2 Istwa 28
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Akaz te gen ventan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' fè sa ki dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'. 2 Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo. 3 Li fè boule lansan pou yo nan Fon Benninon an, li ofri pwòp pitit gason l' yo pou yo boule yo dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo. 4 Li fè touye bèt, boule lansan nan tout tanp zidòl yo, sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa. 5 Poutèt tout bagay sa yo, Seyè a, Bondye Akaz la, lage l' nan men wa peyi Siri a. Moun Siri yo bat li. Yo fè anpil moun peyi a prizonye, yo mennen yo lavil Damas. Konsa tou, Seyè a lage l' nan men wa peyi Izrayèl la ki bat li byen bat. 6 Se konsa, yon sèl jou Peka, pitit Remalya, touye sanvenmil (0120.000) sòlda, tout vanyan gason, nan peyi Jida a, paske pèp la te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. 7 Zikri, yon vanyan sòlda peyi Efrayim, touye Maseja, pitit wa a, Azrikam, chèf palè a, ak Elkana, chèf ki vin apre wa a. 8 Atout moun peyi Jida yo te fanmi moun peyi Izrayèl yo, moun peyi Izrayèl yo fè desanmil (0200.000) moun prizonye, fanm ak timoun, yo piye peyi a, yo pran yon pakèt bagay pote ale lavil Samari. 9 Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj. 10 Koulye a menm, nou soti pou nou fè moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo tounen esklav pou sèvi nou. Men nou menm poutèt pa nou, lè nou fè sa, èske nou pa fè sa ki mal tou devan Seyè a, Bondye nou an? 11 Koute sa m'ap di nou: Prizonye sa yo se frè ak sè nou yo ye. Kite yo tounen lakay yo, paske se sou nou Seyè a move koulye a. 12 Lè sa a, kat nan gwo chèf moun peyi Efrayim yo: Azarya, pitit Jokanan, Berekya, pitit Mesilemòt, Ezekya, pitit Chaloum, ak Amasa, pitit Adlayi, leve dèyè moun ki te soti nan lagè yo. 13 Yo di yo: -Pa mennen prizonye sa yo isit la! Si nou fè sa n'ap antò devan Seyè a. Nou deja fè kont peche nou konsa, Seyè a tou move sou pèp Izrayèl la, pou n'ap vin mete ankò sou sa nou fè ki mal ak sou peche nou yo! 14 Se konsa sòlda yo renmèt prizonye yo ak tou sa yo te pran bay chèf yo ak tout pèp la. 15 Lè sa a, yo chwazi kat menm mesye sa yo pou yo reskonsab prizonye yo. Yo pran rad nan bagay sòlda yo te piye yo, yo mete sou moun ki te toutouni yo, yo biye yo, mete sapat nan pye yo, yo ba yo manje, yo ba yo bwè. Yo mete renmèd sou tout kote yo te blese. Yo fè tou sa ki te twò fèb yo moute bourik, yo mennen tout prizonye yo tounen lavil Jeriko, lavil Palmis yo, yo renmèt yo bay fanmi yo. Lèfini, yo tounen tounen yo lavil Samari. 16 Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou, 17 paske moun peyi Edon yo te fè yon pase nan peyi a ankò. Yo bat lame peyi Jida a, yo fè anpil moun prizonye. 18 Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo. 19 Seyè a te voye tout malè sa yo sou peyi Jida a poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l' te vire do bay Bondye nèt. 20 Men Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l' ede l', li kraze l' pi mal. 21 Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen. 22 Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a. 23 Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la. 24 Akaz pran tout veso ki te nan Tanp Bondye a, li kraze yo an miyèt moso. Li kondannen pòt Tanp Seyè a. Li fè fè lòt lotèl pou lòt bondye yo toupatou nan lavil Jerizalèm. 25 Li bati tanp nan tout lavil ak ti bouk nan peyi Jida pou boule lansan pou lòt bondye yo. Se konsa li fè Seyè a, Bondye zansèt li yo, fache anpil sou li. 26 Tout rès istwa Akaz la ak tou sa li te fè depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jou a, n'a jwenn tou sa ekri nan Liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo. 27 Lè li mouri, yo antere l' lavil Jerizalèm, men yo pa t' mete l' nan tonm wa Izrayèl yo. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 28:1-2
Introduction
Ahaz succeeds his father Jotham, and reigns wickedly for sixteen years, 2Chr 28:1. He restores idolatry in its grossest forms, 2Chr 28:2-4; and is delivered Into the hands of the kings of Israel and Syria, 2Chr 28:5. Pekah slays one hundred and twenty thousand Jews in one day, and carries away captive two hundred thousand of the people, whom, at the instance of Oded the prophet, they restore to liberty, and send home, clothed and fed, 2Chr 28:6-15. Ahaz sends to the king of Assyria for help against the Edomites, Philistines, etc., from whom he receives no effectual succor, 2Chr 28:16-21. He sins yet more, spoils and shuts up the temple of God, and propagates idolatry throughout the land, 2Chr 28:22-25. A reference to has acts, his death, and burial, 2Chr 28:26, 2Chr 28:27.
Verse 1
Ahaz was twenty years old - For the difficulties in this chronology, see the notes on 2Kgs 16:2 (note).
2 Istwa 28:3-4
Verse 3
Burnt his children in the fire - There is a most remarkable addition here in the Chaldee which I shall give at length: "Ahaz burnt his children in the fire; but the Word of the Lord snatched Hezekiah from among them; for it was manifest before the Lord that the three righteous men, Hananiah, Mishael, and Azariah, were to proceed from him; who should deliver up their bodies that they might be cast into a burning fiery furnace, on account of the great and glorious Name, (יהוה) and from which they should escape. First, Abram escaped from the furnace of fire among the Chaldeans, into which he had been cast by Nimrod, because he would not worship their idols. Secondly, Tamar escaped burning in the house of judgment of Judah, who had said, Bring her out, that she may be burnt. Thirdly, Hezekiah the son of Ahaz escaped from the burning, when Ahaz his father cast him into the valley of the son of Hinnom, on the altars of Tophet. Fourthly, Hananiah, Mishael, and Azariah, escaped from the burning fiery furnace of Nebuchadnezzar king of Babylon. Fifthly, Joshua, the son of Josedek the high priest, escaped, when the impious Nebuchadnezzar had cast him into a burning fiery furnace, with Achaab the son of Kolia, and Zedekiah the son of Maaseiah, the false prophet. They were consumed by fire; but Joshua the son of Josedek escaped because of his righteousness."
2 Istwa 28:5
Verse 5
Delivered him into the hand of the king of Syria - For the better understanding of these passages, the reader is requested to refer to what has been advanced in the notes on the sixteenth chapter of 2Kgs 16:5, etc.
2 Istwa 28:6-8
Verse 6
A hundred and twenty thousand - It is very probable that there is a mistake in this number. It is hardly possible that a hundred and twenty thousand men could have been slain in one day; yet all the versions and MSS. agree in this number. The whole people seem to have been given up into the hands of their enemies.
2 Istwa 28:9-15
Verse 9
But a prophet of the Lord - whose name was Oded - To this beautiful speech nothing can be added by the best comment; it is simple, humane, pious, and overwhelmingly convincing: no wonder it produced the effect mentioned here. That there was much of humanity in the heads of the children of Ephraim who joined with the prophet on this occasion, the fifteenth verse sufficiently proves. They did not barely dismiss these most unfortunate captives, but they took that very spoil which their victorious army had brought away; and they clothed, fed, shod, and anointed, these distressed people, set the feeblest of them upon asses, and escorted them safely to Jericho. We can scarcely find a parallel to this in the universal history of the wars which savage man has carried on against his fellows, from the foundation of the world.
2 Istwa 28:16-20
Verse 16
The kings of Assyria to help him - Instead of מלכי malchey; Kings; the Vulgate, Syriac, Arabic, and Chaldee, one MS., and the parallel place, 2Kgs 16:7, have מלך melek, King, in the singular number. This king was Tiglath-pileser, as we learn from the second book of Kings.
2 Istwa 28:21-22
Verse 21
But he helped him not - He did him no ultimate service. See the note on 2Kgs 16:9.
After 2Kgs 16:15, the 23d, 24th, and 25th verses are introduced before the 16th, in the Syriac and Arabic, and the 22d verse is wholly wanting in both, though some of the expressions may be found in the twenty-first verse.
2 Istwa 28:23
Verse 23
He sacrificed unto the gods of Damascus, which smote him - "This passage," says Mr. Hallet, "greatly surprised me; for the sacred historian himself is here represented as saying, The gods of Damascus had smitten Ahaz. But it is impossible to suppose that an inspired author could say this; for the Scripture everywhere represents the heathen idols as nothing and vanity, and as incapable of doing either good or hurt. All difficulty is avoided if we follow the old Hebrew copies, from which the Greek translation was made, Και ειπεν ὁ βασιλεις Αχαζ, εκζητησω τους Θεους Δαμασκου τους τυπτοντας με, And King Ahaz said, I Will Seek to the Gods of Damascus Which Have Smitten Me; and then it follows, both in Hebrew and Greek, He said moreover, Because the gods of the king of Syria help them; therefore will I sacrifice to them, that they may help me. Both the Syriac and Arabic give it a similar turn; and say that Ahaz sacrificed to the gods of Damascus, and said, Ye are my gods and my lords; you will I worship, and to you will I sacrifice."
2 Istwa 28:24-26
Verse 24
Shut up the doors - He caused the Divine worship to be totally suspended; and they continued shut till the beginning of the reign of Hezekiah, one of whose first acts was to reopen them, and thus to restore the Divine worship, 2Chr 29:3.
2 Istwa 28:27
Verse 27
The kings of Israel - It is a common thing for the writer of this book to put Israel for Judah. He still considers them as one people, because proceeding from one stock. The versions and MSS. have the same reading with the Hebrew; the matter is of little importance, and with this interpretation none can mistake.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
