2 Istwa 17

Bib La · Kreyòl Ayisyen

1 Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l'. Li ranfòse pozisyon l' devan peyi Izrayèl la. 2 Li mete sòlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvènè nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l', te pran nan peyi Efrayim lan. 3 Seyè a te kanpe avèk Jozafa, paske li te fè tankou David, granpapa l', nan konmansman rèy li. Li pa t' kouri dèyè Baal yo. 4 Li t'ap chache tout jan pou li te sèvi Bondye zansèt li a. Li te mache dapre lòd Bondye bay yo, li pa t' fè tankou wa Izrayèl yo. 5 Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li. 6 Li te pran plezi l' nan fè volonte Seyè a. Li fè disparèt tout kote yo t'ap sèvi zidòl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo. 7 Li te gen twazan depi li te wa lè li voye kèk chèf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pèp la sa pou l' fè. Men non chèf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyèl ak Mikaya. 8 Yo te gen nèf moun Levi ak de prèt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayèl, Chemiramòt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prèt yo te rele: Elichama ak Joram. 9 Avèk liv lalwa Seyè a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pèp la sa pou li fè. 10 Tout gouvènman peyi ki te vwazen ak peyi Jida a te sitèlman pè Seyè a, yo yonn pa chache fè lagè ak wa Jozafa. 11 Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan (07.700) mouton ak sètmil sètsan (07.700) kabrit fè l' kado. 12 Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l' depo. 13 Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalèm menm, li te gen anpil vanyan sòlda. 14 Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kòmandan tout chèf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil (0300.000) sòlda sou zòd li. 15 Li te gen avè l' Jokanan avèk desankatrevenmil (0280.000) sòlda sou zòd li. 16 Avè l' toujou te gen Amasya, pitit Zikri a, ak desanmil (0200.000) sòlda. Amasya sa a te pote tèt li limenm, san pesonn pa t' mande l' pou sèvi Seyè a. 17 Alatèt moun branch fanmi Benjamen yo te gen Elyada, yon vanyan sòlda, ak desanmil (0200.000) sòlda ki te gen plak pwotèj ak banza. 18 Avè l' te gen Jeozabad avèk sankatrevenmil (0180.000) sòlda byen ame pou lagè. 19 Se moun sa yo ki t'ap sèvi wa a lavil Jerizalèm, san konte lòt sòlda wa a te mete an ganizon nan lòt lavil ak ranpa nan peyi Jida a.

Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.

Kòmantè — se pa tèks Bib la

2 Istwa 17:1

2Ch 17:1-6. Jehoshaphat Reigns Well and Prospers.

1. Jehoshaphat ... strengthened himself against Israel--The temper and proceedings of the kings of Israel rendered it necessary for him to prepare vigorous measures of defense on the northern frontier of his kingdom. These consisted in filling all the fortresses with their full complement of troops and establishing military stations in various parts of the country, as well as in the cities of Mount Ephraim, which belonged to Jehoshaphat (2Ch 15:8).

2 Istwa 17:3-5

3-5. he walked in the first ways of his father David--He imitated the piety of his great ancestor in the early part of his reign before he made those unhappy lapses which dishonored his character.

and sought not unto Baalim--a term used for idols generally in contradistinction to the Lord God of his father.

2 Istwa 17:6

6. his heart was lifted up in the ways of the Lord--Full of faith and piety, he possessed zeal and courage to undertake the reformation of manners, to suppress all the works and objects of idolatry (see on 2Ch 20:33), and he held out public encouragement to the pure worship of God.

2Ch 17:7-11. He Sends Levites to Teach in Judah.

2 Istwa 17:7-11

7-11. Also in the third year of his reign he sent to his princes, ... to teach in the cities of Judah--The ordinary work of teaching devolved on the priests. But extraordinary commissioners were appointed, probably to ascertain whether the work had been done or neglected. This deputation of five princes, assisted by two priests and nine Levites, was to make a circuit of the towns in Judah. It is the first practical measure we read of as being adopted by any of the kings for the religious instruction of the people. Time and unbroken opportunities were afforded for carrying out fully this excellent plan of home education, for the kingdom enjoyed internal tranquillity as well as freedom for foreign wars. It is conformable to the pious style of the sacred historian to trace this profound peace to the "fear of the Lord having fallen on all kingdoms of the lands that were round about Judah."

2 Istwa 17:14

14. these are the numbers--The warriors were arranged in the army according to their fathers houses. The army of Jehoshaphat, commanded by five great generals and consisting of five unequal divisions, comprised one million one hundred and sixty thousand men, without including those who garrisoned the fortresses. No monarch, since the time of Solomon, equalled Jehoshaphat in the extent of his revenue, in the strength of his fortifications, and in the number of his troops.

Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.