1 Samyèl 20
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l', l' al jwenn Jonatan epi li di l': -Kisa m' fè? Kisa m' fè ki mal? Kisa m' fè papa ou pou li vle touye m' konsa? 2 Jonatan reponn li: -Mande Bondye padon, ou p'ap mouri! Papa m' pa fè anyen san li pa di m'. Pa gen rezon pou l' ta kache m' sa. Se pa vre, monchè! 3 Men David sèmante, li di l' konsa: -Papa ou konnen jan ou renmen m'. Li ka di nan kè l': mwen p'ap kite Jonatan konnen sa mwen gen lide fè a pou sa pa fè l' lapenn. M'ap fè ou sèman devan Bondye, sa ki rete pou m' mouri a pa anyen. 4 Jonatan di l': -Sa ou vle m' fè pou ou! 5 David reponn li: -Denmen se fèt lalin nouvèl. Mwen te sipoze manje ansanm ak wa a. Men, avèk pèmisyon ou, m'ap pati, mwen pral kache nan bwa jouk apre denmen nan aswè. 6 Si papa ou wè mwen pa la epi li mande pou mwen, w'a di l' mwen te mande ou pèmisyon pou m' kouri rive lakay mwen, lavil Betleyèm, paske se lè pou yo fè sèvis ofrann bèt pou yo fè chak lanne pou tout fanmi mwen. 7 Si li di li dakò, w'a konnen mwen sove. Men, si li fè kolè, w'a konnen li soti vre pou li touye m'. 8 Tanpri, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap mande ou yon favè, paske se Seyè a, Bondye menm, ki te fè ou mare zanmi avè m'. Pa kite anyen rive m'. Si m' antò, se ou menm ki pou touye m'. Pa kite m' rive devan papa ou! 9 Jonatan di li: -Wete sa nan lide ou, monchè! Si mwen vin konnen papa m' soti vre pou touye ou, m'ap avèti ou! 10 David di li: -Ki moun ki va fè m' konnen si papa ou reponn ou mal? 11 Jonatan di li: -Ann al deyò nan jaden yo. Epi yo tou de soti, y' al nan jaden yo. 12 Lèfini, Jonatan di David konsa: -Mwen pran Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m' sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen ankenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou. 13 Men, si li fè lide pou li touye ou, mwen mande Bondye pou l' ban mwen pi gwo pinisyon ki genyen, si mwen pa voye komisyon ba ou pou ou chape kò ou. Mwen mande pou Seyè a toujou la avè ou, menm jan li te konn kanpe la avèk papa m'. 14 Bon, koulye a menm, si lè sa a mwen poko mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m' devan Bondye a. Pa lage m'. 15 Toujou aji byen ak moun lakay mwen. Menm lè Seyè a va fin disparèt tout lènmi ou yo sou latè, 16 piga ou janm kase kontra zanmi nou te pase yonn ak lòt la nan non fanmi nou. Si ou kase l', se pou Bondye pini ou. 17 Jonatan fè David pwomèt li ankò l'ap toujou renmen l', paske li menm Jonatan li te renmen David tankou li renmen pwòp tèt pa li. 18 Apre sa, Jonatan di David: -Denmen se fèt lalin nouvèl la, y'ap wè ou pa la, paske plas ou ap rete vid. 19 Apre denmen y'ap wè ou pa la menm. Lè sa a, w'a desann, w'a ale kote ou te kache dènye fwa a. W'a rete kache dèyè pil wòch Ezèl la. 20 Mwen menm, m'a tire twa flèch nan direksyon pil wòch la, tankou se pil wòch la menm m'ap vize. 21 Lèfini, m'a rele domestik mwen an, m'a voye l' al chache flèch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l': Gade, flèch yo tonbe bò isit anvan yo gen tan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pè anyen, ou mèt vini. Mwen fè sèman nan non Seyè a, anyen p'ap rive ou. 22 Men, si mwen di domestik la: flèch yo tonbe bò lòt bò, yo depase kote ou ye a, leve met deyò, paske se Seyè a menm k'ap voye ou ale. 23 Pou pwomès nou fè yonn bay lòt la, Seyè a ap fè n'ap kenbe l' pou tout tan. 24 Se konsa David t' al kache kò li nan jaden yo. Lè fèt lalin nouvèl la rive, wa Sayil vin chita bò tab la pou l' manje. 25 Li te chita nan plas li, sou fotèy bò miray la. Jonatan te chita bò tab la tou anfas wa a. Abnè menm te chita sou kote wa a. Plas David la te vid. 26 Jou sa a, Sayil pa t' di anyen, paske li t'ap di nan kè l': Se yon bagay ki dwe rive l'. Li pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Sèten, li pa nan kondisyon vre pou l' sèvi Bondye. 27 Men, nan denmen, jou apre jou lalin nouvèl la, plas David la te vid ankò. Sayil mande Jonatan: -Poukisa David, pitit Izayi a, pa vin manje ni ayè, ni jòdi a? 28 Jonatan reponn li: -Li te mande m' pèmisyon pou l' al lavil Betleyèm. 29 Li te di m': Tanpri, kite m' ale paske fanmi nou ap fè yon sèvis ofrann bèt nan lavil Betleyèm. Frè m' yo te voye lòd ban mwen pou m' la. Si ou se zanmi m', kite m' al wè fanmi m' yo. Se poutèt sa li pa nan plas li bò tab wa a. 30 Sayil fè yon sèl kòlè sou Jonatan, li di l': -Ou se yon loraj kale! Koulye a mwen konnen se pran w'ap pran pou David. Se yon wont pou ou! Se yon wont pou manman ou! 31 Men, m' fè ou konnen toutotan pitit Izayi sa a vivan, ou p'ap janm wa nan peyi a, ou p'ap janm ka gouvènen. Voye chache l' mennen ban mwen. Se pou l' mouri. 32 Men Jonatan reponn: -Pouki pou yo touye l' la? Kisa li fè? 33 Lè sa a, Sayil leve frenn li tankou si li ta vle voye l' sou Jonatan. Jonatan vin wè papa l' te soti pou touye David vre. 34 Li leve soti bò tab la, li te fache anpil. Jou sa a, li pa manje anyen. Se te dezyèm jou fèt lalin nouvèl la. Sa te fè l' lapenn anpil pou David, paske papa l' te pale David mal. 35 Nan denmen maten, Jonatan leve, l' al nan jaden yo pou l' wè David jan li te pwomèt li a. Li pran yon jenn gason avè l'. 36 Epi li di l': -Kouri non. Ou pral chache flèch mwen pral tire yo. Ti gason an pran kouri. Jonatan voye flèch la pou l' depase ti gason an. 37 Lè ti gason an rive kote flèch la te tonbe a, Jonatan pale byen fò, li di l' konsa: -Flèch la pi devan an toujou! 38 Pa kanpe la konsa. Fè vit non! Ti gason an ranmase flèch la, li pote l' tounen bay mèt li. 39 Li pa t' konnen sa sa te vle di. Sèl Jonatan ak David te konnen. 40 Jonatan bay ti gason an tout zam li yo, epi li di l' pote yo tounen lavil pou li. 41 Lè ti gason an fin ale, David soti dèyè pil wòch la, li lage kò l' atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan. 42 Apre sa, Jonatan di David konsa: -Ale ak kè poze! Nou te fè sèman devan Seyè a pou nou toujou zanmi. Bondye va fè fanmi nou toujou rete zanmi tou. Lè sa a, David leve, l' ale fè wout li. Jonatan menm tounen lavil la.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Samyèl 20:1
Introduction
David complains to Jonathan of Saul's enmity against him; Jonathan comforts him, 1Sam 20:1-10. They walk out into the field, and renew their covenant, 1Sam 20:11-17. David asks Jonathan's leave to absent himself from Saul's court; and Jonathan informs him how he shall ascertain the disposition of his father towards him, 1Sam 20:18-23. David hides himself; is missed by Saul; Jonathan is questioned concerning his absence; makes an excuse for David; Saul is enraged, and endeavors to kill Jonathan, 1Sam 20:24-33. Jonathan goes out to the field; gives David the sign which they had agreed on, and by which he was to know that the king had determined to take away his life, 1Sam 20:34-39. He sends his servant back into the city; and then he and David meet, renew their covenant, and have a very affectionate parting, 1Sam 20:40-42.
Verse 1
David fled from Naioth - On hearing that Saul had come to that place, knowing that he was no longer in safety, he fled for his life.
1 Samyèl 20:2
Verse 2
My father will do nothing - Jonathan thought that his father could have no evil design against David, because of the oath which he had sworn to himself 1Sam 19:6; and at any rate, that he would do nothing against David without informing him.
1 Samyèl 20:3-4
Verse 3
There is but a step between me and death - My life is in the most imminent danger. Your father has, most assuredly, determined to destroy me.
The same figure used here, there is but a step between me and death, may be found in Juvenal, who, satirizing those who risk their lives for the sake of gain in perilous voyages, speaks thus: -
I nune et ventis animam committe, dolato
Confisus ligno, digitis a morte remotus
Quatuor aut septem, si sit latissima teda.
Sat. xii., ver. 57. "Go now, and commit thy life to the winds, trusting to a hewn plank, four or seven fingers thick, if the beam out of which it has been cut have been large enough."
1 Samyèl 20:5-7
Verse 5
To-morrow is the new moon - The months of the Hebrews were lunar months, and they reckoned from new moon to new moon. And as their other feasts, particularly the passover, were reckoned according to this, they were very scrupulous in observing the first appearance of each new moon. On these new moons they offered sacrifices, and had a feast; as we learn from Num 10:10; Num 28:11. And we may suppose that the families, on such occasions, sacrificed and feasted together. To this David seems to refer; but the gathering together all the families of a whole tribe seems to have taken place only once in the year. There is a yearly sacrifice there for all the family, 1Sam 20:6.
1 Samyèl 20:8-9
Verse 8
If there be in me iniquity - If thou seest that I am plotting either against the state, or the life of thy father, then slay me thyself.
1 Samyèl 20:10
Verse 10
Who shall tell me? - Who shall give me the necessary information? What means wilt thou use to convey this intelligence to me?
1 Samyèl 20:11
Verse 11
Come, and let us go out into the field - In answer to David's question, he now shows him how he shall convey this intelligence to him.
1 Samyèl 20:12
Verse 12
Jonathan said - O Lord God of Israel - There is, most evidently, something wanting in this verse. The Septuagint has, The Lord God of Israel doth Know. The Syriac and Arabic, The Lord God of Israel is Witness. Either of these makes a good sense. But two of Dr. Kennicott's MSS. supply the word חי chai, "liveth;" and the text reads thus, As the Lord God of Israel Liveth, when I have sounded my father - if there be good, and I then send not unto thee, and show it thee, the Lord do so and much more to Jonathan. This makes a still better sense.
1 Samyèl 20:13
Verse 13
The Lord be with thee, as he hath been with my father - From this, and other passages here it is evident that Jonathan knew that the Lord had appointed David to the kingdom.
1 Samyèl 20:14-19
Verse 14
Show me the kindness of the Lord - When thou comest to the kingdom, if I am alive, thou shalt show kindness to me, and thou shalt continue that kindness to my family after me.
1 Samyèl 20:20-24
Verse 20
I will shoot three arrows - Jonathan intended that David should stay at the stone Ezel, where probably there was some kind of cave, or hiding place; that, to prevent all suspicion, he would not go to him himself, but take his servant into the fields, and pretend to be exercising himself in archery; that he would shoot three arrows, the better to cover his design; and that, if he should say to his servant, who went to bring back the arrows, "The arrows are on this side of thee," this should be a sign to David that he might safely return to court, no evil being designed; but if he should say, "The arrows are beyond thee," then David should escape for his life, Saul having determined his destruction.
1 Samyèl 20:25-28
Verse 25
The king sat upon his seat - It seems that there was one table for Saul, Jonathan, David, and Abner; Saul having the chief seat, that next to the wall. As only four sat at this table, the absence of any one would soon be noticed.
1 Samyèl 20:29
Verse 29
Our family hath a sacrifice - Such sacrifices were undoubtedly festal ones; the beasts slain for the occasion were first offered to God, and their blood poured out before him; afterwards all that were bidden to the feast ate of the flesh. This was a family entertainment, at the commencement of which God was peculiarly honored.
1 Samyèl 20:30-33
Verse 30
Thou son of the perverse rebellious woman - This clause is variously translated and understood. The Hebrew might be translated, Son of an unjust rebellion; that is, "Thou art a rebel against thy own father." The Vulgate, Fili mulieris virum ultro rapientis; "Son of the woman who, of her own accord, forces the man." The Septuagint is equally curious, Υἱε κορασιων αυτομολουντων; "Son of the damsels who came of their own accord." Were these the meaning of the Hebrew, then the bitter reflection must refer to some secret transaction between Saul and Jonathan's mother; which certainly reflects more dishonor on himself than on his brave son. Most sarcasms bear as hard upon the speaker, as they do on him against whom they are spoken. Abusive language always argues a mean, weak, and malevolent heart.
1 Samyèl 20:34-37
Verse 34
Jonathan arose - in fierce anger - We should probably understand this rather of Jonathan's grief than of his anger, the latter clause explaining the former: for he was grieved for David. He was grieved for his father - he was grieved for his friend.
1 Samyèl 20:38-39
Verse 38
Make speed, haste, stay not - Though these words appear to be addressed to the lad, yet they were spoken to David, indicating that his life was at stake, and only a prompt flight could save him.
1 Samyèl 20:40
Verse 40
Jonathan gave his artillery - I believe this to be the only place in our language where the word artillery is not applied to cannon or ordnance. The original (כלי keley) signifies simply instruments, and here means the bow, quiver, and arrows.
1 Samyèl 20:41-42
Verse 41
Until David exceeded - David's distress must, in the nature of things, be the greatest. Besides his friend Jonathan, whom he was now about to lose for ever, he lost his wife, relatives, country; and, what was most afflictive, the altars of his God, and the ordinances of religion.
Saul saw David's growing popularity, and was convinced of his own maladministration. He did not humble himself before God, and therefore became a prey to envy, pride, jealousy, cruelty, and every other malevolent temper. From him David had every thing to fear, and therefore he thought it was safer to yield to the storm, than attempt to brave it; though he could have even raised a very powerful party in Israel, had he used the means which were so much in his power. But as he neither sought not affected the kingdom, he left it to the providence of God to bring him in by such means, at such a way, and in such a time, as was most suited to his godly wisdom. He that believeth shall not make haste: God's way and time are ever the best; and he who, even in God's way, runs before he is sent, runs at random; runs without light, and without Divine strength.
Feeble, therefore, must be his own might, his own counsel, and his own wisdom: though he encompass himself with his own sparks yet this hath he at the Lord's hand - he shalt lie down in sorrow.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
Èd pou etid ki fèt ak entèlijans atifisyèl (IA). Verifye entèpretasyon enpòtan yo ak Pawòl Bondye a ak sous yo site yo. Tradisyon kretyen yo ka entèprete kèk pasaj yon lòt jan; repons sa a se pa ansèyman ofisyèl yon legliz.
Konfidansyalite: kesyon ou an ak tèks Bib la ansanm ak ekstrè kòmantè pou pasaj sa a ap voye bay Google Gemini. Ak vèsyon gratis Google la, kontni an ka sèvi pou amelyore pwodwi Google yo. Pa ekri non moun, enfòmasyon kontak oswa lòt enfòmasyon sansib oswa prive.
