupe, li pa gen dwa parèt tèt li ankò nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a. 2 Konsa tou, yon nonm ki gen san mele pa gen dwa parèt tèt li nan reyinyon pèp la ap fè pou fè sèvis pou Seyè a, ni pitit li yo, ni pitit pitit li yo, te mèt sou dis jenerasyon. 3 Moun Amon yo ak moun Moab yo p'ap janm gen dwa parèt tèt yo nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye, ni pitit yo, ni pitit pitit yo, te mèt sou dis jenerasyon. 4 Paske le nou te sou wout nou, apre nou te fin kite peyi Lejip la, yo pa t' ofri nou manje ak dlo. Okontrè, yo te peye Balaram, pitit gason Bejò a, pou l' te soti lavil Petò nan Mezopotami, vin ban nou madichon. 5 Men, Seyè a, Bondye nou an, te refize koute Balaram, epi li fè madichon an tounen benediksyon pou nou, paske Seyè a, Bondye nou an, renmen nou. 6 Konsa, toutotan n'ap viv sou latè, piga nou janm fè anyen ni pou ede yo ni pou fè yo plezi. 7 Pa meprize moun Edon yo. Se moun menm ras avè nou yo ye. Pa meprize moun peyi Lejip yo non plis, paske yon lè se nan peyi yo nou te rete. 8 Lè moun sa yo vin rete nan peyi nou an, sou twa jenerasyon, pitit yo va gen dwa vin nan reyinyon n'ap fè pou fè sèvis pou Bondye. 9 Lè n'ap fè lagè ak lènmi nou yo, antan n'ap viv nan kan, se pou nou egzante tou sa ki ka mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. 10 Si yon moun ta nan kondisyon pou li pa ka sèvi Bondye paske li te voye sou li lannwit, l'a soti kite kan an, l'a rete deyò pou tout jounen an. 11 Nan aswè, l'a lave kò l'. Apre solèy kouche, l'a ka antre nan kan an ankò. 12 N'a chwazi yon kote andeyò limit kan an kote n'a ka ale fè bezwen nou. 13 N'a pran yon pikwa nan zouti nou yo, n'a fouye yon twou, n'a degaje nou, epi n'a kouvri l' ak tè. 14 Seyè a, Bondye nou an, ap pwonmennen nan tout kan an pou l' pwoteje nou, pou l' lage lènmi nou yo nan men nou. Se poutèt sa, se pou nou toujou kenbe kan an pwòp nèt pou Seyè a pa wè anyen ladan l' ki pou ba l' kè tounen epi ki pou ta fè l' vire do ban nou. 15 Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li. 16 N'a kite l' viv avèk nou nan mitan pèp la, nan nenpòt ki lavil l'a chwazi, kote l'a pi pito. Pa janm pwofite sou li. 17 Piga ankenn gason ni ankenn fanm nan pèp Izrayèl la al pote tèt yo fè jennès nan sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. 18 Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè ankenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay konsa. 19 Piga nou janm fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou peye enterè lè nou prete l' lajan, osinon manje, osinon nenpòt lòt bagay. 20 Nou gen dwa egzije yon moun lòt nasyon pou l' peye nou enterè sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou. 21 Lè yonn nan nou pwomèt Seyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Seyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou. 22 Si nou pa fè Seyè a ankenn pwomès, nanpwen peche nan sa. 23 Men, depi yon pawòl sot nan bouch nou, fòk nou kenbe l'. Lè nou fè Seyè a yon pwomès ak pwòp bouch nou san anyen pa t' fòse nou fè l', se pou nou kenbe l'. 24 Lè nou pase nan jaden rezen yon moun pèp Izrayèl parèy nou, nou gen dwa manje kont rezen nou, jan nou vle. Men, piga nou pran anyen pote ale. 25 Si nou antre nan jaden ble yon moun pèp Izrayèl parèy nou, si ble a mi, nou gen dwa kase kèk zepi ak men nou. Men, piga nou mete manchèt pou koupe ble ki mi nan jaden moun pèp Izrayèl parèy nou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 23:1
Introduction
Neither eunuchs, bastards, Ammonites, nor Moabites, shall be incorporated with the genuine Israelites, Deu 23:1-3. The reason why the Ammonites and Moabites were excluded, Deu 23:4-6. Edomites and Egyptians to be respected, Deu 23:7. Their descendants in the third generation may be incorporated with the Israelites, Deu 23:8. Cautions against wickedness when they go forth against their enemies, Deu 23:9. To keep the camp free from every defilement, and the reason why, Deu 23:10-14. The slave who had taken refuge among them is not to be delivered up to his former master, Deu 23:15, Deu 23:16. There shall be no prostitutes nor sodomites in the land, Deu 23:17. The hire of a prostitute or the price of a dog is not to be brought into the house of God, Deu 23:18. The Israelites shall not lend on usury to each other, Deu 23:19; but they may take usury from strangers, Deu 23:20. Vows must be diligently paid, Deu 23:21-23. In passing through a vine yard or field a man may eat of the grapes or corn, but must carry away none with him, Deu 23:24, Deu 23:25.
Verse 1
Shall not enter into the congregation, etc. - If by entering the congregation be meant the bearing a civil office among the people, such as magistrate, judge, etc., then the reason of the law is very plain; no man with any such personal defect as might render him contemptible in the sight of others should bear rule among the people, lest the contempt felt for his personal defects might be transferred to his important office, and thus his authority be disregarded. The general meaning of these words is, simply, that the persons here designated should not be so incorporated with the Jews as to partake of their civil privileges.
Deteronòm 23:2
Verse 2
A bastard shall not enter - ממזר mamzer, which is here rendered bastard, should be understood as implying the offspring of an illegitimate or incestuous mixture.
Deteronòm 23:3-11
Verse 3
An Ammonite or Moabite - These nations were subjected for their impiety and wickedness, (see Deu 23:4 and Deu 23:5), to peculiar disgrace, and on this account were not permitted to hold any office among the Israelites. But this did not disqualify them from being proselytes: Ruth, who was a Moabitess, was married to Boaz, and she became one of the progenitors of our Lord.
Even to their tenth generation - That is, for ever, as the next clause explains; see Neh 13:1.
Deteronòm 23:12-14
Verse 12
These directions may appear trifling to some, but they were essentially necessary to this people in their present circumstances. Decency and cleanliness promote health, and prevent many diseases.
Deteronòm 23:15-16
Verse 15
Thou shalt not deliver - the servant which is escaped - unto thee - That is, a servant who left an idolatrous master that he might join himself to God and to his people. In any other case, it would have been injustice to have harboured the runaway.
Deteronòm 23:17
Verse 17
There shall be no whore - See on Gen 38:15-21 (note).
Deteronòm 23:18
Verse 18
The hire of a whore, or the price of a dog - Many public prostitutes dedicated to their gods a part of their impure earnings; and some of these prostitutes were publicly kept in the temple of Venus Melytta, whose gains were applied to the support of her abominable worship.
Deteronòm 23:19-20
Verse 19
Usury - See on Lev 25:36 (note).
Deteronòm 23:21-23
Verse 21
When thou shalt vow, etc. - See on Num 30:2 (note), etc.
Deteronòm 23:24
Verse 24
Thou shalt not put any in thy vessel - Thou shalt carry none away with thee. The old English proverb, Eat thy fill but pocket none, seems to have been founded on this law.
Deteronòm 23:25
Verse 25
Thou mayest pluck the ears with thine hand - It was on the permission granted by this law that the disciples plucked the ears of corn, as related Mat 12:1. This was both a considerate and humane law, and is no dishonor to the Jewish code.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
