Kòmanse

2 Istwa 36

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Moun peyi Jida yo chwazi Joakaz, pitit gason Joas la, yo mete l' wa nan plas papa l'. 2 Joakaz te gen venntwazan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan twa mwa. 3 Neko, wa peyi Lejip la, mete l' atè, li fòse peyi Jida a ba li sètmil senksan (07500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. 4 Apre sa, Neko pran Elyakim, frè Joakaz, li mete l' wa nan plas li. Lè sa a, li chanje non Elyakim, li rele l' Jojakim. Lèfini, li pran Joakaz, li mennen l' nan peyi Lejip. 5 Jojakim te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan onzan. Li te fè sa ki mal devan Seyè a, Bondye li a. 6 Nebikadneza, wa Babilòn, anvayi peyi Jida, li fè wa Jojakim prizonye, li mete l' anba chenn doub, li mennen l' lavil Babilòn. 7 Nebikadneza pran tout bèl bagay ki te nan Tanp Seyè a, li pote yo lavil Babilòn, li mete yo nan tanp bondye pa l'. 8 Tout rès istwa Jojakim lan, jan li te sèvi vye zidòl yo ak tout mechanste li te fè yo, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. Se Jojakin, pitit li, ki moute wa nan plas li. 9 Jojakin te gen dizwitan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan twa mwa dis jou. Li menm tou, li te fè sa ki mal devan Seyè a. 10 Nan sezon prentan ki vin apre sa, wa Nebikadneza fè Jojakin prizonye, li mennen l' lavil Babilòn. Li pran tout richès ki te nan Tanp Seyè a pote ale. Apre sa, Nebikadneza pran Sedesyas, frè papa Jojakin, li mete l' wa lavil Jerizalèm nan peyi Jida. 11 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. 12 Li fè sa ki mal devan Seyè a, li pa t' soumèt devan pwofèt Jeremi ki t'ap pale pawòl Bondye nan zòrèy li. 13 Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. 14 Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm. 15 Seyè a, Bondye zansèt yo a, pa t' manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pa t' vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a. 16 Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Seyè a te vin sitèlman fache pa t' gen rechap pou yo ankò. 17 Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a. 18 Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn. 19 Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo. 20 Li pran tout moun ki pa t' mouri yo, li depòte yo lavil Babilòn kote yo sèvi l', li menm ansanm ak pitit li yo, tankou esklav, jouk gouvènman an pase nan men wa peyi Pès la. 21 Se konsa, sa Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an rive vre: Pandan swasanndizan tè a pral rete san yon moun ladan l', li pral pran repo pou tout jou repo yo pa t' janm ba li a. 22 Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la: 23 -Mwen menm Siris, wa peyi Pès la, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm nan peyi Jida. Nou mande pou Bondye pèp sa a beni tout moun ki fè pati pèp Izrayèl la, pou yo moute lavil Jerizalèm.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 36:1-2

Introduction

Jehoahaz made king on the death of his father Josiah, and reigns only three months, 2Chr 36:1, 2Chr 36:2. He is dethroned by the king of Egypt, and Jehoiakim his brother made king in his stead, who reigns wickedly eleven years, and is dethroned and led captive to Babylon by Nebuchadnezzar, 2Chr 36:3-8. Jehoiachin is made king in his stead, and reigns wickedly three months and ten days, and is also led captive to Babylon, 2Chr 36:9, 2Chr 36:10. Zedekiah begins to reign, and reigns wickedly eleven years, 2Chr 36:11, 2Chr 36:12. He rebels against Nebuchadnezzar, and he and his people cast all the fear of God behind their backs; the wrath of God comes upon them to the uttermost; their temple us destroyed; and the whole nation is subjugated, and led into captivity, 2Chr 36:13-21. Cyrus, king of Persia, makes a proclamation to rebuild the temple of the Lord, 2Chr 36:22, 2Chr 36:23.

Verse 1

Took Jehoahaz - It seems that after Necho had discomfited Josiah, he proceeded immediately against Charchemish, and in the interim, Josiah dying of his wounds, the people made his son king.

2 Istwa 36:3-5

Verse 3

The king of Egypt put him down - He now considered Judah to be conquered, and tributary to him and because the people had set up Jehoahaz without his consent, he dethroned him, and put his brother in his place, perhaps for no other reason but to show his supremacy. For other particulars, see the notes on 2Kgs 23:31-35 (note).

2 Istwa 36:6-8

Verse 6

Came up Nebuchadnezzar - See the notes on 2Kgs 24:1.

Archbishop Usher believes that Jehoiakim remained three years after this tributary to the Chaldeans, and that it is from this period that the seventy years' captivity, predicted by Jeremiah, is to be reckoned.

2 Istwa 36:9

Verse 9

Jehoiachin was eight - See on 2Kgs 24:6-15 (note).

2 Istwa 36:10-11

Verse 10

Made Zedekiah - king - His name was at first Mattaniah, but the king of Babylon changed it to Zedekiah. See 2Kgs 24:17 (note), and the notes there.

2 Istwa 36:12-18

Verse 12

Did that which was evil - Was there ever such a set of weak, infatuated men as the Jewish kings in general? They had the fullest evidence that they were only deputies to God Almighty, and that they could not expect to retain the throne any longer than they were faithful to their Lord; and yet with all this conviction they lived wickedly, and endeavored to establish idolatry in the place of the worship of their Maker! After bearing with them long, the Divine mercy gave them up, as their case was utterly hopeless. They sinned till there was no remedy.

2 Istwa 36:19-20

Verse 19

They burnt the house of God - Here was an end to the temple; the most superb and costly edifice ever erected by man.

Brake down the wall of Jerusalem - So it ceased to be a fortified city.

Burnt all the palaces - So it was no longer a dwelling-place for kings or great men.

Destroyed all the goodly vessels - Beat up all the silver and gold into masses, keeping only a few of the finest in their own shape. See 2Chr 36:18.

2 Istwa 36:22

Verse 22

Now in the first year of Cyrus - This and the following verse are supposed to have been written by mistake from the book of Ezra, which begins in the same way. The book of the Chronicles, properly speaking, does close with the twenty-first verse, as then the Babylonish captivity commences, and these two verses speak of the transactions of a period seventy years after. This was in the first year of the reign of Cyrus over the empire of the East which is reckoned to be A.M. 3468. But he was king of Persia from the year 3444 or 3445. See Calmet and Usher.

2 Istwa 36:23

Verse 23

The Lord his God be with him - "Let the Word of the Lord be his helper, and let him go up." - Targum. See the notes on the beginning of Ezra.

Thus ends the history of a people the most fickle, the most ungrateful, and perhaps on the whole the most sinful, that ever existed on the face of the earth. But what a display does all this give of the power, justice, mercy, and long-suffering of the Lord! There was no people like this people, and no God like their God.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.