2 Istwa 35
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Wa Jozyas fete fèt Delivrans lan pou Seyè a. Nan katòzyèm jou premye mwa a, yo touye ti mouton pou fèt la. 2 Li bay chak prèt travay pou yo fè nan Tanp lan ankò, li ankouraje yo pou yo fè l' byen. 3 Lèfini, li pale ak moun Levi yo ki te reskonsab moutre pèp Izrayèl la sa pou l' fè epi ki t'ap viv apa nèt pou Seyè a. Li di yo konsa: -Mete Bwat Kontra Bondye a nan Tanp Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, te bati a. Nou pa bezwen ap pote l' sou zepòl nou ankò. Koulye a se sèvi nou pral sèvi Seyè a, Bondye nou ak Bondye pèp Izrayèl ki pou li a. 4 Pran plas nou nan Tanp lan, chak fanmi apa, dapre reskonsablite nou jan David, wa pèp Izrayèl la, ak Salomon, pitit li, te ekri l' la. 5 N'a rete kote yo mete apa nèt pou Seyè a. N'a ranje nou yon jan pou gen yon gwoup moun Levi pou ede chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 6 Se nou ki pou touye ti mouton yo ak kabrit yo pou fèt Delivrans lan. Ale mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Seyè a. Pare tou sa nou bezwen pou touye bèt yo pou moun pèp Izrayèl yo, frè nou yo, ka fè seremoni an jan Seyè a te bay Moyiz lòd la pou nou. 7 Apre sa, Jozyas pran trantmil (030.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (03.000) bèf nan bèt pa l', li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan. 8 Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan (02.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (0300) bèf pou yo touye pou fèt la. 9 Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (05.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (0500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan. 10 Lè tout bagay te pare pou fèt la, prèt yo pran plas yo, moun Levi yo fè gwoup apa jan wa a te ba yo lòd la. 11 Lè yo fin touye ti mouton yo, moun Levi yo bay prèt yo san an pou yo vide sou lotèl la. Moun Levi yo menm kòche tout bèt yo. 12 Apre sa, yo wete pati ki pou boule nèt pou Seyè a, yo bay chak fanmi pòsyon pa yo pou yo al ofri bay Seyè a, jan sa ekri nan Liv Moyiz la. Yo fè menm bagay la pou bèf yo. 13 Lèfini, moun Levi yo griye ti mouton Delivrans lan sou dife, jan yo te konn fè l' la. Yo bouyi lòt vyann yo te mete apa pou Bondye yo nan chodyè, nan mamit ak nan kaswòl. Lèfini, yo prese separe vyann lan bay tout pèp la. 14 Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Seyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo. 15 Sanba yo menm, moun fanmi Asaf yo, te nan plas yo dapre lòd David, Asaf, Eyman ak Jedoutoun, pwofèt wa a, te bay. Gad pòtay Tanp yo te nan plas yo tou. Yo yonn pa kite pòs yo, paske moun Levi parèy yo t'ap pare pòsyon vyann pa yo pou yo tou. 16 Se konsa jou sa a yo te òganize tout sèvis Seyè a pou fete fèt Delivrans lan, pou boule vyann bèt yo nèt sou lotèl la pou Bondye, jan wa Jozyas te bay lòd la. 17 Pandan sèt jou, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo t'ap fete fèt Delivrans lan ak fèt Pen san ledven yo. 18 Depi sou tan pwofèt Samyèl, yo pa t' janm fete fèt Delivrans lan konsa. Pa gen yonn nan ansyen wa pèp Izrayèl yo ki te fete fèt Delivrans lan tankou Jozyas te fè l' lè sa a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo ak tout pèp peyi Jida a, moun peyi Izrayèl ki te la yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. 19 Jozyas te gen dizwitan depi li te wa lè yo te fete fèt Delivrans sa a. 20 Apre sa, lè wa Jozyas te fin fè tout reparasyon ki pou te fèt nan Tanp lan, Neko, wa peyi Lejip la, moute nan direksyon larivyè Lefrat pou l' al goumen bò lavil Kakemich. Jozyas soti al kontre l' pou anpeche l' pase. 21 Men Neko voye misyon sa a bay Jozyas: -Ou wè ou menm, wa peyi Jida, pa antre nan lagè sa a tande! M' pa vin pou m' goumen avè ou, men se avèk yon lòt nasyon mwen gen kont. Bondye di m' pa mize. Tanpri, pou pwòp byen ou, pa kenbe tèt ak Bondye ki avè m'. Konsa li p'ap detwi ou. 22 Men, Jozyas te soti pou goumen avè l'. Li derefize koute mesaj Neko te voye ba li a, mesaj ki te soti nan bouch Bondye menm. Se konsa, li degize kò l', li al goumen avè l' nan plenn Megido a. 23 Pandan batay la, sòlda ak banza yo tire sou wa Jozyas. Jozyas di moun ki te avè l' yo: -M' blese anpil. Mennen m' ale. 24 Moun li yo wete l' nan cha lagè li a, yo mete l' nan yon lòt cha li te gen la, epi yo mennen l' lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Yo antere l' nan kavo zansèt li yo. Tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm te pran gwo lapenn pou Jozyas. 25 Pwofèt Jeremi te fè yon chante pou plenn sò wa Jozyas. Depi lè sa a, se yon koutim nan peyi Izrayèl: chak fwa fi yo ak gason yo ap chante nan yon lanmò, yo chonje Jozyas. Yo mete tout chante lanmò sa yo ansanm nan yon liv. 26 Tou sa Jozyas te fè, jan li sèvi Seyè a ak tout kè li, jan li te mache dapre sa ki ekri nan Lalwa Seyè a, 27 wi, tout istwa Jozyas la nèt, depi premye jou li te moute wa rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa Wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 35:1-2
Introduction
Josiah celebrates a passover, 2Chr 35:1; regulates the courses of the priests; assigns them, the Levites, and the people, their portions; and completes the greatest passover ever celebrated since the days of Solomon, vv. 2-19. Pharaoh Necho passes with his army through Judea, 2Chr 35:20. Josiah meets and fights with him at Megiddo, and is mortally wounded, 2Chr 35:21-23. He is carried to Jerusalem, where he dies, 2Chr 35:24. Jeremiah laments for him, 2Chr 35:25. Of his acts and deeds, and where recorded, 2Chr 35:26, 2Chr 35:27.
2 Istwa 35:3-10
Verse 3
Put the holy ark in the house - It is likely that the priests had secured this when they found that the idolatrous kings were determined to destroy every thing that might lead the people to the worship of the true God. And now, as all appears to be well established, the ark is ordered to be put into its own place.
For an ample account of this passover and the reformation that was then made, see on 2Kgs 23:1 (note), etc., and the places marked in the margin.
2 Istwa 35:11-17
Verse 11
They killed the passover - The people themselves might slay their own paschal lambs, and then present the blood to the priests, that they might sprinkle it before the altar; and the Levites flayed them, and made them ready for dressing.
2 Istwa 35:18-19
Verse 18
There was no passover like to that - "That which distinguished this passover from all the former was," says Calmet, "the great liberality of Josiah, who distributed to his people a greater number of victims than either David or Solomon had done."
2 Istwa 35:20
Verse 20
Necho king of Egypt - Pharaoh the lame, says the Targum.
2 Istwa 35:21-23
Verse 21
God commanded me to make haste - The Targum gives a curious turn to this and the following verse: "My idol commanded me to make haste; refrain therefore from me and my idol which is with me, that he betray thee not. When he heard him mention his idol, he would not go back; and he hearkened not unto the words of Necho, which he spake concerning his idol." Here is the rabbinical excuse for the conduct of Josiah.
2 Istwa 35:24
Verse 24
The second chariot - Perhaps this means no more than that they took Josiah out of his own chariot and put him into another, either for secrecy, or because his own had been disabled. The chariot into which he was put might have been that of the officer or aid-de-camp who attended his master to the war. See the note on 2Kgs 22:20.
2 Istwa 35:25-26
Verse 25
Behold, they are written in the lamentations - The Hebrews had poetical compositions for all great and important events, military songs, songs of triumph, epithalamia or marriage odes, funeral elegies, etc. Several of these are preserved in different parts of the historical books of Scripture, and these were generally made by prophets or inspired men. That composed on the tragical end of this good king by Jeremiah is now lost. The Targum says, "Jeremiah bewailed Josiah with a great lamentation; and all the chiefs and matrons sing these lamentations concerning Josiah to the present day, and it was a statute in Israel annually to bewail Josiah. Behold, these are written in the book of Lamentations, which Baruch wrote down from the mouth of Jeremiah.
2 Istwa 35:27
Verse 27
And his deeds, first and last - "The former things which he did in his childhood, and the latter things which he did in his youth; and all the judgments which he pronounced from his eighth year, when he came to the kingdom, to his eighteenth, when he was grown up, and began to repair the sanctuary of the Lord; and all that he brought of his substance to the hand of judgment, purging both the house of Israel and Judah from all uncleanness; behold, they are written in the book of the Kings of the house of Israel, and of the house of Judah." - Targum. These general histories are lost; but in the books of Kings and Chronicles we have the leading facts.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
