2 Istwa 14
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Lè Abija mouri, yo antere l' lavil David la. Se Asa, pitit gason li, ki moute wa nan plas li. Sou rèy Asa, peyi a viv ak kè poze pandan dizan. 2 Asa te fè sa ki byen ak sa ki dwat devan Seyè a, Bondye l' la. 3 Li fè disparèt tout lotèl yo te bati pou bondye lòt nasyon yo ak tout kote yo te konn fè sèvis pou yo. Li fè kraze zidòl yo, li koupe estati Achera yo voye jete. 4 Li bay tout moun Jida yo lòd pou yo mache dapre volonte Seyè a, Bondye zansèt yo a, pou yo fè tou sa ki nan lalwa ak nan kòmandman Bondye yo. 5 Li fè disparèt tout kote yo te konn fè sèvis pou lòt bondye yo ansanm ak lotèl pou boule lansan pou yo nan dènye lavil nan peyi Jida a. Se konsa, pandan tout rèy li, peyi a t'ap viv ak kè poze. 6 Pandan tout tan sa a, peyi a pa t' nan dezòd, ni li pa t' nan fè lagè ak pesonn, paske Seyè a te ba li chans viv ak kè poze. Wa a pwofite tout tan sa yo, li bati gwo ranpa pou pwoteje lavil peyi Jida yo. 7 Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'. 8 Wa Asa te gen yon gwo lame. Nan lame a te gen twasanmil (0300.000) sòlda moun branch fanmi Jida ki te gen plak pwotèj ak frenn, plis desankatreven mil (0280.000) sòlda moun branch fanmi Benjamen ki te gen plak pwotèj ak banza pou voye flèch. Yo tout te vanyan sòlda. 9 Yon moun peyi Letiopi yo te rele Zera vin anvayi peyi Jida ak yon lame ki te gen yon milyon sòlda ansanm ak twasan (0300) cha lagè. Yo vanse jouk lavil Marecha. 10 Asa soti ak lame pa l' la al kontre avè l'. De lame yo pran pozisyon nan fon Zefata a, toupre Marecha. 11 Asa lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di l' konsa: -Bondye sèl Mèt, kit w'ap ede yon gwo, kit w'ap ede yon piti, pou ou se menm bagay la. Tanpri, vin ede nou koulye a, Seyè, Bondye nou an, paske se sou ou nou konte. Se nan non ou nou vin goumen ak bann moun sa yo. Seyè, se ou menm ki Bondye nou. Fè wè pesonn pa ka kenbe tèt avè ou! 12 Se konsa, Seyè a fè Asa ak lame peyi Jida a bat lame Letiopi a. Lame Letiopi a kouri met deyò. 13 Men Asa ak sòlda li yo kouri dèyè yo jouk lavil Gera. Yo touye sòlda lame Letiopi yo, yo pa kite yonn ladan yo chape. Seyè a te kraze yo tout ak lame li a. Lame a pran yon pakèt bagay lènmi yo te kite. 14 Lèfini, yo detwi tout ti bouk ki te nan zòn Gera a, paske moun la yo te pè Seyè a anpil. Lame Jida a piye lavil yo. Yo pote anpil anpil bagay ale paske moun sa yo te gen anpil byen. 15 Yo atake gadò mouton yo anba tant yo. Yo pran yon bon valè mouton ak chamo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
2 Istwa 14:1
2Ch 14:1-5. Asa Destroys Idolatry.
1. In his days the land was quiet ten years--This long interval of peace was the continued effect of the great battle of Zemaraim (compare 1Ki 15:11-14).
2 Istwa 14:2
2 Istwa 14:3
2 Istwa 14:5
5. he took away ... the high places--that is, those devoted to idolatrous rites.
took away out of all the cities of Judah the high places and the images--All public objects and relics of idolatry in Jerusalem and other cities through his kingdom were destroyed; but those high places where God was worshipped under the figure of an ox, as at Beth-el, were allowed to remain (1Ki 15:14); so far the reformation was incomplete.
2Ch 14:6-8. Having Peace, He Strengthens His Kingdom with Forts and Armies.
2 Istwa 14:6
6. he built fenced cities in Judah--(See on 1Ki 15:22).
2 Istwa 14:7
7. while the land is yet before us--that is, while we have free and undisputed progress everywhere; no foe is near; but, as this happy time of peace may not last always and the kingdom is but small and weak, let us prepare suitable defenses in case of need. He had also an army of five hundred eighty thousand men. Judah furnished the heavily armed soldiers, and Benjamin the archers. This large number does not mean a body of professional soldiers, but all capable of bearing arms and liable to be called into service.
2Ch 14:9-15. He Overcomes Zerah, and Spoils the Ethiopians.
2 Istwa 14:9
9. there came out against them Zerah the Ethiopian--This could not have been from Ethiopia south of the cataracts of the Nile, for in the reign of Osorkon I, successor of Shishak, no foreign army would have been allowed a free passage through Egypt. Zerah must, therefore, have been chief of the Cushites, or Ethiopians of Arabia, as they were evidently a nomad horde who had a settlement of tents and cattle in the neighborhood of Gerar.
a thousand thousand, and three hundred chariots--"Twenty camels employed to carry couriers upon them might have procured that number of men to meet in a short time. As Zerah was the aggressor, he had time to choose when he would summon these men and attack the enemy. Every one of these Cushite shepherds, carrying with them their own provisions of flour and water, as is their invariable custom, might have fought with Asa without eating a loaf of Zerah's bread or drinking a pint of his water" [Bruce, Travels].
2 Istwa 14:10
10. Then Asa went out against him, and they set the battle in array ... at Mareshah--one of the towns which Rehoboam fortified (2Ch 11:8), near a great southern pass in the low country of Judah (Jos 15:44). The engagement between the armies took place in a plain near the town, called "the valley of Zephathah," supposed to be the broad way coming down Beit Jibrin towards Tell Es-Safren [Robinson].
2 Istwa 14:11-13
11-13. Asa cried unto the Lord his God--Strong in the confidence that the power of God was able to give the victory equally with few as with many, the pious king marched with a comparatively small force to encounter the formidable host of marauders at his southern frontier. Committing his cause to God, he engaged in the conflict--completely routed the enemy, and succeeded in obtaining, as the reward of his victory, a rich booty in treasure and cattle from the tents of this pastoral horde.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
