2 Istwa 22
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Yon bann arab te anvayi kan lame a, yo te touye tout gran pitit gason Joram yo. Sèl Okozyas, dènye pitit gason l' lan, te rete. Se konsa pèp Jerizalèm lan fè Okozyas wa nan plas papa l'. 2 Okozyas te gen venndezan lè li moute wa. Li gouvènen lavil Jerizalèm pandan yon sèl lanne. Manman l' te rele Atali, pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri. 3 Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsèy. 4 Li fè sa ki mal nan je Seyè a paske, apre lanmò papa l', se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l' nèt. 5 Li koute konsèy yo, li mete tèt ansanm ak Joram, pitit pitit Akab, wa peyi Izrayèl la, pou al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt lavil Ramòt nan peyi Galarad. Moun Siri yo blese Joram. 6 Joram tounen lavil Jizreyèl pou l' te refè anba blese li te pran nan batay li t'ap mennen kont Azayèl, wa peyi Siri a, lavil Ramòt. Lè sa a, Okozyas moute lavil Jizreyèl pou l' vizite Joram, pitit pitit Akab, paske Joram te malad. 7 Se Bondye ki te fè Okozyas al rann Joram vizit sa a pou l' te ka kraze l'. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparèt tout fanmi Akab la. 8 Se konsa, pandan Jeou t'ap regle ak fanmi Akab la, li kontre kèk chèf peyi Jida ak ti fanmi wa Okozyas yo ki t'ap sèvi nan lame Okozyas la. Li touye tout. 9 Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fè yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fè sa l' kapab pou l' sèvi Seyè a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvènen. 10 Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa peyi Jida yo. 11 Men, lè yo t'ap touye pitit wa yo, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, pran Joas, pitit gason Okozyas la, li sere l'. Li kache l' ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan Tanp lan. Se konsa, Jozabèt, pitit fi wa Joram lan, sè menm papa ak Okozyas, epi ki te madanm Jeojada, prèt la, te sere Joas san Atali pa konn sa, kifè li pa t' mouri tou. 12 Pandan sizan Joas te rete kache nan Tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l' nouris la. Atali menm t'ap gouvènen peyi a.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 22:1
Introduction
Ahaziah beans to reign; and reigns wickedly under the counsels of his bad mother, 2Chr 22:1-4. He is slain by Jehu, who destroys all the house of Ahab, 2Chr 22:5-9. Athaliah destroys all the seed royal of Judah, except Joash, who is hidden by his nurse in the temple six years, 2Chr 22:10-12.
Verse 1
Made Ahaziah his youngest son king - All the others had been slain by the Arabians, etc.; see the preceding chapter, 2Chr 21:17 (note).
2 Istwa 22:2
Verse 2
Forty and two years old was Ahaziah - See the note on 2Kgs 8:26. Ahaziah might have been twenty-two years old, according to 2Kgs 8:26 (note), but he could not have been forty-two, as stated here, without being two years older than his own father! See the note there. The Syriac and Arabic have twenty-two, and the Septuagint, in some copies, twenty. And it is very probable that the Hebrew text read so originally; for when numbers were expressed by single letters, it was easy to mistake מ mem, Forty, for כ caph, Twenty. And if this book was written by a scribe who used the ancient Hebrew letters, now called the Samaritan, the mistake was still more easy and probable, as the difference between caph and mem is very small, and can in many instances be discerned only by an accustomed eye.
The reading in 2Kgs 8:26 is right, and any attempt to reconcile this in Chronicles with that is equally futile and absurd. Both readings cannot be true; is that therefore likely to be genuine that makes the son two years older than the father who begat him? Apage hae nugae!
2 Istwa 22:3-4
Verse 3
His mother was his counsellor - Athaliah, the wicked daughter of a wicked parent, and the wicked spouse of an unprincipled king.
2 Istwa 22:5-8
Verse 5
Went with Jehoram - See on 2Kgs 8:28 (note).
2 Istwa 22:9
Verse 9
He sought Ahaziah - See a different account 2Kgs 9:27 (note), and the note there, where the accounts are reconciled.
2 Istwa 22:10-11
Verse 10
All the seed royal of the house of Judah - Nothing but the miraculous intervention of the Divine providence could have saved the line of David at this time, and preserved the prophecy relative to the Messiah. The whole truth of that prophecy, and the salvation of the world, appeared to be now suspended on the brittle thread of the life of an infant of a year old, (see 2Chr 24:1), to destroy whom was the interest of the reigning power! But God can save by few as well as by many. He had purposed, and vain were the counter-exertions of earth and hell.
2 Istwa 22:12
Verse 12
Hid in the house of God - "In the house of the sanctuary of God." - Targum. Or, as he says on 2Chr 22:11, בקודש קודשיא bekudash kudeshaiya "in the holy of holies." To this place Athaliah had no access, therefore Joash lay concealed, he and his affectionate aunt-nurse. - See on 2Kgs 11:1 (note).
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
