1 Samyèl 22
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 David kite lavil Gat, li sove, l' al kache nan yon gwòt toupre lavil Adoulam. Lè frè l' yo ak rès fanmi li vin konn sa, yo tout desann al jwenn li la. 2 Lè sa a, tout moun ki te gen pwoblèm, tout moun ki te dwe lajan, tout moun ki pa t' kontan sitiyasyon an vin jwenn li. David vin chèf yo. Te gen katsan (0400) gason konsa antou. 3 David kite kote l' te ye a, l' ale lavil Mispa nan peyi Moab. Epi li di wa Moab la: -Tanpri, kite papa m' ak manman m' vin rete isit la lakay ou, jouk mwen rive konnen sa Bondye vle fè avè m'. 4 Se konsa David mennen papa l' ak manman l' lakay wa Moab la. Yo rete la pandan tout tan David te rete kache nan gwòt la. 5 Yon pwofèt yo rele Gad vin di David: -Piga ou rete nan gwòt la. Pati koulye a. Ale nan peyi Jida! David pati vre, l' al nan rakbwa Erèt la. 6 Sayil menm te lavil Gibeya, chita anba pye tonmaren ki sou mòn lan, avèk frenn li nan men l'. Tout chèf ki t'ap sèvi avè l' yo te kanpe la bò kote l'. Li te pran nouvèl moun te vin konnen kote David ak mesye l' yo te ye. 7 Epi Sayil di chèf ki t'ap sèvi avè l' yo: -Nou menm fanmi Benjamen yo, koute! Eske nou mete nan lide nou David, pitit gason Izayi a, pral ban nou jaden ak pye rezen tou? Eske l'ap fè nou kaptenn ak chèf nan lame li a? 8 Se poutèt sa nou tout n'ap fè konplo sou mwen. Nou yonn pa di m' pwòp pitit gason m' lan te koupe kontra ak David, pitit gason Izayi a? Pa gen yonn nan nou ki pran lapenn pou mwen. Pesonn pa vin di m' pitit gason mwen an ap moute tèt David sou do mwen, yon moun ki t'ap sèvi avè m', epi ki koulye a ap chache mwayen pou li touye m'. 9 Doèg, moun peyi Edon an ki te chèf tout moun k'ap travay ak Sayil yo, di l' konsa: -Mwen te wè David, pitit gason Izayi a lè li t' ale lavil Nòb, lakay Akimelèk, pitit gason Akitoub la. 10 Akimelèk te pale ak Seyè a pou David. Apre sa, li bay David kèk pwovizyon ansanm ak nepe Golyat, sòlda Filisti a. 11 Se konsa, wa a voye rele Akimelèk, prèt la, pitit gason Akitoub la, ansanm ak tout fanmi l' yo ki te prèt tou nan lavil Nòb. Yo tout moute kay wa a. 12 Sayil di Akimelèk: -W'ap tande m', pitit gason Akitoub la? Akimelèk reponn li: -M'ap tande ou wi, monwa! 13 Sayil mande l': -Poukisa ou mete tèt ou ansanm ak David, pitit gason Izayi a, pou nou fè konplo sou mwen? Poukisa ou ba li pwovizyon ansanm ak yon nepe? Poukisa ou pale ak Seyè a pou li? Koulye a, men li leve dèyè m', l'ap chache okazyon pou li touye m'. 14 Akimelèk reponn li: -Nan tout moun k'ap sèvi avè ou yo, pa gen yonn ki renmen ou tankou David. Se bofi ou li ye, li fè pati gad kò ou yo. Tout moun lakay ou respekte l'. 15 Se pa jòdi a premye fwa mwen pale ak Seyè a pou li, mande Bondye padon. Monwa, ou pa bezwen akize ni mwen ni pesonn nan fanmi m' n'ap fè konplo sou ou. Mwen pa konn anyen sou koze sa a, monwa! 16 Wa a di l' konsa: -Akimelèk, yo pral touye ou, ou menm ansanm ak tout fanmi ou yo. 17 Lèfini, li di gad ki te kanpe bò kote l' yo: -Touye prèt Seyè yo. Yo menm tou y'ap fè konplo ak David la. Yo te konnen byen pwòp se sove msye t'ap sove, yo pa di m' anyen. Men gad yo refize leve men yo sou prèt Seyè a pou touye yo. 18 Lè sa a, Sayil di Doèg: -Ou menm, touye prèt yo: Epi Doèg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevensenk prèt Seyè a. 19 Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout. 20 Sèl Abyata, yonn nan pitit gason Akimelèk yo, te resi chape kò l'. Li kouri l' al jwenn David. 21 Li rakonte David ki jan Sayil te masakre tout prèt Seyè yo. 22 David di l' konsa: -Depi mwen te wè Doèg, nèg peyi Edon an, la, mwen te konnen li pa t'ap pa di Sayil sa. Se mwen menm ki reskonsab lanmò tout fanmi ou yo. 23 Ou mèt rete avè m'. Ou pa bezwen pè. Koulye a Sayil pral chache touye ni ou ni mwen. Bò kote m', anyen p'ap rive ou.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 22:1
1Sa 22:1-8. David's Kindred and Others Resort to Him at Adullam.
1. David ... escaped to the cave Adullam--supposed to be that now called Deir-Dubban, a number of pits or underground vaults, some nearly square, and all about fifteen or twenty feet deep, with perpendicular sides, in the soft limestone or chalky rocks. They are on the borders of the Philistine plain at the base of the Judea mountains, six miles southwest from Beth-lehem, and well adapted for concealing a number of refugees.
his brethren and all his father's house ... went down--to escape the effects of Saul's rage, which seems to have extended to all David's family. From Beth-lehem to Deir-Dubban it is, indeed, a descent all the way.
1 Samyèl 22:2
2. every one that was in distress--(See on Jud 11:3).
1 Samyèl 22:3
3. David went thence to Mizpeh of Moab--"Mizpeh" signifies a watchtower, and it is evident that it must be taken in this sense here, for it is called "the hold" or fort (1Sa 22:4). The king of Moab was an enemy of Saul (1Sa 14:47), and the great-grandson of Ruth, of course, was related to the family of Jesse. David, therefore, had less anxiety in seeking an asylum within the dominions of this prince than those of Achish, because the Moabites had no grounds for entertaining vindictive feelings against him, and their enmity, to Saul rendered them the more willing to receive so illustrious a refugee from his court.
1 Samyèl 22:5
5. the prophet Gad said unto David, Abide not in the hold--This sound advice, no doubt, came from a higher source than Gad's own sagacity. It was right to appear publicly among the people of his own tribe, as one conscious of innocence and trusting in God; and it was expedient that, on the death of Saul, his friends might be encouraged to support his interest.
forest of Hareth--southwest of Jerusalem.
1 Samyèl 22:6
6. Saul abode ... under a tree in Ramah--literally, "under a grove on a hill." Oriental princes frequently sit with their court under some shady canopy in the open air. A spear was the early scepter.
1 Samyèl 22:7-8
7-8. Hear now, ye Benjamites--This was an appeal to stimulate the patriotism or jealousy of his own tribe, from which he insinuated it was the design of David to transfer the kingdom to another. This address seems to have been made on hearing of David's return with his four hundred men to Judah. A dark suspicion had risen in the jealous mind of the king that Jonathan was aware of this movement, which he dreaded as a conspiracy against the crown.
1Sa 22:9-16. Doeg Accuses Ahimelech.
1 Samyèl 22:9
9. Doeg ... set over the servants--Septuagint, "the mules of Saul."
1 Samyèl 22:10
10. he inquired of the Lord for him--Some suppose that this was a malicious fiction of Doeg to curry favor with the king, but Ahimelech seems to acknowledge the fact. The poor simple-minded high priest knew nothing of the existing family feud between Saul and David. The informer, if he knew it, said nothing of the cunning artifice by which David obtained the aid of Ahimelech. The facts looked against him, and the whole priesthood along with him were declared abettors of conspiracy [1Sa 22:16, 17].
1Sa 22:17-19. Saul Commands to Kill the Priests.
1 Samyèl 22:17-18
17-18. the footmen that stood about him--his bodyguard, or his runners (1Sa 8:11; 2Sa 15:1; 1Ki 1:5; 1Ki 14:28), who held an important place at court (2Ch 12:10). But they chose rather to disobey the king than to offend God by imbruing their hands in the blood of his ministering servants. A foreigner alone (Psa 52:1-3) could be found willing to be the executioner of this bloody and sacrilegious sentence. Thus was the doom of the house of Eli fulfilled [1Sa 2:30-36].
1 Samyèl 22:19
19. Nob, the city of the priests, smote he with the edge of the sword--The barbarous atrocities perpetrated against this city seem to have been designed to terrify all the subjects of Saul from affording either aid or an asylum to David. But they proved ruinous to Saul's own interest, as they alienated the priesthood and disgusted all good men in the kingdom.
1Sa 22:20-23. Abiathar Escapes and Flees after David.
1 Samyèl 22:20-23
20-23. one of the sons of Ahimelech ... escaped--This was Abiathar, who repaired to David in the forest of Hareth, rescuing, with his own life, the high priest's vestments (1Sa 23:6, 9). On hearing his sad tale, David declared that he had dreaded such a fatal result from the malice and intriguing ambition of Doeg; and, accusing himself as having been the occasion of all the disaster to Abiathar's family, David invited him to remain, because, firmly trusting himself in the accomplishment of the divine promise, David could guarantee protection to him.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
