Travay 2

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Lè jou Lapannkòt la rive, yo tout te reyini ansanm menm kote a. 2 Yo rete konsa, epi yon sèl bri sot nan syèl la tankou yon gwo van k'ap soufle; li plen tout kay kote yo te chita a. 3 Lè sa a, yo wè yon bann lang parèt tankou ti flanm dife ki separe yonn ak lòt epi ki al poze grenn pa grenn sou tèt yo chak. 4 Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale. 5 Lè sa a, te gen yon bann jwif ki t'ap pase kèk jou lavil Jerizalèm. Se te moun devwe pou Bondye ki te soti nan tout peyi sou latè. 6 Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak. 7 Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye? 8 Ki jan nou fè tande y'ap pale nan lang peyi nou? 9 Nan nou la a gen moun Pat, moun Medi ak moun Elam, gen moun Mezopotami, moun Jide, moun Kapadòs, moun Pon ak moun Lazi. 10 Gen moun Friji, moun Panfili, moun Lejip, moun teritwa Libi ki toupre Sirèn. Genyen ki soti lavil Wòm. 11 Nan nou gen jwif, gen moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo, gen moun ki soti Lakrèt, gen moun Arabi tou. Ki jan nou fè tande yo ap pale lang nou, y'ap rakonte bèl bagay Bondye te fè? 12 Yo tout te sezi, yo pa t' konn sa pou yo te kwè. Yonn t'ap di lòt: Sa sa vle di? 13 Gen lòt moun menm ki t'ap pase yo nan rizib. Yo t'ap di: Moun sa yo sou. 14 Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a. 15 Moun sa yo pa sou jan nou kwè a. Se nevè dimaten li ye sèlman. 16 Men, sa pwofèt Joèl te fè konnen gen pou rive a, se sa k'ap pase koulye a: 17 Men sak pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m' sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv. 18 Wi, lè sa a, m'ap vide Lespri m' sou tout sèvitè m' yo, fi kou gason, epi y'a bay mesaj ki soti nan Bondye. 19 Mwen pral fè mèvèy parèt anwo nan syèl la, mwen pral fè mirak anba sou latè! Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen. 20 Solèy la pral vin tou nwa. Lalin lan pral vin wouj kou san, anvan jou Mèt la rive. Se va yon gwo jou, yon bèl jou tou! 21 Lè sa a nenpòt moun ki va rele non Bondye va delivre. 22 Nou menm moun laras Izrayèl, koute sa m' pral di nou la a: Jezi, moun Nazarèt la, se Bondye menm ki te voye l' paske nou te wè tout mirak, tout bèl bagay ak tout siy Bondye te ba l' pouvwa fè nan mitan nou. Sa se bagay nou tout konnen. 23 Yo te lage nonm sa a nan men nou, jan Bondye te vle l' la, dapre plan li te deja fè nan tèt li. Nou menm, nou fè touye l', nou fè yon bann mechan kloure l' sou yon kwa. 24 Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li. 25 Men sa David te ekri sou li: Mwen te wè Bondye, Mèt la, tout tan devan je mwen. Paske li toujou bò kote m'. Anyen pa ka brannen m'. 26 Se poutèt sa kè m' kontan anpil, se pawòl kontantman ase ki nan bouch mwen. Menm kò mwen, m'ap poze l' avèk espwa nan Bondye. 27 Paske, ou p'ap kite m' kote mò yo ye a. Ou p'ap pèmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè. 28 Ou fè m' konnen tout chemen ki bay lavi a. M'ap kontan nèt paske ou toujou la avèk mwen. 29 Frè m' yo, pèmèt mwen pale kareman ak nou. David, zansèt nou an, mouri, yo antere l'. Tonm li la nan mitan nou jouk jòdi a. 30 Men, David te yon pwofèt, li te konnen sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sèmante li t'ap fè yonn nan pitit li yo wa tankou li. 31 David te wè sa Bondye tapral fè a. Se konsa li te di Kris la te gen pou l' leve soti vivan nan lanmò lè l' di: Yo p'ap kite l' kote mò yo ye a. Kò li p'ap tounen pouriti. 32 Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a. 33 Bondye fè l' moute nan syèl la vin sou bò dwat li, li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la, li vide l' sou nou. Enben, se sa n'ap wè, se sa n'ap tande koulye a. 34 Se pa David ki te moute nan syèl la. Men, li te di: Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, 35 jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou. 36 Tout pèp Izrayèl la fèt pou konnen sa byen: Jezi, nonm nou te kloure sou kwa a, se li menm Bondye fè Seyè, se li menm Bondye fè Kris la. 37 Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè? 38 Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a. 39 Paske pwomès la, Bondye fè l' pou nou, pou pitit nou yo, pou tout moun ki byen lwen, pou tout moun Bondye, Mèt nou, va rele vin jwenn li. 40 Pyè t'ap di yo anpil lòt pawòl ankò pou l' te fè yo kwè, pou l' te ankouraje yo. Li t'ap di yo konsa: Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan moun pèvèti sa yo. 41 Anpil ladan yo te kwè sa Pyè t'ap di a, yo te resevwa batèm. Jou sa a, te gen twamil (3.000) moun konsa ki te mete tèt yo ansanm ak disip yo. 42 Yo pase tout tan yo ap koute sa apòt yo t'ap moutre yo, yo t'ap viv ansanm tankou frè yonn ak lòt, yo reyini pou separe pen an bay tout moun, epi yo t'ap lapriyè. 43 Tout moun te gen krentif devan kantite mirak ak bèl bagay apòt yo t'ap fè. 44 Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. 45 Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. 46 Toulejou, yo tout reyini ansanm nan tanp lan; yo te konn separe pen an bay tout moun nan kay yo, yo te manje ansanm avèk kè kontan san okenn pretansyon. 47 Yo t'ap fè lwanj Bondye. Tout moun te renmen yo. Chak jou Bondye t'ap mete lòt moun li t'ap delivre yo nan gwoup la.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Travay 2:1-4

Ac 2:1-13. Descent of the Spirit--The Disciples Speak with Tongues--Amazement of the Multitude.

1-4. when the day of Pentecost was fully come--The fiftieth from the morrow after the first Passover sabbath (Le 23:15, 16).

with one accord--the solemnity of the day, perhaps, unconsciously raising their expectations.

Travay 2:5-11

5-11. there were dwelling at Jerusalem Jews, devout men out of every nation--not, it would seem, permanently settled there (see Ac 2:9), though the language seems to imply more than a temporary visit to keep this one feast.

Travay 2:14-21

Ac 2:14-36. Peter for the First Time, Publicly Preaches Christ.

14-21. Peter, standing up with the eleven--in advance, perhaps, of the rest.

Travay 2:22-28

22-28. a man approved of God--rather, "authenticated," "proved," or "demonstrated to be from God."

by miracles ... which God did by him--This is not a low view of our Lord's miracles, as has been alleged, nor inconsistent with Joh 2:11, but is in strict accordance with His progress from humiliation to glory, and with His own words in Joh 5:19. This view of Christ is here dwelt on to exhibit to the Jews the whole course of Jesus of Nazareth as the ordinance and doing of the God of Israel [Alford].

Travay 2:29-36

29-36. David ... is ... dead and buried, &c.--Peter, full of the Holy Ghost, sees in this sixteenth Psalm, one Holy Man, whose life of high devotedness and lofty spirituality is crowned with the assurance, that though He taste of death, He shall rise again without seeing corruption, and be admitted to the bliss of God's immediate presence. Now as this was palpably untrue of David, it could be meant only of One other, even of Him whom David was taught to expect as the final Occupant of the throne of Israel. (Those, therefore, and they are many, who take David himself to be the subject of this Psalm, and the words quoted to refer to Christ only in a more eminent sense, nullify the whole argument of the apostle). The Psalm is then affirmed to have had its only proper fulfilment in Jesus, of whose resurrection and ascension they were witnesses, while the glorious effusion of the Spirit by the hand of the ascended One, setting an infallible seal upon all, was even then witnessed by the thousands who stood listening to Him. A further illustration of Messiah's ascension and session at God's right hand is drawn from Psa 110:1, in which David cannot be thought to speak of himself, seeing he is still in his grave.

Travay 2:37-40

37-40. pricked in their hearts--the begun fulfilment of Zec 12:10, whose full accomplishment is reserved for the day when "all Israel shall be saved" (see on Ro 11:26).

what shall we do?--This is that beautiful spirit of genuine compunction and childlike docility, which, discovering its whole past career to have been one frightful mistake, seeks only to be set right for the future, be the change involved and the sacrifices required what they may. So Saul of Tarsus (Ac 9:6).

Travay 2:41-47

Ac 2:41-47. Beautiful Beginnings of the Christian Church.

41-47. they that gladly received his word were baptized--"It is difficult to say how three thousand could be baptized in one day, according to the old practice of a complete submersion; and the more as in Jerusalem there was no water at hand except Kidron and a few pools. The difficulty can only be removed by supposing that they already employed sprinkling, or baptized in houses in large vessels. Formal submersion in rivers, or larger quantities of water, probably took place only where the locality conveniently allowed it" [Olshausen].

the same day there were added to them about three thousand souls--fitting inauguration of the new kingdom, as an economy of the Spirit!

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.