Travay 19

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la. 2 Li mande yo: Eske nou te resevwa Sentespri lè nou te kwè? Yo reponn li: Yo pa t' janm di nou te gen yon Sentespri. 3 Lè sa a, Pòl mande yo: Ki batèm nou te resevwa? Yo reponn li: Batèm Jan an. 4 Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi. 5 Lè yo tande sa, yo mande pou resevwa batèm nan non Seyè Jezi. 6 Apre sa, Pòl mete men sou tèt yo, epi Sentespri desann sou yo. Yo pran pale nan lang lòt peyi, yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye. 7 Te gen douz gason konsa antou. 8 Pòl ale nan sinagòg la. Pandan twa mwa li t'ap pale la avèk gwo konviksyon. Li t'ap fè yo konnen tout bagay sou Gouvènman Bondye ki wa a, li t'ap chache pran tèt moun ki t'ap koute l' yo. 9 Men, anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè: yo t'ap pase chemen Bondye a nan rizib devan tout asanble a. Lè Pòl wè sa, li wete kò l' nan mitan yo, li pran disip Kris yo avèk li. Chak jou li t'ap preche nan lekòl Tiranis la. 10 Pandan dezan, sa mache konsa. Se sak fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Seyè a. 11 Bondye te sèvi ak Pòl pou l' te fè anpil gwo mirak. 12 Se konsa yo te konn pran mouchwa ak lòt rad ki te fwote ak kò l', yo pote yo bay moun malad. Lamenm malad yo te geri, epi tout move lespri yo te met deyò. 13 Te gen kèk jwif ki t'ap mache toupatou ap chase move lespri sou moun malad. Yo menm tou, yo t'ap seye chase move lespri yo nan non Jezi. Se konsa yo te konn di move lespri yo: Pa pouvwa Jezi Pòl ap fè konnen an, mwen ba ou lòd soti. 14 (Se te sèt pitit gason Seva, yon granprèt jwif, ki t'ap fè sa.) 15 Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye? 16 Lè sa a, nonm ki te gen move lespri sou li a fonse sou yo, li moutre li te gen plis fòs pase yo tout mete ansanm. Li malmennen yo sitèlman yo pran kouri soti nan kay la toutouni, tout kò yo an san. 17 Tout moun lavil Efèz, jwif kou moun lòt nasyon yo, te rive konn bagay sa a. Yo tout te pè, men yo te vin gen gwo respè pou non Seyè Jezi a. 18 Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik. 19 Te gen anpil ladan yo ki te konn pratike maji, yo pote liv yo, yo boule yo devan tout moun. Dapre kalkil yo te fè, te gen liv pou desansenkantmil (250.000) goud antou. 20 Se konsa pawòl Bondye a t'ap gaye avèk pouvwa, li t'ap moutre fòs li. 21 Apre bagay sa yo fin pase, Pòl fè lide pase nan Masedwan ak Lakayi, apre sa pou li al Jerizalèm. Li t'ap di: Apre mwen soti la, se pou m' al wè lavil Wòm tou. 22 Lè sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l' nan sèvis la, devan nan peyi Masedwan. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi. 23 Se lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a. 24 Te gen yon òfèv yo te rele Demetriyis, ki te konn fè ti modèl kay yo te bati pou yon bondye fanm yo rele Atemis. Se an ajan li te fè yo. Travay sa a te rapòte ouvriye l' yo anpil. 25 Yon jou, li sanble tout ouvriye l' yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo: Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv. 26 Men, nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a. 27 Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men, sa ki pi rèd ankò, kay Atemis, gwo bondye fanm lan, pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen. 28 Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès! 29 Dezòd la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwan ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj li a, yo kouri an foul, y' al nan teyat la. 30 Pòl te vle ale li menm tou devan pèp la, men disip yo te di l' non. 31 Te gen de twa chèf nan peyi Lazi a ki te zanmi l', yo voye bò kote l', yo mande l' pou l' pa parèt tèt li nan teyat la. 32 Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pa t' konnen ojis poukisa yo te sanble. 33 Kèk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatèt yo. Aleksann fè siy ak men li, li te vle pale pou l' pran defans jwif yo devan pèp la. 34 Men, lè yo rekonnèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan: Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès. 35 Bout pou bout, sekretè lakomin lan te resi fè foul la sispann rele, li di yo konsa: Moun Efèz, koute! Tout moun konnen lavil Efèz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nègès, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syèl la. 36 Pesonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fè, se pou n' mete tèt nou an plas pou n' pa fè anyen san nou pa kalkile byen. 37 Bon. Mesye sa yo nou mennen isit la, se pa vòlò yo vòlò nan tanp yo, ni se pa pale yo pale mal sou Atemis, bondye fanm nou an. 38 Si Demetriyis ak ouvriye l' yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y' al pote plent. 39 Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon nou vle fè, n'a regle sa yon lè tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa. 40 Avèk sa ki pase jòdi a, yo kapab al pote plent pou nou, yo kapab al di n'ap fè revolisyon. Pa gen okenn rezon pou tout dezòd sa a. Nou p'ap kapab bay okenn esplikasyon pou sa. 41 Lè li fin di sa, li voye tout moun lakay yo.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

Travay 19:1-3

Ac 19:1-41. Signal Success of Paul at Ephesus.

1-3. while Apollos was at Corinth--where his ministry was so powerful that a formidable party in the Church of that city gloried in his type of preaching in preference to Paul's (1Co 1:12; 3:4), no doubt from the marked infusion of Greek philosophic culture which distinguished it, and which the apostle studiously avoided (1Co 2:1-5).

Paul having passed through the upper coasts--"parts," the interior of Asia Minor, which, with reference to the seacoast, was elevated.

came to Ephesus--thus fulfilling his promise (Ac 18:21).

finding certain disciples--in the same stage of Christian knowledge as Apollos at first, newly arrived, probably, and having had no communication as yet with the church at Ephesus.

Travay 19:4

4. Then said Paul, John ... baptized with the baptism of repentance--water unto repentance.

saying unto the people, that they should believe on him which should come after him--that is, who should baptize with the Holy Ghost. The point of contrast is not between John and Christ personally, but between the water baptism of John unto repentance, and the promised baptism of the Spirit from the hands of his coming Master unto new life. As to all the facts, or at least the significancy, of this baptism, which made the whole life and work of Christ another thing from what it was conceived to be before it was vouchsafed, these simple disciples were unenlightened.

Travay 19:5-7

5-7. When they heard this--not the mere words reported in Ac 19:4, but the subject expounded according to the tenor of those words.

they were baptized--not however by Paul himself (1Co 1:14).

in the name of the Lord Jesus--into the whole fulness of the new economy, as now opened up to their believing minds.

Travay 19:8-10

8-10. he went into the synagogue and spake boldly for ... three months, &c.--See on Ac 17:2, 3.

Travay 19:11-12

11-12. God wrought special--no ordinary

miracles by the hands of Paul--implying that he had not been accustomed to work such.

Travay 19:13

13. vagabond Jews--simply, "wandering Jews," who went from place to place practicing exorcism, or the art of conjuring evil spirits to depart out of the possessed. That such a power did exist, for some time at least, seems implied in Mt 12:27. But no doubt this would breed imposture; and the present case is very different from that referred to in Lu 9:49, 50.

We adjure you by Jesus whom Paul preacheth--a striking testimony to the power of Christ's name in Paul's mouth.

Travay 19:14-17

14-17. seven sons of ... Sceva ... chief of the priests--head, possibly, of one of the twenty-four courts.

Travay 19:18-20

18-20. many that believed came and confessed ... their deeds--the dupes of magicians, &c., acknowledging how shamefully they had been deluded, and how deeply they had allowed themselves to be implicated in such practices.

Travay 19:21-22

21-22. After these things were ended--completed, implying something like a natural finish to his long period of labor at Ephesus.

Paul purposed ... when he had passed through Macedonia and Achaia, to go to Jerusalem ... After I have been there, I must also see Rome--Mark here the vastness of the apostle's missionary plans. They were all fulfilled, though he "saw Rome" only as a prisoner.

Travay 19:23

23. the same time--of Paul's proposed departure.

about that--"the"

way--So the new religion seemed then to be designated (Ac 9:2; 22:4; 24:14).

Travay 19:24-26

24-26. silver shrines for--"of"

Diana--small models of the Ephesian temple and of the shrine or chapel of the goddess, or of the shrine and statue alone, which were purchased by visitors as memorials of what they had seen, and were carried about and deposited in houses as a charm. (The models of the chapel of our Lady of Loretto, and such like, which the Church of Rome systematically encourages, are such a palpable imitation of this heathen practice that it is no wonder it should be regarded by impartial judges as Christianity paganized).

gain to the craftsmen--the master-artificers.

Travay 19:27

27. So that not only this our craft is in danger ... but, &c.--that is, "that indeed is a small matter; but there is something far worse." So the masters of the poor Pythoness put forward the religious revolution which Paul was attempting to effect at Philippi, as the sole cause of their zealous alarm, to cloak the self-interest which they felt to be touched by his success (Ac 16:19-21). In both cases religious zeal was the hypocritical pretext; self-interest, the real moving cause of the opposition made.

also the temple of the great goddess Diana ... despised, and her magnificence ... destroyed, whom all Asia and the world worshippeth--It was reckoned one of the wonders of the world. It was built about 550 B.C., of pure white marble, and though burned by a fanatic on the night of the birth of Alexander the Great, 356 B.C., was rebuilt with more splendor than before. It was four hundred twenty-five feet long by two hundred twenty broad, and the columns, one hundred twenty-seven in number, were sixty feet in height, each of them the gift of a king, and thirty-six of them enriched with ornament and color. It was constantly receiving new decorations and additional buildings, statues, and pictures by the most celebrated artists, and kindled unparalleled admiration, enthusiasm, and superstition. Its very site is now a matter of uncertainty. The little wooden image of Diana was as primitive and rude as its shrine was sumptuous; not like the Greek Diana, in the form of an imposing huntress, but quite Asiatic, in the form of a many-breasted female (emblematic of the manifold ministrations of Nature to man), terminating in a shapeless block. Like some other far-famed idols, it was believed to have fallen from heaven (Ac 19:35), and models of it were not only sold in immense numbers to private persons, but set up for worship in other cities [Howson]. What power must have attended the preaching of that one man by whom the death blow was felt to be given to their gigantic and witching superstition!

Travay 19:28-29

28-29. Great is Diana of the Ephesians--the civic cry of a populace so proud of their temple that they refused to inscribe on it the name of Alexander the Great, though he offered them the whole spoil of his Eastern campaign if they would do it [Strabo in Howson].

Travay 19:30-34

30-34. when Paul would have entered in--with noble forgetfulness of self.

unto the people--the demos, that is, the people met in public assembly.

the disciples suffered him not--The tense used implies only that they were using their efforts to restrain him; which might have been unavailing but for what follows.

Travay 19:35-41

35-41. when the town-clerk--keeper of the public archives, and a magistrate of great authority.

had appeased--"calmed."

the people--"the multitude," which the very presence of such an officer would go far to do.

he said ... what man ... knoweth not that the city of the Ephesians is a worshipper of the great goddess Diana--literally, the neocoros or "warden." The word means "temple-sweeper"; then, "temple-guardian." Thirteen cities of Asia had an interest in the temple, but Ephesus was honored with the charge of it. (Various cities have claimed this title with reference to the Virgin or certain saints) [Webster and Wilkinson].

and of the image which fell down from Jupiter--"from the sky" or "from heaven." See on Ac 19:27. "With this we may compare various legends concerning images and pictures in the Romish Church, such as the traditional likenesses of Christ, which were said to be "not made with hands"" [Webster and Wilkinson].

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.