2 Istwa 34
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Jozyas te gen witan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan tranteyennan. 2 Jozyas te fè sa ki dwat devan Seyè a. Li mache pye pou pye dèyè David, zansèt li a. Li fè tankou l' nan tou sa l'ap fè, san li pa janm fè sa ki mal. 3 Jozyas t'ap mache sou witan depi li te wa lè li konmanse chache konnen volonte Bondye David, zansèt li a. Lè sa a li te yon jenn gason toujou. Li t'ap mache sou douzan depi li te wa lè li konmanse fè detwi tout tanp zidòl, tout pòtre Achera, tout lòt estati an bwa ak an bwonz nan peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. 4 Li fè yo demoli devan je li tout lotèl kote yo te fè sèvis pou Baal yo. Li fè yo kraze tout recho kote yo te boule lansan sou lotèl yo. Li fè yo kraze an miyèt moso pòtre Achera ak pòtre tout lòt zidòl ak estati an bwonz yo. Apre sa, yo fè yo tounen poud, yo simen poud la sou tonm moun ki te konn fè sèvis pou yo. 5 Li boule zosman prèt zidòl yo sou lotèl kote yo te konn fè sèvis pou yo a. Se konsa li mete tout peyi Jida a ak lavil Jerizalèm nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 6 Li fè menm bagay la tou nan lavil ki nan zòn moun Manase, moun Efrayim, ak moun Simeyon yo rive nan zòn moun Neftali yo ak nan tout ti bouk ki te nan vwazinaj yo. 7 Nan tout peyi Izrayèl la, li fè demoli lotèl yo. Li kraze tout estati Achera yo ak lòt zidòl yo fè yo tounen poud. Yo kraze tout lotèl lansan yo an miyèt moso, lèfini li tounen lavil Jerizalèm. 8 Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a. 9 Mesye yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo. 10 Yo renmèt lajan an nan men mesye ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di, 11 bòs chapant yo ak bòs mason yo, pou yo ka achte wòch taye ak bwa yo bezwen pou sèvi sipò ak ranfò chapant tanp wa Jida yo te kite ap tonbe a. 12 Mesye yo te serye nan travay yo. Te gen kat moun Levi ki t'ap dirije yo. Se te: Joak ak Obadya, moun nan branch fanmi Merari a, Zekaraja ak Mechoulam, moun nan branch fanmi Keyat. Moun Levi ki te konn fè mizik sou enstriman yo 13 te reskonsab moun ki t'ap bwote materyo yo ak tout lòt ouvriye ki t'ap fè lòt travay yo. Te gen lòt moun Levi ki te reskonsab ekri istwa tou sa k'ap pase. Genyen ki te sekretè, genyen ki t'ap fè pòs nan papòt yo. 14 Pandan yo t'ap wete lajan yo te mete nan Tanp Seyè a, Ilkija, prèt la, jwenn liv Lalwa Seyè a te bay Moyiz pou pèp la. 15 Ilkija pale ak Chafan, sekretè a, li di l' li jwenn liv Lalwa a nan Tanp Seyè a. Epi li ba li l'. 16 Chafan pote liv la bay wa a, epi li fè rapò li, li di l' konsa: -Nou fè tou sa ou te ban nou lòd fè. 17 Yo pran tout lajan ki te nan Tanp Seyè a, yo renmèt li nan men moun ki reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan ak moun k'ap fè travay yo. 18 Lèfini, Chafan di wa a: -Ilkija, prèt la, te ban m' yon liv. Chafan li liv la pou wa a. 19 Lè wa a tande pawòl ki te ekri nan Liv la, li chire rad sou li tèlman li te sezi. 20 Lèfini, li fè rele Ilkija, prèt la, Akikam, pitit gason Chafan an, Abdon, pitit Mikaja a, Chafan, sekretè a, ak Asaja, nèg konfyans wa a. Li ba yo lòd sa a: 21 -Ale chache konnen sa Seyè a vle nou fè, mwen menm ansanm ak tout rès pèp li a ki rete nan peyi Jida ak nan peyi Izrayèl la. Chache konnen sa pou n' fè ak pawòl ki nan liv nou jwenn lan. Seyè a move anpil sou nou, paske zansèt nou yo pa t' koute pawòl Seyè a, ni yo pa t' fè tou sa ki ekri nan liv la. 22 Se konsa, Ilkija ansanm ak lòt mesye wa a te chwazi yo al kay Oulda, yon pwofèt fanm ki te rete nan katye yo te fèk bati lavil Jerizalèm lan. Oulda sa a te madanm yon nonm yo te rele Chaloum, pitit Tokeyat, pitit pitit Asra a, ki te reskonsab rad yo sèvi nan Tanp lan. Yo esplike Oulda tou sa ki rive. 23 Oulda di yo konsa: -Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bò kote m' lan 24 men mesaj Seyè a voye ba li: Mwen pral voye yon malè sou lavil Jerizalèm ansanm ak sou tout moun li yo, jan sa ekri nan liv yo li pou wa peyi Jida a. 25 Moun lavil Jerizalèm yo vire do ban mwen. Yo fè sèvis pou lòt bondye. Avèk tout zak sa yo, mwen move anpil sou lavil Jerizalèm. Kòlè m' poko ap pase. 26 Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la. 27 Sa fè kè ou fè ou mal, ou desann ou devan mwen lè ou tande deklarasyon mwen fè sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Wi, lè ou tande sa, ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutèt sa mwen menm tou mwen tande ou. Se mwen menm, Seyè a, k'ap di ou sa. 28 Ou menm, w'ap mouri nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansèt ou yo. Ou p'ap gen tan wè malè m'ap voye sou lavil Jerizalèm ak sou moun ki rete ladan l' yo. Mesye yo tounen rapòte mesaj la bay wa Jozyas. 29 Lè sa a, wa a voye misyon bay tout chèf fanmi nan lavil Jerizalèm ak nan tout peyi Jida a, pou yo reyini ansanm avè l'. 30 Apre sa, wa a moute nan Tanp Seyè a ansanm ak prèt yo, moun Levi yo, tout moun peyi Jida yo, moun ki rete lavil Jerizalèm yo ak tout rès pèp la, grannèg kou tinèg. Wa a kanpe devan yo tout, li li byen fò tou sa ki nan liv Kontra yo te jwenn nan Tanp Seyè a. 31 Lè li fini, li rete kanpe nan plas rezève pou li bò gwo poto a, li pran angajman devan Seyè a pou li fè volonte Seyè a, pou li mache dapre kòmandman, prensip ak lalwa Bondye yo ak tout kè li ak tout nanm li, lèfini pou l' kenbe tout kondisyon kontra ki ekri nan liv la. 32 Apre sa, wa a fè tout moun ki te lavil Jerizalèm ansanm ak moun branch fanmi Benjamen yo pran menm angajman an tou. Depi lè sa a, moun lavil Jerizalèm yo mache dapre kontra yo te pase ak Bondye zansèt yo a. 33 Jozyas fè disparèt tout vye zidòl sal nan peyi ki te pou moun pèp Izrayèl yo. Li mete tout moun ki te rete nan peyi Izrayèl la nan obligasyon pou yo sèvi Seyè a, Bondye yo a. Se konsa pandan tout tan Jozyas te vivan an, tout pèp la te kenbe pye Seyè a, Bondye zansèt yo a, fèm.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 34:1
Introduction
Josiah reigns thirty-one years; destroys idolatry in Judah, as also in Manasseh, Ephraim, Simeon, and even to Naphtali, 2Chr 34:1-7. He begins to repair the temple, and collects money for the purpose, and employs workmen, 2Chr 34:8-13. Hilkiah the priest finds the book of the law in the temple, which is read by Shaphan before the king, 2Chr 34:14-19. He is greatly troubled, and consults Huldah the prophetess, 2Chr 34:20-22. Her exhortation, and message to the king, 2Chr 34:23-28. He causes it to be read to the elders of Judah, and they make a covenant with God, 2Chr 34:29, 2Chr 34:32. Josiah reforms every abomination, and the people serve God all his days, 2Chr 34:33.
2 Istwa 34:2-3
Verse 2
He declined neither to the right hand, nor to the left - He never swerved from God and truth; he never omitted what he knew to be his duty to God and his kingdom; he carried on his reformation with a steady hand; timidity did not prevent him from going far enough; and zeal did not lead him beyond due bounds. He walked in the golden mean, and his moderation was known unto all men. He went neither to the right nor to the left, he looked inward, looked forward, and looked upward. Reader, let the conduct of this pious youth be thy exemplar through life.
2 Istwa 34:4
Verse 4
The altars of Baalim - How often have these been broken down, and how soon set up again! We see that the religion of a land is as the religion of its king. If the king were idolatrous, up went the altars, on them were placed the statues, and the smoke of incense ascended in ceaseless clouds to the honor of that which is vanity, and nothing to the world; on the other hand, when the king was truly religious, down went the idolatrous altars, broken in pieces were the images, and the sacrificial smoke ascended only to the true God: in all these cases the people were as one man with the king.
2 Istwa 34:5
Verse 5
He burnt the bones of the priests - כומריא kumeraiya, the kemarim, says the Targum. See this word explained, 2Kgs 23:5 (note).
2 Istwa 34:6-8
Verse 6
The cities of Manasseh - Even those who were under the government of the Israelitish king permitted their idols and places of idolatry to be hewn down and destroyed: after the truth was declared and acknowledged, the spade and the axe were employed to complete the reformation.
2 Istwa 34:9-11
Verse 9
And they returned to Jerusalem - Instead of וישבו vaiyashubu, "they returned," we should read יושבי yoshebey, "the inhabitants;" a reading which is supported by many MSS., printed editions, and all the versions, as well as by necessity and common sense. See the note on 2Chr 19:8, where a similar mistake is rectified.
2 Istwa 34:12-13
Verse 12
All that could skill of instruments of music - Did the musicians play on their several instruments to encourage and enliven the workmen? Is not this a probable case from their mention here? If this were really the case, instrumental music was never better applied in any thing that refers to the worship of God. It is fabled of Orpheus, a most celebrated musician, that such was the enchanting harmony of his lyre, that he built the city of Thebes by it: the stones and timbers danced to his melody; and by the power of his harmony rose up, and took their respective places in the different parts of the wall that was to defend the city! This is fable; but as all fable is a representation of truth, where is the truth and fact to which this refers? How long has this question lain unanswered! But have we not the answer now? It is known in general, that the cities of Herculaneum and Pompeii were overwhelmed by an eruption of Mount Vesuvius, about the seventy-ninth year of the Christian era. It is also known that, in sinking for wells, the workmen of the king of Naples lighted on houses, etc., of those overwhelmed cities; that excavations have been carried on, and are now in the act of being carried on, which are bringing daily to view various utensils, pictures, and books, which have escaped the influence of the burning lava; and that some of those parchment volumes have been unrolled, and facsimiles of them engraved and published; and that our late Prince Regent, afterwards George IV., king of Great Britain, expended considerable sums of money annually in searching for, unrolling, and deciphering those rolls. This I record to his great credit as the lover of science and literature. Now, among the books that have been unrolled and published, is a Greek Treatise on Music, by Philodemus; and here we have the truth represented which lay hidden under the fables of Orpheus and Amphion. This latter was a skillful harper, who was frequently employed by the Theban workmen to play to them while engaged in their labor, and for which they rewarded him out of the proceeds of that labor. So powerful and pleasing was his music, that they went lightly and comfortably through their work; and time and labor passed on without tedium or fatigue; and the walls and towers were speedily raised. This, by a metaphor, was attributed to the dulcet sounds of his harp; and poetry seized on and embellished it, and mythology incorporated it with her fabulous system. Orpheus is the same. By his skill in music he drew stones and trees after him, i.e., he presided over and encouraged the workmen by his skill in music. Yet how simple and natural is the representation given by this ancient Greek writer of such matters! See Philodemus, Col. viii. and ix. Orpheus, and Amphion, by their music, moved the workmen to diligence and activity, and lessened and alleviated their toil. May we not suppose, then, that skillful musicians among the Levites did exercise their art among the workmen who were employed in the repairs of the house of the Lord? May I be allowed a gentle transition? Is it not the power and harmony of the grace of Jesus Christ in the Gospel, that convert, change, and purify the souls of men, and prepare them for and place them in that part of the house of God, the New Jerusalem? A most beautiful and chaste allusion to this fact and fable is made by an eminent poet, while praying for his own success as a Christian minister, who uses all his skill as a poet and musician for the glory of God: -
Thy own musician, Lord, inspire,
And may my consecrated lyre
Repeat the psalmist's part!
His Son and thine reveal in me,
And fill with sacred melody
The fibres of my heart.
So shall I charm the listening throng,
And draw the Living Stones along
By Jesus' tuneful name.
The living stones shall dance, shall rise,
And Form a City in the skies,
The New Jerusalem.
Charles Wesley.
2 Istwa 34:14-21
Verse 14
Found a book of the law - See on 2Kgs 22:8 (note).
2 Istwa 34:22-26
Verse 22
Huldah the prophetess - See on 2Kgs 22:14 (note).
2 Istwa 34:27
Verse 27
Because thine heart was tender - "Because thy heart was melted, and thou hast humbled thyself in the sight of the Word of the Lord, מימרא דיי meymera daya, when thou didst hear his words, ית פתגמוי yath pithgamoi, against this place," etc. Here the Targum most evidently distinguishes between מימרא meymera, the Personal Word, and פתגם pithgam, a word spoken or expressed.
2 Istwa 34:28-29
Verse 28
Gathered to thy grave in peace - See particularly the note on 2Kgs 22:20 (note).
2 Istwa 34:30
Verse 30
The king went - See on 2Kgs 23:1 (note).
2 Istwa 34:31
Verse 31
Made a covenant - See on 2Kgs 23:3 (note). And see the notes on that and the preceding chapter, 2 Chronicles 33 (note), for the circumstances detailed here.
2 Istwa 34:32-33
Verse 32
To stand to it - It is likely that he caused them all to arise when he read the terms of the covenant, and thus testify their approbation of the covenant itself, and their resolution to observe it faithfully and perseveringly.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
