1 Wa 19
Bib La · Kreyòl Ayisyen
1 Wa Akab rakonte Jezabèl, madanm li, tou sa Eli te fè, ki jan li te touye tout pwofèt Baal yo. 2 Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l': -Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo. 3 Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l' sove lavi li. Li pran domestik li avè l', l' ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la. 4 Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò, li di: -M' pa kapab ankò, Seyè! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansèt mwen yo. 5 Li lage kò l' anba pye bayawonn lan. Dòmi pran l'. Antan l' nan dòmi an, yon zanj vin souke l', li di l' konsa: -Leve ou manje! 6 Eli voye je l' gade bò kote l', li wè yon ti pen plat tankou sa yo kwit sou chabon dife ak yon krich dlo bò tèt li. Li manje, li bwè. Lèfini, li kouche, li dòmi ankò. 7 Zanj Seyè a tounen yon dezyèm fwa, li souke Eli, li leve l', li di l': -Leve ou manje, paske vwayaj la pral long anpil pou ou. 8 Eli leve, li manje, li bwè. Manje a ba li kont fòs kouraj pou li mache pandan karant jou, karant nwit jouk li rive sou mòn Orèb, mòn Bondye a. 9 Lè li rive, li antre nan yon gwòt, li pase nwit lan la. Seyè a pale ak Eli ankò, li di li: -Eli, sa w'ap fè la a? 10 Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'. 11 Seyè a di li: -Soti, vin kanpe devan Seyè a sou tèt mòn lan. M' pral pase! Seyè a vin ap pase. Yon gwo van vin leve, li pran vante byen fò, li fann mòn yo, li pete wòch yo devan Seyè a. Men Seyè a pa t' nan van an. Lè van an kase, tè a pran tranble, men Seyè a pa t' nan tranbleman tè a. 12 Lè tè a sispann tranble, te gen yon dife, men Seyè a pa t' nan dife a. Apre dife a, yon ti bri tou piti fèt, yon ti briz tou fèb vin ap soufle. 13 Lè Eli tande l', li kouvri tèt li ak gwo rad li, li soti, li kanpe devan gwòt la. Li tande yon vwa ki di l': -Eli, sa w'ap fè isit la? 14 Eli reponn: -Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m'. 15 Seyè a di li: -Ale non! Pran menm wout ou te pase nan dezè a pou vini isit la, tounen lavil Damas. W'a antre lavil Damas, w'a pran Azayèl, w'a mete l' wa peyi Siri nan non mwen. 16 Apre sa, w'a ale lakay Jeou, pitit gason Nimchi a, w'a mete l' wa peyi Izrayèl nan non mwen. Lèfini, w'a pran Elize, pitit gason Chafat, moun lavil Abèl Meola a, w'a mete l' apa nan non mwen pou l' sèvi pwofèt nan plas ou. 17 Tout moun ki va chape anba men Azayèl va tonbe anba men Jeou. Tout moun ki va chape anba men Jeou va tonbe anba men Elize. 18 Men m'ap kite sètmil (07.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo. 19 Eli pati. Li jwenn Elize, pitit gason Chafat la, ki t'ap raboure yon jaden avèk douz pè bèf. Elize t'ap raboure dènye pòsyon tè a ak douzyèm pè bèf la lè Eli pwoche bò kote l'. Eli wete gwo rad ki te sou li a, li voye l' sou Elize. 20 Menm lè a, Elize kite bèf li yo, li kouri dèyè Eli. Li di l' konsa: -Kite m' al di manman m' ak papa m' orevwa anvan. Apre sa m'a swiv ou. Eli reponn li: -Ou mèt tounen tounen ou. M' pa rete ou, mwen menm! Kisa m' fè ou la a? 21 Elize kite Eli, li tounen tounen l', li pran yon pè bèf, li touye yo. Li pran bwa jouk yo, li limen dife, li kwit vyann lan. Li bay moun ki te avè l' yo pou yo manje. Lèfini, li pati al jwenn Eli, li rete avè l'.
Kòmantè sa a an angle, jan li te pibliye a. Tèks Bib la anwo a pa chanje.
Kòmantè — se pa tèks Bib la
1 Wa 19:3
1Ki 19:1-3. Elijah Flees to Beer-sheba.
3. he arose, and went for his life--He entered Jezreel full of hope. But a message from the incensed and hard-hearted queen, vowing speedy vengeance for her slaughtered priests, dispelled all his bright visions of the future. It is probable, however, that in the present temper of the people, even she would not have dared to lay violent hands on the Lord's servant, and purposely threatened him because she could do no more. The threat produced the intended effect, for his faith suddenly failed him. He fled out of the kingdom into the southernmost part of the territories in Judah; nor did he deem himself safe even there, but, dismissing his servant, he resolved to seek refuge among the mountain recesses of Sinai, and there longed for death (Jas 5:17). This sudden and extraordinary depression of mind arose from too great confidence inspired by the miracles wrought at Carmel, and by the disposition the people evinced there. Had he remained steadfast and immovable, the impression on the mind of Ahab and the people generally might have been followed by good results. But he had been exalted above measure (2Co 12:7-9), and being left to himself, the great prophet, instead of showing the indomitable spirit of a martyr, fled from his post of duty.
1Ki 19:4-18. He Is Comforted by an Angel.
1 Wa 19:4-18
4-18. went a day's journey into the wilderness--on the way from Beer-sheba to Horeb--a wide expanse of sand hills, covered with the retem (not juniper, but broom shrubs), whose tall and spreading branches, with their white leaves, afford a very cheering and refreshing shade. His gracious God did not lose sight of His fugitive servant, but watched over him, and, miraculously ministering to his wants, enabled him, in a better but not wholly right frame of mind, by virtue of that supernatural supply, to complete his contemplated journey. In the solitude of Sinai, God appeared to instruct him. "What doest thou here, Elijah?" was a searching question addressed to one who had been called to so arduous and urgent a mission as his. By an awful exhibition of divine power, he was made aware of the divine speaker who addressed him; his attention was arrested, his petulance was silenced, his heart was touched, and he was bid without delay return to the land of Israel, and prosecute the Lord's work there. To convince him that an idolatrous nation will not be unpunished, He commissions him to anoint three persons who were destined in Providence to avenge God's controversy with the people of Israel. Anointing is used synonymously with appointment (Jud 9:8), and is applied to all named, although Jehu alone had the consecrated oil poured over his head. They were all three destined to be eminent instruments in achieving the destruction of idolaters, though in different ways. But of the three commissions, Elijah personally executed only one; namely, the call of Elisha to be his assistant and successor [1Ki 19:19], and by him the other two were accomplished (2Ki 8:7-13; 9:1-10). Having thus satisfied the fiery zeal of the erring but sincere and pious prophet, the Lord proceeded to correct the erroneous impression under which Elijah had been laboring, of his being the sole adherent of the true religion in the land; for God, who seeth in secret, and knew all that were His, knew that there were seven thousand persons who had not done homage (literally, "kissed the hand") to Baal.
1 Wa 19:19
19. Elisha the son of Shaphat--Most probably he belonged to a family distinguished for piety, and for their opposition to the prevailing calf-worship.
ploughing with twelve yoke of oxen--indicating that he was a man of substance.
Elijah ... cast his mantle upon him--This was an investiture with the prophetic office. It is in this way that the Brahmins, the Persian Sufis, and other priestly or sacred characters in the East are appointed--a mantle being, by some eminent priest, thrown across their shoulders. Elisha had probably been educated in the schools of the prophets.
1 Wa 19:20
20. what have I done to thee?--that is, Go, but keep in mind the solemn ceremony I have just performed on thee. It is not I, but God, who calls thee. Do not allow any earthly affection to detain you from obeying His call.
1 Wa 19:21
21. took a yoke of oxen--Having hastily prepared (2Sa 24:22) a farewell entertainment to his family and friends, he left his native place and attached himself to Elijah as his minister.
Konsèy: peze sou nimewo yon vèsè pou w wè kòmantè vèsè sa a.
