2 Wa 25
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo. 2 Yo sènen l' nèt. Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne reny Sedesyas la. 3 Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò. 4 Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo mete deyò kite lavil la nan mitan lannwit. Yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen fon Jouden an pou yo. 5 Men, lame moun Babilòn yo pousib wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'. 6 Sòlda lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan ki te lavil Ribla. Se la Nèbikadneza jije li. 7 Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn. 8 Sou setyèm jou senkyèm mwa nan diznevyèm lanne reny Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm. 9 Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo. 10 Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè. 11 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite nan lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs ki te rete nan lavil la. 12 Men, li kite kèk moun nan mas pèp la, nan sa ki te pi pòv yo. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe. 13 Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan Tanp Seyè a ansanm ak sipò yo ak basin kwiv yo. Yo kraze yo an ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn. 14 Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo, kiyè yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan. 15 Chèf lagad la pran kivèt yo, recho yo ak dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan: 16 de gwo poto won yo, gwo basin lan ak douz estati towo bèf ki te sèvi l' sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan Tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pesonn pa t' konn pèz yo. 17 Chak poto te gen vennsèt pye wotè. Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy. 18 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraja, granprèt la, Sefanya, adjwen granprèt la, ansanm ak twa lòt gwo chèf nan Tanp lan, li fè yo prizonye. 19 Nan lavil la, li pran chèf ki te kòmandan lame a ansanm ak senk lòt otorite ki te konseye wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou. 20 Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla. 21 Wa a fè bat yo, lèfini, li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun Jida yo byen lwen peyi yo. 22 Nèbikadneza, wa Babilòn lan, pran Gedalya, pitit Achikam, pitit pitit Chafan, li mete l' chèf sou rès moun li te kite nan peyi a. 23 Rès chèf lame yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya chèf sou tout peyi a. Se konsa Ismayèl, pitit Netanya, Joanan, pitit Karèd, Seraja, pitit Tannoumèt, moun lavil Netofa, ansanm ak Zezanya, pitit Makan, yo moute lavil Mispa, y' al jwenn Gedalya ansanm ak tout sòlda yo. 24 Gedalya di yo: —Mwen ban nou pawòl mwen, nou pa bezwen pè soumèt devan moun Babilòn yo. Rete nan peyi a. Sevi wa Babilòn lan. Tout bagay va mache byen pou nou. 25 Nan setyèm mwa a menm lanne sa a, Ismayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Yo touye Gedalya ansanm ak tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou. 26 Lè sa a, tout moun, granmoun kou timoun, ansanm ak chèf lame yo leve, yo desann peyi Lejip paske yo te pè moun Babilòn yo. 27 Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakin, wa Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakin te gen trannsizan, onz mwa vennsèt jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'. 28 Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo. 29 Li wete rad prizonye ki te sou Jojakin lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' chak jou jouk Jojakin mouri. 30 Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Wa 25:1
2Ki 25:1-3. Jerusalem Again Besieged.
1. Nebuchadnezzar ... came ... against Jerusalem--Incensed by the revolt of Zedekiah, the Assyrian despot determined to put an end to the perfidious and inconstant monarchy of Judea. This chapter narrates his third and last invasion, which he conducted in person at the head of an immense army, levied out of all the tributary nations under his sway. Having overrun the northern parts of the country and taken almost all the fenced cities (Jr 34:7), he marched direct to Jerusalem to invest it. The date of the beginning as well as the end of the siege is here carefully marked (compare Eze 24:1; Jr 39:1; 52:4-6); from which it appears, that, with a brief interruption caused by Nebuchadnezzar's marching to oppose the Egyptians who were coming to its relief but who retreated without fighting, the siege lasted a year and a half. So long a resistance was owing, not to the superior skill and valor of the Jewish soldiers, but to the strength of the city fortifications, on which the king too confidently relied (compare Jr 21:1-14; 37:1-38:28).
pitched against it, and ... built forts--rather, perhaps, drew lines of circumvallation, with a ditch to prevent any going out of the city. On this rampart were erected his military engines for throwing missiles into the city.
2 Wa 25:3
3. on the ninth day of the fourth month the famine prevailed--In consequence of the close and protracted blockade, the inhabitants were reduced to dreadful extremities; and under the maddening influence of hunger, the most inhuman atrocities were perpetrated (La 2:20, 22; 4:9, 10; Eze 5:10). This was a fulfilment of the prophetic denunciations threatened on the apostasy of the chosen people (Le 26:29; De 28:53-57; Jr 15:2; 27:13; Eze 4:16).
2Ki 25:4-30. Zedekiah Taken.
2 Wa 25:4
4. the city was broken up--that is, a breach was effected, as we are elsewhere informed, in a part of the wall belonging to the lower city (2Ch 32:5; 33:14).
the men of war fled by night by the way of the gate between two walls, which is by the king's garden--The king's garden was (Ne 3:15) at the pool of Siloam, that is, at the mouth of the Tyropæon. A trace of the outermost of these walls appears to be still extant in the rude pathway which crosses the mouth of the Tyropæon, on a mound hard by the old mulberry tree, which marks the traditional spot of Isaiah's martyrdom [Robinson]. It is probable that the besiegers had overlooked this pass.
the king went ... toward the plain--that is, the Ghor, or valley of Jordan, estimated at five hours' distance from Jerusalem. The plain near Jericho is about eleven or twelve miles broad.
2 Wa 25:6-7
6-7. they took the king, and brought him ... to Riblah--Nebuchadnezzar, having gone from the siege to oppose the auxiliary forces of Pharaoh-hophra, left his generals to carry on the blockade, he himself not returning to the scene of action, but taking up his station at Riblah in the land of Hamath (2Ki 23:33).
they gave judgment upon him--They, that is, the council (Jr 39:3, 13; Da 6:7, 8, 12), regarding him as a seditious and rebellious vassal, condemned him for violating his oath and neglecting the announcement of the divine will as made known to him by Jeremiah (compare Jr 32:5; 34:2; 38:17). His sons and the nobles who had joined in his flight were slain before his eyes (Jr 39:6; 52:10). In conformity with Eastern ideas, which consider a blind man incapable of ruling, his eyes were put out, and being put in chains, he was carried to perpetual imprisonment in Babylon (Jr 52:11), which, though he came to it, as Ezekiel had foretold, he did not see (Jr 32:5; Eze 12:13; 17:16).
2 Wa 25:8-18
8-18. on the seventh day of the month ... came Nebuzar-adan--(compare Jr 52:12). In attempting to reconcile these two passages, it must be supposed either that, though he had set out on the seventh, he did not arrive in Jerusalem till the tenth, or that he did not put his orders in execution till that day. His office as captain of the guard (Ge 37:36; 39:1) called him to execute the awards of justice on criminals; and hence, although not engaged in the siege of Jerusalem (Jr 39:13), Nebuzar-adan was despatched to rase the city, to plunder the temple, to lay both in ruins, demolish the fortifications, and transport the inhabitants to Babylon. The most eminent of these were taken to the king at Riblah (2Ki 25:27) and executed, as instigators and abettors of the rebellion, or otherwise obnoxious to the Assyrian government. In their number were Seraiah, the high priest, grandfather of Ezra (Ezr 7:1), his sagan or deputy, a priest of the second order (Jr 21:2; 29:25, 29; 37:3).
2 Wa 25:19
19. five men of them that were in the king's presence--that is, who belonged to the royal retinue. It is probable that there were five at first, and that other two were found afterwards (Jr 52:25).
2 Wa 25:22-26
22-26. Nebuchadnezzar ... made Gedaliah ... ruler--The people permitted to remain were, besides the king's daughters, a few court attendants and others (Jr 40:7) too insignificant to be removed, only the peasantry who could till the land and dress the vineyards. Gedaliah was Jeremiah's friend (Jr 26:24), and having, by the prophet's counsel, probably fled from the city as abandoned of God, he surrendered himself to the conqueror (Jr 38:2, 17), and being promoted to the government of Judea, fixed his provincial court at Mizpeh. He was well qualified to surmount the difficulties of ruling at such a crisis. Many of the fugitive Jews, as well as the soldiers of Zedekiah who had accompanied the king in his flight to the plains of Jericho, left their retreats (Jr 40:11, 12) and flocked around the governor; who having counselled them to submit, promised them on complying with this condition, security on oath that they would retain their possessions and enjoy the produce of their land (Jr 40:9).
2 Wa 25:27
27. seven and thirtieth year of the captivity of Jehoiachin--corresponding with the year of Nebuchadnezzar's death, and his son Evil-merodach's ascension to the throne.
Evil-merodach ... did lift up the head of Jehoiachin ... and spake kindly--gave him liberty upon parole. This kindly feeling is said to have originated in a familiar acquaintance formed in prison, in which Evil-merodach had lain till his father's death, on account of some malversation while acting as regent during Nebuchadnezzar's seven years' illness (Da 4:32, 33). But doubtless the improvement in Zedekiah's condition is to be traced to the overruling providence and grace of Him who still cherished purposes of love to the house of David (2Sa 7:14, 15).
2 Wa 25:29
29. Jehoiachin ... did eat ... continually before him--According to an ancient usage in Eastern courts, had a seat at the royal table on great days, and had a stated provision granted him for the maintenance of his exiled court.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
