Deteronòm 18
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Prèt yo, fanmi Levi yo, ki vle di tout gason ki nan branch fanmi Levi a, p'ap gen anyen ki rele yo pa yo nan byen eritaj moun pèp Izrayèl yo. Y'a viv ak manje pèp la va ofri bay Seyè a ak tou sa pèp la va mete apa pou Seyè a. 2 Moun fanmi Levi yo p'ap gen anyen nan byen ki pou tout moun pèp Izrayèl yo. Se Seyè a ki pòsyon pa yo jan li te di yo sa. 3 Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la. 4 N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo. 5 Paske se yo menm ak pitit gason yo Seyè a te chwazi nan mitan tout moun pèp Izrayèl yo pou sèvi l' prèt pou tout tan. 6 Lè yon moun fanmi Levi ki rete nan yonn nan lavil nou yo, nenpòt kote nan peyi Izrayèl la, santi li ta renmen ale kote Seyè a te chwazi pou yo fè sèvis pou li a, 7 lè li rive, si li fè travay yon prèt nan non Seyè a, Bondye li a, tankou tout lòt frè moun fanmi Levi parèy li yo ki te toujou la ap sèvi devan Seyè a, 8 l'a resevwa menm kantite manje ak lòt yo, san yo pa bezwen konsidere sa li resevwa deja nan byen papa l'. 9 Lè n'a fin antre nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an, pa lage kò nou nan fè menm vye bagay moun lòt nasyon yo ap fè. 10 Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji. 11 Piga gen nan mitan nou moun k'ap sèvi ak cham, moun ki pral nan tab tounant, k'ap vizite moun ki konn tire kat, ak moun k'ap rele mò pou pale ak yo. 12 Paske Seyè a pa vle wè moun k'ap fè bagay sa yo. Epitou, se paske moun lòt nasyon yo t'ap fè tout vye bagay sa yo kifè Seyè a, Bondye nou an, te mete yo deyò pou nou ka pran plas yo. 13 Piga nou janm fè sa Seyè a, Bondye nou an, pa vle nou fè. 14 Bann nasyon nou pral mete deyò nan peyi a, se moun ki te renmen koute sa divinò ak moun k'ap etidye zetwal yo ap di yo. Men nou menm, Seyè a, Bondye nou an, pa penmèt nou fè bagay konsa. 15 Moyiz di pèp la konsa: -Seyè a, Bondye nou an, gen pou l' voye yon pwofèt ban nou tankou l' te voye m' lan. Se va yonn nan nou, yon moun pèp Izrayèl parèy nou. Se pou nou koute tou sa l'a di nou. 16 Se sa menm nou te mande Seyè a, Bondye nou an, lè nou tout te reyini sou mòn Orèb la. Nou t'ap di nou pa vle tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ni nou pa ta renmen wè gwo flanm dife sa a ankò pou nou pa mouri. 17 Lè sa a, Seyè a di mwen konsa: Sa yo di a, se vre wi. 18 M'a chwazi yonn nan yo pou pwofèt, m'a voye l' ba yo tankou mwen te voye ou la. M'a mete pawòl mwen nan bouch li. Epi l'a di pèp la tou sa m'a ba li lòd di yo. 19 Si yon moun pa koute sa pwofèt la ap di yo nan non mwen, se avè m' menm l'ap an afè. Se mwen menm menm la gen pou l' rann kont. 20 Konsa tou, si yon pwofèt ta penmèt li louvri bouch li pou l' pale nan non mwen pou l' di sa mwen pa di l' di, oswa pou l' ta pale nan non lòt bondye, se pou yo touye l' pou sa l' fè a. 21 Koulye a nou dwe ap di nan kè nou: Ki jan pou nou fè konnen si sa pwofèt la ap di a se pa pawòl ki soti nan Bondye? 22 Enben, si pwofèt la di l'ap pale nan non Seyè a, epi sa li di a pa rive vre, lè sa a, n'a konnen Seyè a pa t' janm di l' di pawòl konsa. Se lògèy ki te pouse pwofèt la di sa l' di a. Nou pa bezwen pè l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
Deteronòm 18:1
De 18:1-8. The Lord Is the Priests' and the Levites' Inheritance.
1. The priests the Levites ... shall eat the offerings--As the tribe of Levi had no inheritance allotted them like the other tribes but were wholly consecrated to the priestly office, their maintenance was to arise from tithes, first-fruits, and certain portions of the oblations presented on the altar, which God having by express appointment reserved to Himself made over, after being offered, to His ministers.
Deteronòm 18:3
3. this shall be the priest's due from the people--All who offered sacrifices of thanksgiving or peace offerings (Le 7:31-33) were ordered to give the breast and shoulder as perquisites to the priests. Here "the two cheeks" or head and "the maw" or stomach, deemed anciently a great dainty, are specified. But whether this is a new injunction, or a repetition of the old with the supplement of more details, it is not easy to determine.
Deteronòm 18:6-8
6-8. if a Levite ... come with all the desire of his mind--It appears that the Levites served in rotation from the earliest times; but, from their great numbers, it was only at infrequent intervals they could be called into actual service. Should any Levite, however, under the influence of eminent piety, resolve to devote himself wholly and continually to the sacred duties of the sanctuary, he was allowed to realize his ardent wishes; and as he was admitted to a share of the work, so also to a share of the remuneration. Though he might have private property, that was to form no ground for withholding or even diminishing his claim to maintenance like the other ministering priests. The reason or principle of the enactment is obvious (1Co 9:13). At the same time, while every facility was afforded for the admission of such a zealous and self-denying officer, this admission was to be in an orderly manner: he was to minister "as all his brethren"--that is, a Gershonite with Gershonites; a Merarite with Merarites; so that there might be no derangement of the established courses.
Deteronòm 18:9-14
De 18:9-14. The Abominations of the Nations Are to Be Avoided.
9-14. thou shalt not learn to do after the abominations of those nations--(See on Le 18:21; Le 19:26; Le 19:31; Le 20:4). In spite of this express command, the people of Canaan, especially the Philistines, were a constant snare and stumbling block to the Israelites, on account of their divinations and superstitious practices.
Deteronòm 18:15-19
De 18:15-19. Christ the Prophet Is to Be Heard.
15-19. The Lord thy God will raise up unto thee a prophet--The insertion of this promise, in connection with the preceding prohibition, might warrant the application (which some make of it) to that order of true prophets whom God commissioned in unbroken succession to instruct, to direct, and warn His people; and in this view the purport of it is, "There is no need to consult with diviners and soothsayers, as I shall afford you the benefit of divinely appointed prophets, for judging of whose credentials a sure criterion is given" (De 18:20-22). But the prophet here promised was pre-eminently the Messiah, for He alone was "like unto Moses" (see on De 34:10) "in His mediatorial character; in the peculiar excellence of His ministry; in the number, variety, and magnitude of His miracles; in His close and familiar communion with God; and in His being the author of a new dispensation of religion." This prediction was fulfilled fifteen hundred years afterwards and was expressly applied to Jesus Christ by Peter (Ac 3:22, 23), and by Stephen (Ac 7:37).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
