1 Samyèl 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l' yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil. 2 Li fè David konnen sa. Li di l': -Sayil, papa m', ap chache touye ou. Denmen maten, rete sou prigad ou. Al kache kò ou yon kote. Pa soti menm. 3 Mwen menm, m'ap soti, mwen pral jwenn papa m' nan jaden kote ou kache a, m'a pale sou ou ak li. Jan l' reponn mwen, m'a fè ou konnen. 4 Jonatan t'ap bay bèl pawòl pou David devan papa l', li t'ap di konsa: -Monwa, piga ou fè David, sèvitè ou la, anyen. Li menm, li pa janm fè ou anyen. Tou sa li fè toujou sèvi ou. 5 Li riske lavi li lè l' al touye sòlda Filisti a. Se konsa Seyè a te delivre tout pèp la, se te bèl bagay. Ou te wè sa, ou te kontan. Poukisa koulye a ou ta renmen wè malè rive yon moun inonsan, ou ta vle touye David san l' pa fè anyen? 6 Sayil koute Jonatan, li fè sèman, li di l': -Mwen fè sèman devan Seyè a ki vivan, yo p'ap touye David. 7 Jonatan rele David, li rapòte l' tout pawòl sa yo. Apre sa, li mennen David bay Sayil. Epi David tanmen sèvi wa a ankò jan li te konn fè anvan an. 8 Lagè pete ankò ak moun Filisti yo. David leve al atake yo, li goumen ak yo, li bat yo byen bat, li fè yo kouri met deyò devan li. 9 Yon jou Seyè a voye yon move lespri ki desann sou Sayil. Sayil te chita lakay li, li te kenbe frenn li nan men l'. David menm t'ap jwe mizik. 10 Sayil t'ap chache kloure David nan miray la ak frenn li, men David eskive kò l', epi frenn lan al antre nan miray la. David kouri chape kò l'. Menm jou sa a, nan mitan lannwit, 11 Sayil voye kèk espyon al veye kay David la pou yo te touye l' nan maten. Men, Mikal, madan David, avèti mari l'. Li di l': -Si ou pa chape poul ou lannwit lan, denmen maten ou mouri. 12 Li fè David soti nan yon fennèt. David kouri, li chape kò l'. 13 Lè sa a, Mikal pran yon zidòl wogatwa, li mete l' kouche sou kabann lan, li pran yon zòrye fèt ak plim kabrit, li mete l' nan plas tèt la, epi li kouvri tout ak yon dra. 14 Lè moun Sayil yo vin pou pran David, Mikal di yo David kouche malad. 15 Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y' al wè David ak je yo. Li di yo: -Mennen l' isit ban mwen ak tout kabann li an pou m' fè touye l'. 16 Lè mesye yo antre anndan kay la, yo jwenn estati zidòl wogatwa a sou kabann lan ak zòrye plim kabrit la kote pou tèt la te ye a. 17 Sayil di Mikal konsa: -Poukisa ou woule m' konsa? Ou kite lènmi mwen an chape. Mikal reponn li: -Li te di m' si m' pa kite l' chape, l'ap touye m'! 18 David menm kouri chape kò l', l' al jwenn Samyèl lavil Rama. Li rakonte l' tou sa Sayil te fè l'. Apre sa, li menm ansanm ak Samyèl y' ale rete lavil Najòt. 19 Y' al di Sayil men David te lavil Najòt nan zòn Rama a. 20 Sayil voye kèk moun al arete l'. Lè yo rive, yo wè yon gwoup pwofèt ki te gen lespri Bondye a nan tèt yo, avèk Samyèl kanpe devan yo tankou chèf yo. Lamenm lespri Bondye a desann nan tèt moun Sayil te voye yo, epi yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo. 21 Yo vin di Sayil sa. Lè sa a, li voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo tou. Yon twazyèm fwa, Sayil voye lòt moun ankò. Yo menm tou, yo pran fè menm bagay ak pwofèt yo. 22 Lè sa a, Sayil leve, l' ale li menm lavil Rama. Lè li rive bò gwo sitèn dlo ki lavil Sekou a, li mande kote Samyèl ak David ye. Yo di l' yo lavil Najòt nan zòn Rama a. 23 Li pati dèyè yo. Antan l'ap mache konsa, lespri Bondye a desann nan tèt li tou. Li t'ap fè menm bagay ak pwofèt yo sou tout wout la, jouk li rive devan lavil Najòt nan zòn Rama a. 24 Li wete tout rad sou li, li fè tankou pwofèt yo devan Samyèl. Apre sa, li tonbe atè a toutouni. Li rete tout rès jounen an ak tout lannwit lan atè a konsa. Se depi lè sa a, yo di: Menm Sayil gen lè pwofèt tou?
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 19:1
Introduction
Jonathan pleads for David before Saul, who is for the present reconciled, 1Sam 19:1-7. David defeats the Philistines; and Saul becomes again envious, and endeavors to slay him, but he escapes, 1Sam 19:8-10. Saul sends men to David's house, to lie in wait for him; but Michal saves him by a stratagem, 1Sam 19:11-17. David flees to Samuel, at Ramah, 1Sam 19:18. Saul, hearing of it, sends messengers three several times to take him; but the Spirit of coming upon them, they prophesy, 1Sam 19:19-21. Saul, hearing of this, goes after David himself, and falls under the same influence, 1Sam 19:22-24.
Verse 1
That they should kill David - Nothing less than the especial interposition of God could have saved David's life, when every officer about the king's person, and every soldier, had got positive orders to despatch him.
1 Samyèl 19:2-3
Verse 2
Take heed to thyself until the morning - Perhaps the order was given to slay him the next day; and therefore Jonathan charges him to be particularly on his guard at that time, and to hide himself.
1 Samyèl 19:4
Verse 4
Jonathan spake good of David - It is evident that Jonathan was satisfied that David was an innocent man; and that his father was most unjustly incensed against him.
1 Samyèl 19:5
Verse 5
For he did put his life in his hand - The pleadings in this verse, though short, are exceedingly cogent; and the argument is such as could not be resisted.
1 Samyèl 19:6
Verse 6
He shall not be slain - In consequence of this oath, we may suppose he issued orders contrary to those which he had given the preceding day.
1 Samyèl 19:7-8
Verse 7
He was in his presence, as in times past - By Jonathan's advice he had secreted himself on that day on which he was to have been assassinated: the king having sworn that he should not be slain, David resumes his place in the palace of Saul.
1 Samyèl 19:9
Verse 9
And the evil spirit from the Lord - His envy and jealousy again returned, producing distraction of mind, which was exacerbated by diabolic influence. See on 1Sam 16:14 (note).
1 Samyèl 19:10
Verse 10
But he slipped away - He found he could not trust Saul; and therefore was continually on his watch. His agility of body was the means of his preservation at this time.
1 Samyèl 19:11
Verse 11
To slay him in the morning - When they might be able to distinguish between him and Michal his wife; for, had they attempted his life in the night season, there would have been some danger to Michal's life. Besides, Saul wished to represent him as a traitor; and consequently an attack upon him was justifiable at any time, even in the fullest daylight.
1 Samyèl 19:12
Verse 12
Let David down through a window - As Saul's messengers were sent to David's house to watch him, they would naturally guard the gate, or lie in wait in that place by which David would come out. Michal, seeing this let him down to the ground through a window probably at the back part of the house; and there being neither entrance nor issue that way, the liers in wait were easily eluded.
1 Samyèl 19:13-16
Verse 13
Michal took an image - את התרפים eth hatteraphim, the teraphim. The Hebrew word appears to mean any kind of image, in any kind of form, as a representative of some reality. Here it must have been something in the human form; because it was intended to represent a man lying in bed indisposed.
A pillow of goats' hair - Perhaps she formed the appearance of a sick man's head muffled up by this pillow or bag of goats' hair. So I think the original might be understood. The goats' hair was merely accidental; unless we could suppose that it was designed to represent the hair of David's head, which is not improbable.
1 Samyèl 19:17
Verse 17
Let me go; why should I kill thee? - That is, If thou do not let me go, I will kill thee. This she said to excuse herself to her father: as a wife she could do not less than favor the escape of her husband, being perfectly satisfied that there was no guilt in him. It is supposed that it was on this occasion that David wrote the fifty-ninth Psalm, Deliver me from mine enemies, etc.
1 Samyèl 19:18-19
Verse 18
David fled, and escaped - to Samuel - He, no doubt, came to this holy man to ask advice; and Samuel thought it best to retain him for the present, with himself at Naioth, where it is supposed he had a school of prophets.
1 Samyèl 19:20-22
Verse 20
The company of the prophets prophesying - Employed in religious exercises.
Samuel - appointed over them - Being head or president of the school at this place.
The Spirit of God was upon the messengers - They partook of the same influence, and joined in the same exercise; and thus were prevented from seizing David.
1 Samyèl 19:23
Verse 23
He went on, and prophesied - The Divine Spirit seemed to have seized him at the well of Sechu; and he went on from that prophesying - praying, singing praises, etc.; till he came to Naioth.
1 Samyèl 19:24
Verse 24
He stripped off his clothes - Threw off his royal robes or military dress, retaining only his tunic; and continued so all that day and all that night, uniting with the sons of the prophets in prayers, singing praises, and other religious exercises, which were unusual to kings and warriors; and this gave rise to the saying, Is Saul also among the prophets? By bringing both him and his men thus under a Divine influence, God prevented them from injuring the person of David. See the notes on 1Sam 10:6 (note), etc.; and see my sermon on The Christian Prophet and his Work.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
